BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/04 p. 2-3
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Soutit
  • Semèn 8 mas
  • Semèn 15 mas
  • Semèn 22 mas
  • Semèn 29 mas
  • Semèn 5 avril
Ministè Wayòm nan — 2004
km 3/04 p. 2-3

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 mas

Kantik 37

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè tout moun sonje pou yo vin ak bwochi ‘ Voyez le bon pays ’ a nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante La Tour de Garde 15 mas ak Réveillez-vous ! 22 mas. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou nou fè demonstrasyon sa yo. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Ann sèvi ak feyè pou nou kòmanse konvèsasyon. Konvèsasyon avèk oditwa a. Souvan, sa ki pi difisil lè w vle bay yon temwayaj, se jwenn ki jan pou w abòde moun nan. Feyè yo ka ede nou nan sans sa a lè n ap preche kay an kay, lè n ap preche nan yon zòn komèsyal oswa lè n ap preche nan yon andwa piblik. Fè yon ti pase tou kout sou de oswa twa feyè ki ka enterese moun ki nan tèritwa kongregasyon an. Ki entwodiksyon nou ta ka fè si nou ta vle prezante feyè sa yo ? Ki jan nou ka sèvi ak foto yo gen ladan yo ? Avèk tak, ki kesyon nou ta ka soulve ? Nan chak feyè, atire atansyon oditwa a sou yon paragraf nou ta ka egzamine si moun n ap pale avè l la ta montre li enterese. Fè yon demonstrasyon sou fason nou ka kòmanse yon konvèsasyon ak yon feyè. San moun k ap fè demonstrasyon an pa pran anpil tan, l ap egzamine yon paragraf ak moun nan. Pou fini, l ap ofri liv Konesans lan.

20 min : “ Se pou nou renmen Jewova, nou tout ki fidèl devan l. ”a Lè n ap egzamine paragraf 3 a, mande moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason yo konn fè pou yo envite moun nan Memoryal.

Kantik 131 ak priyè final.

Semèn 15 mas

Kantik 121

10 min : Anons lokal. Egzamine pwen enpòtan ki nan kare “ Rapèl pou Memoryal la ”. Fè kongregasyon an konnen ki lè y ap fè etid Toudegad pou semèn Memoryal la.

15 min : Aktivite espesyal pou epòk Memoryal la. Konvèsasyon avèk oditwa a. Se siveyan sèvis la k ap fè patisipasyon sa a. Pale de dispozisyon espesyal kongregasyon an pran nan sans sa a. Mansyone kèk bèl eksperyans ki te fèt. Ankouraje moun ki kapab yo pou yo pyonye oksilyè ann avril ak me. Fè yon ti pase tou kout sou kèk pwen yo mansyone nan paj mitan Ministè Wayòm mwa fevriye a.

20 min : Ann tire pwofi nan bwochi ‘ Voyez le bon pays ’ a. Nouvo bwochi sa a ka fè lekti ak etid n ap fè nan Pawòl Bondye a vin gen plis sans pou nou. Bwochi a gen yon endèks ladan l ki ka ede nou nan sans sa a. Li Izayi 63:1, ki di Jewova ap vini sot Botsra. Mande oditwa a chèche Botsra nan endèks bwochi ‘ Bon pays ’ a. Sèvi ak kare ki nan paj 34 la pou w esplike ki sa “ Botsra 11 G11 ” vle di, epi chèche Botsra ak Edòm nan kat yo di a. Sèvi ak endèks la pou w jwenn ki pakou Jezi te fè lè l te sot Jerizalèm pou l al Sicha (Jan 4:3-5). Fè menm jan an pou w lokalize pisin Betzata (Jan 5:1-3). Chwazi youn ou de lòt egzanp nan lekti biblik pou semèn nan, selon pwogram Lekòl ministè teyokratik la. Mande oditwa a pou l fè kòmantè sou kote nou ka jwenn zòn sa yo nan bwochi a e pou l di ki pwofi nou tire lè nou konsilte kat yo. Fè yon ti pase tou kout sou kèk nan kat nou jwenn nan bwochi a e fè asistans lan remake ki peryòd sa konsène. Kat ki nan paj 18-19 la prezante pifò nan zòn kote istwa Biblik yo dewoule. Ankouraje tout moun pou yo tire pwofi nan bwochi ki rele ‘ Voyez le bon pays ’ a.

Kantik 63 ak priyè final.

Semèn 22 mas

Kantik 191

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè tout moun sonje pou yo suiv pwogram lekti biblik pou semèn Memoryal la soti 30 mas pou rive 4 avril, jan sa parèt nan Examinons les Écritures chaque jour — 2004 oubyen nan Calendrier 2004 la.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Yon atak yon gwoup kavalye fè ki konsène w. ”b Si gen tan, li vèsè yo site yo e fè kòmantè sou yo.

Kantik 181 ak priyè final.

Semèn 29 mas

Kantik 129

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa mas. Di ki piblikasyon n ap ofri pandan mwa avril la. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante Toudegad 1ye avril ak Réveillez-vous ! 8 avril. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou nou fè demonstrasyon sa yo. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Ann tire pwofi nan Annuaire 2004 la. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Mansyone kèk pwen enteresan nou jwenn nan “ Lettre du collège central ” la. Prezante kèk chif ou twouve ki estrawòdinè nan rapò mondyal la e rakonte kèk eksperyans ki ka fòtifye fwa frè yo. Ankouraje tout moun pou yo li Annuaire la ann antye pandan ane a.

20 min : Laverite ini fanmi. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Pafwa, yon moun ki enterese konn ezite pou l sèvi Jewova paske li jwenn opozisyon nan fanmi l. Fè kèk moun nan oditwa a rakonte eksperyans nou jwenn nan : La Tour de Garde 1ye janvye 2002, paj 14-5 ; La Tour de Garde 1ye desanm 2000, paj 8 ; La Tour de Garde 1ye septanm 1999, paj 32 ; La Tour de Garde 1ye janvye 1999, paj 4 ak Réveillez-vous ! 22 fevriye 1998, paj 31. Souliye pwen sa a : Relasyon ki gen nan yon fanmi konn vin amelyore menm lè se yon sèl moun nan fanmi an k ap aplike prensip ki nan Bib la.

Kantik 130 ak priyè final.

Semèn 5 avril

Kantik 126

10 min : Anons lokal.

20 min : Lè nou se moun ki pwòp, yo byen konsidere nou. Diskou. Li baze sou La Tour de Garde 1ye jen 2002, paj 19-21. Fè yon demonstrasyon kote yon ansyen ap montre yon pyonye ki jan, avèk tak, li ka sèvi ak leson 9 ki nan bwochi Bondye vle a, paragraf 5, pou l ede yon etidyan l wè nesesite pou l kenbe kay li ak lakou l pwòp.

15 min : Rakonte kèk bèl eksperyans ki te fèt anrapò ak Memoryal la e anrapò ak pakèt aktivite ki te genyen pandan mwa mas la.

Kantik 25 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje