BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Predikasyon Wayòm nan : yon travay ki la pou sove lavi !
    Ministè Wayòm — 2002 | avril
    • Predikasyon Wayòm nan : yon travay ki la pou sove lavi !

      1 Nan moman sa a, se travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a. Se yon travay Jewova Dye, Jezi Kris ansanm ak plizyè miryad zanj bay tout atansyon yo. De ki travay n ap pale ? Poukisa nou di li enpòtan ? N ap pale de predikasyon Wayòm nan, yon travay ki la pou sove lavi ! — Wom. 1:16; 10:13, 14.

      2 Gen moun ki ka santi nou ta fè pi byen si nou te travay nan sans pou nou amelyore sitiyasyon monn nan. Anpil moun konsakre tout tan yo nèt nan efò y ap fè pou yo bay lapè. Genyen ki eseye jwenn remèd pou yon seri maladi. Gen lòt tou ki fè anpil efò pou amelyore sitiyasyon ekonomik monn nan. Men, an reyalite, ki sa lèzòm plis bezwen ?

      3 Yon travay ki gen yon kokenn enpòtans : Se sèl mesaj Wayòm nan ki esplike bi lavi a. Se sèl li menm ki ede nou konprann ki sa ki lakòz moun ap soufri e se sèl li menm ki bay yon espwa sèten pou demen. Grasa bon nouvèl la, gen moun ki anmezi pou yo vin zanmi Jewova e, konsa, yo tou resevwa “ lapè Bondye a ki depase tout panse ”. (Fil. 4:7.) Si se pa t mesaj Wayòm nan, moun pa t ap konn ki jan pou yo fè pou yo degaje yo ak pwoblèm yo jwenn nan lavi a. E yo pa t ap konn ki sa pou yo fè pou yo chape lè monn mechan sa a va detwi. Èske yon mesaj konsa pa merite pou nou fè tout efò posib pou nou preche l ?

      4 Annou pran yon egzanp. Sipozon tout moun ap dòmi nan yon ti vil pwovens e yo pa konnen yo an danje akòz rivyè nan zòn nan ki kòmanse desann. Ki pi bon fason yo ta kapab ede moun sa yo ? Èske se ta fè kèk kout pèl pou eseye fè rivyè a devye ? Èske se moman pou moun ta kòmanse anbeli ti vil sa a ki an danje a ? Non ! Ni youn ni lòt. Moun yo bezwen pou moun reveye yo, pou moun avèti yo sou malè pandye ki sou tèt yo a. Yo bezwen pou moun ede yo chape poul yo. Jodi a, gen gwo danje ki menase moun k ap dòmi nan domèn espirityèl (Lik 21:34-36). Piske, talè konsa, sistèm nan pral detwi, li ijan anpil anpil pou nou fè tout efò posib pou nou preche tout moun nou kapab ! — 2 Tim. 4:2 ; 2 Pyè 3:11, 12.

      5 Yon travay ki mande pèseverans : Annou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pote bon nouvèl la bay valè moun nou kapab, depi se moun ki gen bon kè. Gen dwa se moun nou jwenn lakay yo, nan lari, moun nou pale avèk yo nan telefòn, oswa yon fason enfòmèl. Travay Jewova konfye nou an se travay ki pi enpòtan ki egziste. Si nou fè travay sa a avèk zèl, n ap rive ‘ sove tèt nou ansanm ak moun k ap koute nou yo ’. — 1 Tim. 4:16.

  • Yo byen kontan !
    Ministè Wayòm — 2002 | avril
    • Yo byen kontan !

      1 Toupatou sou tè a, plizyè fanmi kretyen te byen kontan fè konnen nan ki pwen yo apresye kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? Ozetazini, gen yon papa ki di, pitit gason l yo te rete bouch ouvri apre yo fin gade kasèt la. Rezon an se paske yo te santi se kòmsi se te pou yo menm menm yo te fè videyo a. Selon yon rapò ki soti Malawi, gen plizyè jèn frè, plizyè jèn sè nan peyi sa a ki santi yo menm tou, se pou yo videyo sa a fèt, paske se menm presyon an yo sibi nan lekòl yo, nan men moun ki pòy yo. Anpalan de videyo a, gen yon papa nan peyi Almay ki deklare : “ Pou mwen menm, se repons priyè m. ” Gen yon jèn demwazèl ki di konsa : “ Mèsi dèske nou fè m sonje, Jewova enterese toutbon nan mwen. ” Men ki sa yon ansyen nan peyi Nouvèl Zelann fè konnen : “ Grasa [kasèt sa a], gen youn nan jèn sè nou yo ki rekòmanse mache sou chemen lavi a ankò. ” Men remak yon dam marye fè apre l fin gade kasèt la : “ M pa konn sa m ta bay, non sèlman pou tout jèn ta gade videyo sa a, men tou pou l ta pouse yo pran pozisyon pou laverite. ” Nou menm k ap viv an fanmi, poukisa nou pa gade l ankò ? Lè nou fini, fè yon brase lide sou kesyon nou jwenn annapre yo.

      2 Pou kòmanse : Ki sa yon vrè zanmi ye ? — Pwo. 18:24.

      3 Baryè ki anpeche amitye devlope : Gen moun ki konn santi pyès moun pa sou bò yo. Ki jan w ka rive venk santiman sa a (Fil. 2:4) ? Poukisa ou ta dwe dispoze amelyore tanperaman w, e kiyès ki kapab ede w fè sa ? Ki okazyon ou kapab jwenn pou w fè plis zanmi ? Ki kote w ka jwenn zanmi sa yo ? — 2 Kor. 6:13.

      4 Pou yon moun vin zanmi Bondye : Ki efò w ka fè pou w vin byen avèk Jewova, e poukisa sa vo lapèn (Sòm 34:8) ? Kiyès ki ta ka pi byen ede w pou amitye w avèk Bondye vin pi solid ?

      5 Move zanmi : Kiyès nou ka konsidere kòm move zanmi (1 Kor. 15:33) ? Ki jan move zanmi kapab antrene yon moun nan gwo pwoblèm ? Ki leson nou pran nan sa k te rive Dina a ? — Jen. 34:1, 2, 7, 19.

      6 Yon fim yo monte pou epòk nou an : Ki efè sa te genyen sou Tara dèske li te santi l pou kont li ? Ki sa li te di pou l montre pa gen pwoblèm pou l frekante jèn ki nan monn nan ? Anba ki danje yo te ekspoze manmzèl ? Poukisa paran l pa t rive wè pwoblèm li t ap travèse yo ? Men, avèk ki eta d espri yo te ede l reprann li espirityèlman ? Ki jan yon sè pyonye te pwouve li se yon zanmi, Tara ka konte sou li ? Poukisa yon kretyen fèt pou l suiv prensip nou jwenn nan Pwovèb 13:20 ak sa nou jwenn nan Jeremi 17:9 la ? Ki leson enpòtan Tara te pran ?

      7 Pou nou fini : Ki leson nou menm nou pran lè nou fin gade videyo sa a ? Ki jan nou panse nou ka sèvi avè l pou n ede lòt moun ? — Sòm 71:17.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje