BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/02 p. 8
  • Ki jan pou fanmi yo vin djanm espirityèlman

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan pou fanmi yo vin djanm espirityèlman
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Yon èd pou fanmi yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Chèf fanmi : fè sa nou kapab pou nou kenbe yon bon pwogram espirityèl
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Se pou fanmi ki kretyen yo ‘montre yo pare’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ann adore Jewova an fanmi
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 4/02 p. 8

Ki jan pou fanmi yo vin djanm espirityèlman

1 Kretyen yo merite felisite poutèt ‘ yo pratike atachman pou Bondye pami pwòp moun lakay yo ’. (1 Tim. 5:4.) Sepandan, move enfliyans ki toutotou nou yo tèlman vin anpil yo kapab febli lafwa nou. Se sa k fè li esansyèl pou fanmi yo travay di pou yo rete djanm espirityèlman. Ki jan sa kapab fèt ?

2 Imite Kris nan fason n ap dirije : Moun ki alatèt fanmi bezwen imite Jezi Kris nan fason yo pran responsablite yo pou yo fòtifye fanmi yo. Jezi pa t kontante l fè yon sèl aksyon pou l demontre li renmen nou. Li pa t annik sakrifye vi l pou nou, men li kontinye ‘ nouri kongregasyon an e li kontinye pran swen l ’. (Efe. 5:25-29.) Paran ki renmen pitit yo suiv bèl egzanp afeksyon sa a, lè yo veye jou apre jou pou yo satisfè bezwen espirityèl fanmi yo. Sa gen ladan l fè yon etid familyal chak semèn, fè yon dyalòg espirityèl pwofitab chak fwa sa posib, epi atake pwoblèm yo depi yo parèt. — Det. 6:6, 7.

3 Nan predikasyon : Se tout moun nan fanmi an ki ta dwe renmen al preche, pou yo pale ak lòt moun de Jewova ak pwogram li. Yo dwe rekonèt se yon domèn enpòtan sa ye nan adorasyon yo (Iza. 43:10-12). Si nou menm paran nou ta renmen pou pitit nou vin Temwen Jewova fidèl, nou dwe kòmanse prepare kè yo byen bonè pou ministè a. Dyaloge avèk yo sou rezon ki fè nou bezwen gen lespri sakrifis nan sèvis Bondye, e sou rezon pou nou patisipe ladan l chak semèn (Mat. 22:37-39). Fè aranjman pou yo soti avèk nou regilyèman nan predikasyon.

4 Pou nou fè yo plis apresye travay preche a, se pou nou rezève tan pandan etid familyal semèn nan pou nou prepare yon prezantasyon efikas e pou nou fè yon demonstrasyon sou li. Bay chak timoun nou yo yon fòmasyon nan ministè a ki adapte ak laj yo, ak kapasite yo, epi ede yo pwogrese nan menm sans sa a. Apre nou fin pase yon bout tan avèk yo nan predikasyon, dyaloge avèk yo sou jan yo menm yo te santi bonte Jewova. Rakonte yo kèk fè ki kapab fòtifye lafwa yo. Tank fanmi yo ‘ goute e yo wè Seyè a bon ’, se tank y ap vin pi pwòch ak Jewova k ap ba yo fòs pou yo reziste kont “ tout mechanste ”. — 1 Pyè 2:1-3.

5 Nan reyinyon : Ala bèl sa bèl lè manm nan yon fanmi ap ede youn lòt pou yo asiste reyinyon kongregasyon an ! Sa bèl, sitou si youn nan yo santi l fatige, si l dekouraje oswa si l santi l akable. Gen yon jèn sè ki di : “ Lè papa m sot travay, li fatige. Men mwen pataje avèk li yon bon pwen yo pral pale sou li nan reyinyon an, e sa ankouraje l ale. Lè se mwen menm ki santi m fatige, li ankouraje m ale. ” — Ebre 10:24, 25.

6 Òganize kèk aktivite ansanm : Fanmi yo ta dwe òganize kèk aktivite ansanm, tankou paregzanp youn ka ede lòt fè travay nan kay la. Yo ta dwe rezève yon ti tan tou pou detant ki byen chwazi. Se kapab al nan piknik, al fè yon ti flann, jwe ansanm, al vizite paran oswa zanmi. Konsa, yo kapab pase kèk bon moman ansanm e y ap gen bèl souvni pou demen. — Ekl. 3:4.

7 Fanmi ki solid toutbonvre yo rive venk eprèv ki menase espirityalite yo chak jou. Tank yo pi pwòch ak Jewova se tank y ap resevwa pisans l ap bay la. — Efe. 6:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje