Kontinye bay Wayòm nan premye plas
1 Li pa fasil pou nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou, pou nou kontinye fè sa, lè nou gen pwoblèm ekonomik oswa lòt pwoblèm ankò. Ki jan nou ka kontinye bay Wayòm nan premye plas lè gen difikilte ? Sa n ap fè si yo ofri nou yon travay k ap fè nou rate reyinyon, oswa k ap anpeche nou al preche ? Èske nan ka sa a, nou oblije pa bay Wayòm nan premye plas nan lavi a ?
2 Nou bezwen yon kokenn lafwa : Lè lafwa nou ap pase anba eprèv konsa, nou pa dwe bliye pwomès Jewova fè nou, e Jezi ban nou garanti, Bondye ap soutni nou si nou chèche Wayòm nan an premye (Sòm 37:25 ; Mat. 6:31-34). Enfliyans ak presyon nou jwenn nan monn nan kapab fè nou pa wè klè, e sa ka anpeche nou bay Wayòm nan premye plas la. Gen moun ki santre lavi yo sou bèl posiblite yo genyen pou yo jwenn yon djòb oswa pou yo fè lajan. Toutfwa, menm jan Pòl te konn fè sa, nou bezwen evalye egzakteman sa k konte toutbon nan lavi a. — Fil. 3:7, 8.
3 Èske nou bezwen fè kèk chanjman ? Men sa yon pwoklamatè rekonèt : “ Se nan biznis mwen kè m te chita. Se sa m te renmen pi plis. Mwen te panse menm si m te pase pifò tan m nan zafè biznis mwen, sa pa t ap anpeche m rete Temwen Jewova. ” Men sè sa a te toujou gen santiman li te ka fè plis efò pou l sèvi Jewova. Finalman, li kite biznis sa a ki te soti pou l anpeche l fè pwogrè espirityèl. Yon fwa li rive angaje l nèt nan travay Wayòm nan, li vin gen posiblite di pawòl sa yo : “ Kounye a, mwen santi mwen reyisi lavi m, selon pwennvi Jewova, e se sa ki gen enpòtans. ”
4 Nou felisite anpil frè ak sè ki abandone karyè nan monn nan, ki vag sou posiblite yo genyen pou yo ta fè plis kòb, pou yo ka senplifye lavi yo, epi pou yo antre nan sèvis a plen tan. Pami moun sa yo, nou jwenn asistan ministeryèl ak ansyen, ki jèn, ki selibatè, ki te asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl, e k ap pwofite bonjan posiblite yo genyen pou yo sèvi nan òganizasyon an. Yo imite bèl egzanp Pòl kite pou yo, e yo kontante yo ak sa ki nesesè pou yo viv. — 1 Kor. 11:1 ; 1 Tim. 6:6-8 ; Ebre 13:5.
5 Menmsi monn nan ap pase nou nan rizib akòz pwennvi nou genyen sou lavi a, Jewova li menm, l ap beni nou (1 Kor. 1:26-31). Èske nou pa pran kouraj, lè nou konnen l ap sèvi avèk nou o maksimòm, e lè nou konnen l ap ede nou pou nou rive reyalize travay li ban nou fè ? Se kounye a nou gen posiblite pou nou pwoklame Wayòm Bondye a tabli. Nou pap janm gen posiblite sa a ankò. Donk, se kounye a pou nou kontinye bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou.