Annou fè tout bagay “ avèk respè e nan lòd ”
1 Pou yon kongrè distri reyisi, sa mande anpil anpil efò. Plizyè mwa alavans, Lasosyete prepare sijè ki pale sou konpòtman nou dwe genyen ni anvan, ni pandan, ni apre kongrè a. Anplis de sa, ansyen yo fè plizyè patisipasyon konsènan sa nou kapab fè pou nou byen pwofite toule twa jou kongrè a. Frè ki fè pati komite kongrè a planifye reyinyon kote yo abòde tout kesyon ki ka fè kongrè a pase byen. Tout dispozisyon sa yo, se nan bi pou tout bagay kapab fèt “ avèk respè e nan lòd ”. — 1 Kor. 14:40.
2 Pandan n ap fè efò pou nou kopere ak tout dispozisyon yo pran pou reyisit kongrè a, li bon pou nou sonje sa mande plizyè mwa, menm plizyè ane pafwa, pou yo prepare yon kongrè. Plizyè santèn frè ak sè pase anpil tan ap travay pou tout bagay ka byen chita. Sa gen ladan l lwe lokal pou fè kongrè a, chèche jwenn materyèl ki nesesè epi rasanble volontè. Tout preparasyon sa yo pote benediksyon espirityèl pou tout moun. Ki patisipasyon nou kapab bay bò kote pa nou ?
3 Annou kolabore ak dispozisyon yo pran pou transpò : Li enpòtan anpil pou nou kolabore ak dispozisyon yo pran pou transpò. Nan paj mitan Ministè Wayòm me 2000 lan nou te jwenn plizyè sijesyon ki ka pèmèt sèvis aranjman kongregasyon an mache byen. Men kèk pwen yo te abòde nan atik la : 1) Li bon pou nou respekte delè yo fikse pou nou enskri non nou e pou nou bay kontribisyon yo mande a. 2) Se pou nou fè efò pou nou la anvan lè yo fikse pou machin nan derape a. 3) Nou dwe dispoze pou nou bay moun ki malad oubyen ki granmoun plas pa nou an. 4) Se pou nou obeyi enstriksyon frè responsab yo ban nou “ pandan nou gen je nou fikse, non pa inikman sou pwòp zafè pa nou, pa enterè pèsonèl, men tou, pa enterè pèsonèl, sou pa lòt moun ”. — Fil. 2:4.
4 Nou te jwenn sijesyon tou sou nesesite pou nou pasyan lè machin nan anreta, e pou nou pa pèdi metriz nou si nou pa alèz oubyen si nou oblije kanpe pandan tout trajè a. Toujou reflechi sou efè pawòl nou ak konduit nou kapab genyen sou moun ki pa Temwen Jewova e k ap suiv ki jan n ap aji (1 Pyè 2:12). Li bon tou pou nou gen konvèsasyon espirityèl, konvèsasyon ki pozitif pandan tout trajè a. Si posib, koute kasèt Mélodies du Royaume lè nou prale e lè n ap tounen sot nan kongrè a.
5 Annou pwouve nou pa neglije mezon Bondye a : Lè yo te fin inogire miray Jerizalèm nan an 455 anvan epòk nou an, Izrayelit yo te resevwa ankourajman pou yo pa neglije mezon Jewova a (Ney. 10:39). Jodi a, kongrè yo ban nou okazyon pou nou montre apresyasyon nou pou mezon Jewova a. Ki jan ? Anvan kongrè a, li ta bon pou nou soutni dispozisyon yo pran pou yo netwaye lokal kote kongrè a pral fèt la. Se tris pou nou di sa, men pafwa se sèlman kèk grenn frè ak sè ki patisipe nan netwayaj lokal la alòske gen anpil travay ki pou fèt. E pandan kongrè a, ki jan nou ka montre nou pa neglije mezon Jewova a ? Ministè Wayòm novanm 1995, paj 2, te site plizyè bagay ki ka montre yon mank respè pou reyinyon yo, tankou manje, chifonnen papye oubyen moulen chiklèt. Prensip sa yo valab tou pou kongrè yo. — Fil. 1:27.
6 Anpil rapò siveyan itineran fè remake timoun yo konn gen abitid kouri adwat agoch pandan kongrè a ap dewoule. Paran yo gen yon gwo responsablite nan domèn sa a. Fòk yo aprann timoun yo chita pou yo suiv pwogram nan, konsa y ap montre yo gen konsiderasyon pou lòt kongresis yo. Y ap ede timoun yo tou pou yo gen respè pou mezon Jewova a depi yo tou piti. — Det. 31:12.
7 Annou onore Jewova ak sa nou posede : Menm jan avèk nou, Izrayelit yo te gen twa gwo rasanbleman chak ane. Ki sa yo te dwe sonje lè yo t apral nan kongrè sa yo ? Men ki sa Moyiz te raple yo : “ Pèsonn pa dwe parèt devan Jewova ak men yo vid. Kado ki sot nan men chak moun dwe kòresponn ak benediksyon Jewova Bondye w la ba ou. ” (Det. 16:16, 17). Wi, Izrayelit yo te dwe sonje mache ak dekwa pou yo te ka fè ofrann. Òganize yon kongrè mande anpil anpil kòb. Si lokal la se pou Lasosyete, sa mande kòb pou yo kenbe l bèl, pou yo kenbe l fre, pou yo kenbe l pwòp. Si lokal la pa pou Lasosyete, sa mande kòb pou yo lwe l epi pou yo ekipe l pou kongrè a. Nou felisite tout frè ak sè ki gen abitid vini ak yon ti kòb pou yo mete nan bwat ofrann yo. Sila yo ki pa gen abitid fè sa, nou ankouraje yo mete sa nan pwogram yo. Konsa y ap montre yo vle onore Jewova ak sa yo genyen, piti kou l ye. — Pwo. 3:9.
8 Antanke sèvitè Jewova, nou gen posiblite pou nou reflete pèsonalite l nan tout sa n ap fè. Nou ka fè sa, lè n ap pran dispozisyon pou n al asiste kongrè kote yo pral envoke non Bondye. Pa bliye sa, Bondye “ pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè ” li ye (1 Kor. 14:33). Kidonk, tout pandan n ap fè planifikasyon pou nou asiste kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a, annou detèmine pou nou pèmèt tout obsèvatè disènen kalite sa a lakay Jewova, pandan y ap suiv fason nou konpòte nou ak fason nou kondui nou. Se pou moun k ap gade nou yo e ki gen bon kè, rive rekonèt, foul moun sa yo ki rasanble pou yo adore Jewova a yo òganize “ avèk respè e nan lòd ”. — Sòm 68:26.