-
Lafwa pouse nou fè bèl aksyonMinistè Wayòm — 2002 | me
-
-
1 Se lafwa ki te pouse Noye, Moyiz ak Rahab aji. Noye te bati yon lach. Moyiz te rejte ti bout lavi dous li t ap mennen nan lakou Farawon. Rahab te kache espyon yo e li te suiv enstriksyon mesye yo te ba li. Sa te fè l sove fanmi li (Ebre 11:7, 24-26, 31). E nou menm jodi a, ki bèl aksyon lafwa pouse nou fè ?
-
-
Èske w konn sèvi ak bwochi Bondye vle a pou w kòmanse etid biblik ?Ministè Wayòm — 2002 | me
-
-
1 Si w toujou sèvi ak Bib la pou w pale ak yon moun ki enterese, ou egzamine yon pati nan youn nan piblikasyon nou yo avèk li, menm si se yon konvèsasyon tou kout ou fè, se kondui w ap kondui yon etid biblik. Èske w te konn sa ? Kit se nan papòt kay moun nan w ap pale, kit se nan telefòn, sa pa anpeche se yon etid biblik w ap fè. Enben, poukisa w pa fè yon efò espesyal nan mwa me ak nan mwa jen, pou w kòmanse yon etid biblik ak bwochi Bondye vle a ?
-