BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ofri peryodik yo nan ministè w
    Ministè Wayòm — 2005 | fevriye
    • Ofri peryodik yo nan ministè w

      1, 2. Kòman Toudegad ak Réveillez-vous ! enfliyanse lavi moun ?

      1 “ Yo enteresan, yo vini nan moman apwopriye, e yo ankourajan. ” “ Mwen pa t janm li yon jounal ankourajan konsa. ” Kòmantè sa yo byen dekri fason lektè tout kote nan lemonnantye konsidere Toudegad ak Réveillez-vous ! Annefè, peryodik nou yo pwouve yo se bonjan zouti ki pèmèt nou touche kè “ tout kalite moun ” ak bon nouvèl la. — 1 Tim. 2:4.

      2 Yon mesye ki te santre lavi l sou karyè l anpil te aksepte yon Réveillez-vous ! ki te pale sou yon sijè ki enterese l. Apre sa, li te li nimewo Toudegad ki akonpaye Réveillez-vous ! a. Te gen yon atik nan Toudegad la ki te ankouraje l pou l egzamine doktrin Trinite a, yon doktrin li te toujou kwè ladan l. Sa te chofe enterè l. Sis mwa apre, li te batize. Gen yon lòt mesye ki te konn resevwa peryodik regilyèman, men li pa t janm li yo. Madanm li, yon lòt bò, te konn ap evite Temwen Jewova yo, men li te konn li peryodik yo kite pou mari l. Pwomès Bib la fè pou tout tè a tounen yon paradi ki ranpli ak moun ki jis te touche kè l. Avèk letan, li menm, yon ti sè l ak yon pitit gason l te vin sèvi Jewova.

      3. Poukisa li pi bon pou nou ofri peryodik yo ansanm ?

      3 Ofri yo ansanm : Jan egzanp sa yo sot montre, nou pa konn kiyès egzakteman k ap li peryodik nou yo, oswa ki sa k ap chofe enterè yo (Ekl. 11:6). Pakonsekan, li pi bon pou nou ofri Toudegad ak Réveillez-vous ! ansanm, menm si an jeneral se sou yon sèl peryodik n ap atire atansyon nan prezantasyon nou. Nan kèk sikonstans, li ka bon pou nou ofri plizyè nimewo diferan nan peryodik nou yo lè n ap fè yon vizit.

      4. Kòman nou ka pwograme travay difizyon peryodik la ?

      4 Li ta bon pou nou pwograme yon jou nan chak semèn pou nou patisipe nan difizyon peryodik. Nan Calendrier des Témoins de Jéhovah 2005 lan, yo fikse chak samdi kòm “ jounen peryodik ”. Natirèlman, etandone sitiyasyon yo diferan selon moun yo oswa selon zòn nan, gen kèk moun ki ka chwazi yon lòt jou espesyalman pou yo ofri peryodik yo. Èske w gen sa nan pwogram ou pou chak semèn ?

      5. Ki okazyon nou ta dwe veye pou nou plase peryodik, epi ki sa k ap ede nou fè sa ?

      5 Fikse w yon objektif : Lè nou fikse objektif chak mwa pou nou plase peryodik, sa ka ede nou pou nou konsantre atansyon nou sou ofri peryodik yo. Èske w gen yon wout peryodik ? Èske w ofri moun ou rankontre nan ministè a peryodik ? Èske w pa ta ka ofri peryodik lè w ap preche nan lari, nan zòn komèsyal ak nan andwa piblik yo ? Èske w pote peryodik lè w ap vwayaje, lè w ap fè acha, ak lè w gen randevou ? Pwofite chak okazyon pou w ede lòt moun tire pwofi nan Toudegad ak Réveillez-vous !

      6. Kòman nou ka byen itilize ansyen nimewo peryodik yo ?

      6 Nou ka fikse kòm objektif tou pou nou plase ansyen nimewo nou gen nan men nou. Menmsi peryodik yo gen youn ou de mwa depi yo te parèt e nou pa t gentan plase yo, enfòmasyon ki ladan yo a toujou enpòtan. Toujou kite yo nan men moun ki enterese. Pou plizyè milyon moun, Toudegad ak Réveillez-vous ! te “ yon pawòl [...] nan moman ki apwopriye ”. (Pwo. 25:11.) Annou itilize yo pou nou ede plizyè milyon lòt moun vin konnen Jewova.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm — 2005 | fevriye
    • Jan pou nou prezante peryodik yo

      La Tour de Garde 15 fevriye

      “ Gende fwa nou tande pale de mirak yo pretann ki fèt. [Bay yon egzanp.] Gen moun ki kwè nan sa yo rapòte yo, gen lòt moun ki gen dout. Peryodik sa a egzamine si mirak yo pale nan Bib la te fèt vre, e si bagay konsa ka fèt jodi a. ” Li Jeremi 32:21.

      Réveillez-vous! 22 fevriye

      “ Nan tan lontan, Bondye te bay timoun yo lòd pou yo onore ni manman yo ni papa yo. [Li Egzòd 20:12.] Èske w panse jodi a manman yo resevwa onè kòmsadwa ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine pwoblèm manman yo rankontre nan divès peyi e li montre ki jan yo debouye yo anba pwoblèm sa yo. ”

      Toudegad 1ye mas

      “ Èske w panse sitiyasyon an ta pi bon nan lemonn si tout moun te mete konsèy nou pral li la a ann aplikasyon ? [Li Women 12:17, 18. Ansuit, kite moun nan reponn.] Malerezman, pafwa moun gen mezantant antre yo. Peryodik sa a montre lè nou aplike konsèy Bib la bay, sa kapab ede nou rezoud mezantant yo e sa kapab retabli lapè. ”

      Réveillez-vous! 8 mas

      “ Chak ane, bezwen moun genyen nan domèn enèji tankou gaz, gazolin ak elektrisite, ap ogmante. Èske w imajine ki sa ki t ap rive si bagay sa yo nou bezwen an ta fini yon jou ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou pwogrè lèzòm reyalize nan devlopman sous enèji ki pi pwòp. Li fè nou konnen tou kiyès ki Sous tout enèji. ” Li Izayi 40:26.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje