-
Ki sa k fè kretyen yo gen bonjan inite nan mitan yo ?Ministè Wayòm — 2003 | desanm
-
-
Ki sa k fè kretyen yo gen bonjan inite nan mitan yo ?
1 Ki sa k ka ini plis pase sis milyon moun ki soti nan 234 peyi e ki pale anviwon 380 lang diferan ? Yon sèl bagay : adorasyon y ap bay Jewova a (Mika 2:12 ; 4:1-3). Dapre sa Temwen Jewova yo viv pèsonèlman antanke kretyen, yo konnen bonjan inite a se yon reyalite li ye jodi a. Antanke “ yon sèl twoupo ” anba direksyon “ yon sèl bèje ”, nou detèmine pou nou reziste devan espri divizyon ki gen nan monn sa a. — Jan 10:16 ; Efe. 2:2.
2 Objektif Bondye, yon objektif ki pa ka pa reyalize, se pou tout kreyati entèlijan ini nan vrè adorasyon an (Rev. 5:13). Piske Jezi konnen enpòtans inite genyen, li te priye ak tout kè l pou disip li yo ini (Jan 17:20, 21). Ki sa nou ka fè, pèsonèlman, pou nou ranfòse inite ki genyen nan kongregasyon an ?
3 Sekrè inite a : San èd Pawòl Bondye a, san èd lespri Bondye, li t ap enposib pou gen inite nan mitan kretyen yo. Lè nou aplike sa nou li nan Bib la, sa pèmèt lespri Bondye sikile san pwoblèm nan lavi nou. Sa pèmèt “ nou suiv inite lespri a bay la, nan chenn lapè ki ini nou an ”. (Efe. 4:3.) Sa pouse nou pou nou sipòte youn lòt nan lanmou (Kol. 3:13, 14 ; 1 Pyè 4:8). Èske nou medite chak jou sou Pawòl Bondye a, yon fason pou nou pote èd pa nou pou gen inite ?
4 Yon lòt bagay ki ini nou, se misyon nou genyen pou nou preche e pou nou fè disip la. Antanke kretyen, lè n ap travay ak lòt moun nan ministè a, “ n ap lite kòtakòt pou kwayans ki mache ak bon nouvèl la ” e sa fè nou vin “ konpayon travay ” youn pou lòt “ nan laverite ”. (Fil. 1:27 ; 3 Jan 8.) Lè nou aji konsa, chenn lanmou ki ini kongregasyon an ap vin pi solid. Poukisa nou pa envite yon moun nou gen lontan nou pa preche ansanm ak li pou l akonpaye nou nan predikasyon semèn sa a ?
5 Ala yon gwo privilèj nou genyen dèske nou fè pati sèl vrè kominote frè ki entènasyonal nou jwenn sou tè a jodi a (1 Pyè 5:9) ! Tou dènyèman an, yon bon valè moun te gen posiblite viv inite mondyal sa a nan asanble entènasyonal “ Bay Bondye glwa ” a. Lè nou li Pawòl Bondye a chak jou, lè nou regle pwoblèm yo nan lanmou e lè nou preche bon nouvèl la “ nan tèt ansanm ”, se yon fason pou nou chak pote èd nou nan bèl inite sa a. — Wom. 15:6.
-
-
Chèche moun ki diy yoMinistè Wayòm — 2003 | desanm
-
-
Chèche moun ki diy yo
1 Enstriksyon Jezi te bay pou nou akonpli travay predikasyon an mete yon defi devan nou. Men sa l te di : “ Nan nenpòt vil oswa nan nenpòt bouk nou antre, chèche moun ki diy anndan l, epi rete la jiskaske nou ale. ” (Mat. 10:11). Nan yon moman kote moun yo pa prèske pase tan lakay yo, ki jan nou ka fè travay chèche moun ki diy sa a yon fason ki efikas ?
2 Egzamine tèritwa nou : Premye bagay pou nou fè se egzamine tèritwa nou. Nan ki moman moun yo sanble yo plis lakay yo ? Ki kote nou ka jwenn yo pandan jounen an ? Èske gen yon jou byen presi nan semèn nan oubyen yon lè byen presi nan jounen an yo ka pi dispoze resevwa vizit ? Lè nou ranje pwogram predikasyon nou yon fason ki ann amoni ak pwogram pa moun ki nan tèritwa a e ak sitiyasyon yo, sa ka ede nou jwenn pi bon rezilta. — 1 Kor. 9:23, 26.
3 Anpil pwoklamatè jwenn bon rezilta lè yo preche ta nan aprèmidi. Lè sa a, moun yo pi rilaks e yo pi dispoze koute. Nan mwa kote jounen yo pi kout, sèvi ak telefòn pou bay temwayaj nan aswè ka bay bon rezilta. Preche nan katye komès ak nan andwa piblik se yon lòt fason ankò nou ka fè moun yo tande bon nouvèl la.
4 Pandan yon mwa ki te gen aktivite espesyal, yon kongregasyon te mete yon pwogram sou pye pou y al preche samdi ak dimanch ta nan aprèmidi e, mèkredi ak vandredi, pou y al preche nan aswè. Yo te òganize yo pou yo preche nan telefòn e pou yo preche nan katye komès yo. Aranjman sa a te tèlman chofe pwoklamatè yo pou aktivite predikasyon an, kongregasyon an te deside kontinye kenbe pwogram sa a.
5 Pousuiv enterè nou jwenn avèk dilijans : Nan tèritwa pa nou, si lè nou retounen al fè vizit se yon pwoblèm pou nou jwenn moun yo lakay yo, se pou nou eseye pran randevou byen presi ankò avèk yo chak fwa nou fin fè yon nouvèl vizit e se pou nou fè sa depi lè n ap preche moun nan. Apre sa, se pou nou fè tout sa nou kapab pou n ale nan randevou a (Mat. 5:37). Si sa apwopriye, nou ka mande moun nan nimewo telefòn li. Sa ap ede nou kontakte l ankò.
6 Jewova pap manke pa beni gwo efò nou fè pou nou chèche moun ki diy yo e pou nou pousuiv enterè nou jwenn yo. — Pwo. 21:5.
-