BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/01 p. 8
  • Ki objektif nou ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki objektif nou ?
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Ede lòt moun asiste reyinyon
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 10/01 p. 8

Ki objektif nou ?

1 Poukisa n ap kondui etid biblik ? Èske se pou n annik simaye konesans ? Èske se senpleman pou n amelyore lavi moun yo, oswa pou n ede yo gen espwa demen ap vin pi bon ? Non, se pa rezon sa yo. Vrè objektif nou, se pou nou fè disip pou Jezi Kris (Mat. 28:19 ; Tra. 14:21) ! Se sa k fè, li bon pou moun k ap etidye avèk nou yo frekante kongregasyon an. Pwogrè espirityèl pa yo makònen avèk apresyasyon yo genyen pou òganizasyon an.

2 Kouman pou nou rive nan objektif sa a : Depi o kòmansman, se pou nou motive etidyan an pou l vin nan reyinyon (Ebre 10:24, 25). Eksplike l ki jan sa pral fòtifye lafwa l, ki jan sa pral ede l fè volonte Bondye, ki jan sa pral ede l pou l mare bonjan zanmitay ak lòt moun ki vle louwe Jewova tou (Sòm 27:13 ; 32:8 ; 35:18). Fason w demontre w renmen kongregasyon an ak reyinyon yo, fason w demontre w apresye yo, pral motive etidyan an pou l vin nan reyinyon tou.

3 Nouvo yo bezwen konprann, òganizasyon Jewova a se yon fanmi frè entènasyonal. Montre yo kasèt videyo Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation an, ak kasèt videyo Toute la communauté de nos frères la. Ede yo konprann pwen sa a : Jewova ap sèvi ak dè milyon moun ki vwe tèt yo ba li, pou l akonpli volonte l. Fè nouvo sa yo konnen, yo menm tou, yo envite yo pou yo vin sèvi Bondye. — Iza. 2:2, 3.

4 Se yon gwo sous lajwa pou nou wè yon etidyan Labib vin tounen bonjan disip Jezi. Se rezilta sa a ki vrè objektif nou ! — 3 Jan 4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje