-
Annou fè lòt moun konnen laverite konsènan JeziMinistè Wayòm — 2002 | novanm
-
-
Annou fè lòt moun konnen laverite konsènan Jezi
1 Kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo, lòt mouton yo, “ gen kòm travay pou yo bay temwayaj konsènan Jezi ”. (Rev. 12:17.) Se yon travay ki enpòtan, piske se sèlman pa mwayen Jezi li posib pou moun jwenn delivrans lan. — Jan 17:3 ; Travay 4:12.
2 ‘ Chemen an, laverite a, ak lavi a ’ : Jezi te di : “ Se mwen ki chemen an, ak laverite a, ak lavi a. Okenn moun pap jwenn ak Papa a si l pa pase pa mwen. ” (Jan 14:6). Se sèlman pa mwayen Jezi, “ chemen an ”, nou kapab pwoche bò kote Bondye nan lapriyè e nou ka gen bonjan relasyon avèk li (Jan 15:16). Jezi se “ laverite a ”, paske pwofesi yo ak lonbray yo ki nan Ekriti ebrayik yo vin yon reyalite nan li (Jan 1:17 ; Kol. 2:16, 17). Anfèt, premye objektif tout vrè pwofesi se bay plis limyè sou wòl santral Jezi jwe nan reyalizasyon pwogram Bondye (Rev. 19:10). Mete sou sa, Jezi se “ lavi a ”. Tout moun ki ta renmen jwenn lavi etènèl kòm kado, dwe demontre lafwa nan sakrifis li fè pou rachte yo a. — Jan 3:16, 36 ; Ebre 2:9.
3 Yon chèf, yon wa an fonksyon : Anplis de sa, moun yo fèt pou yo rekonèt Jewova konfye Pitit Gason l lan pouvwa egzekitif la, e se yon kokenn pouvwa. Bondye tabli Jezi Wa nan Wayòm li a ‘ e se pou li obeyisans pèp yo ye ’. (Jen. 49:10.) Anplis de sa, Jewova mete l Chèf kongregasyon an (Efe. 1:22, 23). Nou bezwen ede moun n ap etidye Labib avèk yo byen konprann ki jan Jezi ap dirije kongregasyon an. Yo bezwen byen konprann tou ki jan l ap itilize “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pou l bay manje espirityèl “ nan moman apwopriye ”. — Mat. 24:45-47.
4 Yon gran prèt ki gen mizèrikòd : Piske lè Jezi t ap viv kòm moun sou tè a, li te pase anba eprèv e li te soufri, “ li anmezi pou l pote sekou pou moun ki anba eprèv. ” (Ebre 2:17, 18). Ala ankourajan sa ankourajan pou nou menm lèzòm ki fèt nan peche, lè nou konnen Jezi konprann feblès nou, e avèk bonte, l ap plede kòz nou (Wom. 8:34) ! Sou baz sakrifis Jezi a e pa mwayen sèvis li kòm gran prèt, nou kapab pwoche bò kote Jewova “ san nou pa pè pale ” pou nou jwenn “ èd nan bon moman an ”. — Ebre 4:15, 16.
5 Nou swete pou efò n ap fè pou nou fè lòt moun konnen laverite konsènan Jezi pouse yo obeyi li, epi pouse yo sèvi l ansanm avèk nou. — Jan 14:15, 21.
-
-
Kolabore ak siveyan etid liv ou aMinistè Wayòm — 2002 | novanm
-
-
Kolabore ak siveyan etid liv ou a
1 Nou chak ka jwenn anpil byenfè nan etid liv kongregasyon an. Mwa pase nou te pale sou fason siveyan etid liv la akonpli travay li. Men, ki jan nou ka kolabore avèk li, pou ni nou menm ni lòt moun tire pwofi ?
2 Se pou w la chak semèn : Piske etid liv la pa gen anpil moun ladan l, li enpòtan pou w toujou la. Se pou w gen nan objektif ou pou w la chak semèn. Yon jan w ka ede siveyan an ankò, se lè w rive alè, paske sa ap pèmèt li kòmanse reyinyon an nan lòd ak disiplin. — 1 Kor. 14:40.
3 Fè kòmantè ki ankourajan : Yon lòt fason ou ka kolabore ak siveyan an, se lè w byen prepare, epi ou fè kòmantè ki ankourajan. Byen souvan, li pi bon lè w fè kòmantè sou yon sèl pwen, e sa ankouraje lòt moun fè kòmantè tou. Evite fè yon kòmantè sou tout sa ki nan yon paragraf. Si gen yon pwen nan etid la ou renmen, fè yon kòmantè sou sa w gen nan kè w la, sa ap fè etid la pi pwofitab pou lòt moun yo. — 1 Pyè 4:10.
4 Si w gen privilèj pou w li paragraf yo pou gwoup la, pran responsablite sa a oserye. Lè w byen fè lekti a, sa leve nivo etid la e sa fè l pi enteresan. — 1 Tim. 4:13.
5 Preche avèk gwoup la : Reyinyon pou predikasyon fèt plizyè kote ki gen etid liv. Lè w soutni randevou sa yo, ou ede siveyan an, li menm ki alatèt nan aktivite predikasyon an. Se pou w konsidere dispozisyon sa yo kòm okazyon ou genyen pou w vin pi pwòch frè w yo, e pou w ankouraje yo.
6 Remèt rapò sèvis : Yon lòt fason ou ka kolabore ak siveyan an, se lè ou remèt rapò w tousuit nan fen chak mwa. Ou ka remèt li rapò a nan men oswa ou ka mete l nan bwat pou rapò yo ki nan Sal Wayòm nan. Sekretè a ka sèvi ak bwat sa a pou l rasanble tout rapò siveyan etid liv yo te resevwa.
7 Si w kolabore ak siveyan etid liv ou a moun pap manke pa wè sa. E sa ki pi enpòtan, ou mèt sèten Jewova ap ‘ avèk etadespri ou manifeste a ’. — Fil. 4:23.
-