BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwogram reyinyon sèvis
    Ministè Wayòm — 2001 | septanm
    • Pwogram reyinyon sèvis

      Semèn 10 septanm

      Kantik 86

      10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

      13 min : Bezwen kongregasyon an.

      22 min : “ Èske w akonpli ministè w konplètman ? ”a Lè w fin fè konvèsasyon ak oditwa a sou paragraf 1-3, fè de demonstrasyon tou kout. Nan youn y ap prezante La Tour de Garde 15 septanm nan, nan lòt la, y ap prezante Réveillez-vous ! 22 septanm nan. Lè yo fin egzamine paragraf 4 la, fè yon demonstrasyon sou prezantasyon yo pwopoze a. Sèvi ak liv Konesans lan.

      Kantik 124 ak priyè final.

      Semèn 17 septanm

      Kantik 92

      15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. “ N ap jwenn li nan Index. ” Montre kòman yo ka jwenn prezantasyon pou liv y ap ofri mwa sa a, anpanlan de liv Création an.

      15 min : Ki sa nou te reyalize pandan ane ki sot pase a ? Siveyan sèvis la ap fè diskou sa a. Bay pwen enteresan ki genyen nan rapò sèvis kongregasyon an pou ane sèvis 2001 an. Felisite tout moun pou bon travay yo te fè. Konsantre sou sa kongregasyon an te reyalize an rapò avèk kantite moun ki te asiste reyinyon, jan pwoklamatè yo te regilye nan aktivite predikasyon ak nan etid biblik. Bay kèk sijesyon ki kapab ede yo amelyore nan domèn sa a. Fikse objektif ki reyalis pou ane k ap vini an.

      15 min : Repons kesyon w yo. Diskou. Analize pwogram reyinyon predikasyon ki nan kongregasyon an. Esplike fason tout moun ki asiste reyinyon sa yo ka bay kolaborasyon pa yo pou yo ka tire pwofi nan konvèsasyon k ap fèt yo. Ankouraje kongregasyon an pou l soutni dispozisyon yo pran pou predikasyon.

      Kantik 129 ak priyè final.

      Semèn 24 septanm

      Kantik 97

      15 min : Anons lokal. Sèvi ak pwopozisyon yo fè nan kolòn ki rele “ Jan pou nou prezante peryodik yo. ” Fè de demonstrasyon kote y ap prezante La Tour de Garde 1ye oktòb ak Réveillez-vous ! 8 oktòb.

      30 min : Renmen Bondye olye nou renmen bagay ki nan monn nan (1 Jan 2:15-17). Diskou, konvèsasyon avèk oditwa a. Y ap fè yon rezime sou asanble sikonskripsyon yo te fè pandan ane sèvis ki sot pase a. Envite pwoklamatè yo fè kòmantè sou pwen kle yo te aprann e sou fason yo ka mete pwen sa yo an pratik, kit yo pou kont yo, kit yo an fanmi. (Yo kapab bay pòsyon pou yo pale sou yo a davans.) Men sou ki diskou nou ka chita : 1) “ L’amour pour Dieu nous stimule dans le ministère. ” Se kalite lanmou sa a k ap ede nou fè fas ak tout vye enpresyon nou ka genyen lakay nou ki kapab anpeche nou preche. Nou vle pale de timidite, enpresyon kòmsi nou pa alawotè, pè moun. 2) “ Ceux qui aiment Jéhovah haïssent ce qui est mal. ” ​(w 1/10/99 28-31). Pou nou gen bonjan relasyon avè l, nou bezwen rayi sa l rayi, nou pap pale de aksyon ki grav sèlman, men, n ap pale tou de bagay ki pa fin parèt mal. 3) “ Suivons la voie extraordinaire de l’amour. ” ​(w 15/7/92 27-30.) Premye Korentyen 13:4-8 montre poukisa nou bezwen sipòte defo lòt moun avèk pasyans, poukisa nou bezwen evite santre tout bagay sou nou menm, pou nou evite konpetisyon, e pou yon moun evite fè tripotay sou do moun. Lanmou pouse nou rete fidèl devan òganizasyon Jewova a. 4) “ Les choses qui sont dans le monde : comment les considérons-nous ? ” Nou pa ta dwe renmen bagay ki nan monn nan, opwen pou nou ta bese lebra devan anvi lachè a genyen, pou n ta kite bagay je nou wè egare nou, oubyen pou n ap fè egzibisyon granpanpan avèk sa nou genyen. 5) “ Ne pas faire partie du monde est une protection. ” Dezyèm Korentyen 6:14-17 montre kòman yon seri kwayans, koutim ak abitid ka fè Bondye pa asepte nou. Nou dwe gentan wè pyèj Dyab la tann pou nou, epi nou dwe evite yo. 6) “ Les promesses de Dieu à ceux qui l’aiment. ” ​(w 15/6/86 5-6.) Benediksyon Jewova fè nou viv ak plis kè kontan e li fè nou rich espirityèlman. — 1 Tim. 6:17-19.

      Kantik 133 ak priyè final.

      Semèn 1ye oktòb

      Kantik 106

      10 min : Anons lokal. Nouvèl teyokratik. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa septanm.

      15 min : Kòman mwen kapab travay pi byen lekòl ? Swa yon ansyen ak madanm li, swa yon asistan ministeryèl ak madanm li ap pale ak yon pitit yo ki lekòl toujou. Yo wè mwayèn timoun nan bese pa rapò ak jan li te konn travay, sa enkyete yo. Yo egzamine konsèy yo jwenn nan chapit 18 liv Les jeunes s’interrogent la avè l. Yo pale sou sa timoun nan bezwen fè pou l amelyore. Paran yo chita sou enpòtans pou timoun nan jwenn yon bon fòmasyon dekwa pou l ka sèvi avèk kapasite l nan sèvis sakre a.

      20 min : “ Èske gen yon bagay ki anpeche nou preche ? ”b Montre nesesite pou nou ekilibre nan travay nou, lè n ap etabli priyorite, pou se enterè Wayòm nan nou fè pase anvan. Fè yon ti pale ak kèk frè ki responsab fanmi nan kongregasyon an. Fè yo rakonte kòman yo boule anba difikilte yo jwenn pou yo pran swen moun lakay yo materyèlman, san yo pa sispann pran swen yo espirityèlman.

      Kantik 137 ak priyè final.

  • N ap jwenn li nan Index
    Ministè Wayòm — 2001 | septanm
    • N ap jwenn li nan Index

      Ki sa n ap jwenn nan ? Se yon seri referans ki bay kèk fason nou ka prezante yon sijè nan predikasyon. Index des publications de la Société Watch Tower yo bay tout yon lis entwodiksyon ak prezantasyon. Yo klase yo selon sijè a oubyen selon piblikasyon an. Se pa sa sèlman : n ap jwenn fason nou ka reponn objeksyon yo konn abitye soulve nan predikasyon. Men yon lis tit ak soutit prensipal kote n ap jwenn yon kantite pwopozisyon ki trè bon pou predikasyon:

      Entrée en matière

      Yo bay yon lis sijè.

      Objection

      Yo bay yon lis objeksyon.

      Présentation

      Yo bay yon lis piblikasyon.

      Yo bay yon lis sijè.

      Nouvelle visite

      Yo bay yon lis piblikasyon.

      Yo bay yon lis sijè.

  • Rapò sèvis mwa avril
    Ministè Wayòm — 2001 | septanm
    • Rapò sèvis mwa avril

      Mway. Mway. Mway. Mway.

      Kantite : Lè Per. Viz. E.B.

      Pyon. esp. 157 129,6 18,7 46,1 9,7

      Pyon. pèm. 677 58,7 15,0 20,0 5,1

      Pyon. oks. 278 50,8 11,0 13,6 3,1

      Pwokl. 10 265 10,1 3,4 3,8 1,1

      TOTAL : 11 377

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje