-
‘ Se pou nou gen lanmou nan mitan nou ’Toudegad — 2003 | 1ye fevriye
-
-
kontantman nan syèl la pou yon grenn pechè ki repanti. ” Epi li di : “ Mwen di nou sa, se konsa gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon grenn pechè ki repanti. ” Donk, sousi gadyen mouton an ansanm ak madanm nan genyen an bay yon ide sou santiman Jewova ak kreyati ki nan syèl yo genyen. Menm jan gadyen mouton an ak madanm nan te bay afè yo ki te pèdi a anpil enpòtans, se konsa moun ki devye e ki pran distans yo avèk pèp Bondye a toujou gen enpòtans nan je Jewova (Jeremi 31:3). Moun sa yo ka fèb espirityèlman, men sa pa vle di otomatikman yo se rebèl. Ou ka wè, malgre moun sa yo fèb espirityèlman, yo toujou mache sou prensip Jewova nan yon seri de domèn (Sòm 119:176 ; Travay 15:29). Se sa k fè Jewova pa prese “ rejte yo devan fas li ” menm jan l pa t prese fè sa nan tan lontan. — 2 Wa 13:23.
10, 11. a) Ki jan nou ta dwe konsidere moun ki pran distans yo ak kongregasyon an ? b) Selon de egzanp Jezi yo, ki jan nou ka demontre nou gen sousi pou yo ?
10 Menm jan ak Jewova ak Jezi, nou menm tou, nou gen anpil sousi pou moun ki fèb e ki pa prezan nan kongregasyon an (Ezekyèl 34:16 ; Lik 19:10). Nou pa konsidere moun ki fèb espirityèlman yo kòm ka pèdi, men nou konsidere yo kòm mouton ki pèdi. Nou pa ret chita ap mande tèt nou poukisa pou n bay tèt nou pwoblèm pou yon moun ki fèb, kòmkwa kongregasyon an ap mache trè byen san moun sa a. Okontrè, nou konsidere moun ki devye yo e ki vle retounen yo, menm jan Jewova konsidere yo : Yo gen enpòtans nan je nou.
11 Ki jan nou kapab demontre nou gen sousi pou moun ki fèb yo ? Toule de egzanp Jezi yo demontre nou kapab fè sa 1) lè nou pran inisyativ, 2) lè nou montre nou gen bon jan, 3) lè nou fè tout sa nou kapab. Annou konsidere chak aspè sa yo youn apre lòt.
Pran inisyativ
12. Lè Jezi fè konnen gadyen mouton an “ al dèyè sa ki pèdi a ”, ki sa sa aprann nou sou atitid gadyen mouton an genyen ?
12 Nan premye egzanp lan, Jezi fè konnen gadyen mouton an “ al dèyè sa ki pèdi a ”. Gadyen mouton an pran inisyativ, li fè tout sa l kapab pou l jwenn mouton ki pèdi a. Difikilte, danje ak distans pa fè l fè bak. Okontrè, li chèche l chèche “ jiskaske l jwenn li ”. — Lik 15:4.
13. Nan tan lontan, ki sa sèvitè fidèl Bondye yo te konn fè pou ede moun ki fèb yo, e ki jan nou ka imite egzanp sa yo nou jwenn nan Bib la ?
13 Menm jan an tou, lè gen moun ki bezwen ankourajman, byen souvan sa mande pou se moun ki pi djanm nan ki pou pran inisyativ. Sèvitè fidèl nan tan lontan yo te konprann sa. Pa egzanp, Yonatàn, pitit Wa Sayil, te remake jan David, ki zanmi entim li, te bezwen ankourajman. Sa l fè, li “ leve al Orèch kot David yon fason pou l bay men l fòs pou sa ki gen rapò ak Bondye. ” (1 Samyèl 23:15, 16). Plizyè syèk apre sa, gouvènè Neyemya te wè gen nan Juif yo ki te vin fèb. Lè l wè sa, li ‘ leve menm kote a ’, li ankouraje frè l yo pou yo ‘ fikse lespri yo sou Jewova ’. (Neyemya 4:14.) Nou menm tou jodi a, nou bezwen leve pou nou aji yon fason pou n ka bay moun ki fèb yo fòs. Men, ki moun nan kongregasyon an ki dwe fè sa ?
14. Kilès nan kongregasyon an ki gen responsablite pou ede moun ki fèb ?
14 Ansyen yo, an patikilye, gen responsablite pou yo ‘ bay men ki fèb yo fòs, pou yo bay jenou k ap tranble yo jarèt e pou yo di moun ki gen enkyetid nan kè yo konsa : “ Mete kouraj nou sou nou. Nou pa bezwen pè. ” ’ (Izayi 35:3, 4 ; 1 Pyè 5:1, 2). N ap remake, dapre konsèy Pòl la, se pa ansyen yo sèlman ki gen pou yo “ pale yon fason pou konsole nanm moun ki deprime, [pou yo] soutni sa ki fèb. ” Okontrè, Pòl t ap pale ak tout “kongregasyon Tesalonik” la nèt (1 Tesalonisyen 1:1 ; 5:14). Se tout kretyen ki gen responsablite pou yo pran inisyativ ede moun ki fèb. Se chak kretyen ki ta dwe gen anvi pou yo aji menm jan ak gadyen mouton an, pou yo “ al dèyè sa ki pèdi a ”. Natirèlman, pou sa byen mache, sa bezwen fèt an kolaborasyon ak ansyen yo. Èske w ka fè yon bagay nan sans sa a yon fason pou w ede moun ki fèb nan kongregasyon an ?
Annou montre nou gen bon jan
15. Sa k fè gadyen mouton an te aji jan l aji a ?
15 Ki sa gadyen mouton an fè lè l resi jwenn mouton ki pèdi a ? “ Li mete l sou zepòl li. ” (Lik 15:5). La a, Jezi bay yon ti detay ki touchan e ki vle di anpil bagay. Petèt mouton an te gendwa fè plizyè jou ak plizyè nuit ap pwonmennen nan yon zòn li pa abitye, kote menm lyon te ka atake l (Jòb 38:39, 40). Sandout mouton an pa t manje, sa te fè l vin fèb. Petèt, tou senpleman, li pa t gen ase fòs pou l fè fas ak danje li t apral rankontre nan wout pou l retounen al jwenn twoupo a. Sa gadyen an fè, li bese, li ranmase mouton an avèk tandrès. Li pote l retounen nan twoupo a malgre danje li te ka jwenn sou wout li. Ki jan nou kapab demontre nou gen menm tandrès ak gadyen mouton an ?
16. Ki sa k fè nou bezwen imite fason gadyen an te ede mouton ki pèdi a ?
16 Yon moun ki pran distans li ak òganizasyon an kapab vin about espirityèlman. Tankou jan sa te rive mouton ki te kite gadyen l lan, yon moun konsa kapab ap flannen nan monn sa a ki deja difisil san l pa konn kote l prale. Piske moun sa a pa jwenn pwoteksyon nan men kongregasyon an ki tankou yon twoupo, li vin san defans devan Dyab la ‘ k ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, k ap chèche yon moun pou l devore ’. (1 Pyè 5:8.) Se pa sa sèlman. Piske nan yon sans espirityèl li pa manje, sa fè l vin fèb. Donk, se kòmsi li vin twò fèb pou l fè fas ak pwoblèm l ap rankontre nan wout l ap fè pou l retounen vin nan kongregasyon an. Nan yon sans, sa vin fè nou bezwen bese pou nou ranmase moun ki fèb la tou dousman pou nou pote l tounen (Galat 6:2). Ki jan n ap rive fè sa ?
17. Ki jan nou ka imite apot Pòl lè n al vizite yon moun ki fèb ?
17 Men ki sa apot Pòl deklare : “ Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. ” (2 Korentyen 11:29, Bib la ; 1 Korentyen 9:22). Pòl te konn mete tèt li nan plas lòt moun, san wete moun ki fèb yo. Nou ta renmen fè menm jan an tou, pou nou mete tèt nou nan plas moun ki fèb yo. Lè n al vizite yon frè ki fèb espirityèlman, nou bezwen ba l asirans li gen enpòtans nan je Jewova, nou bezwen montre l jan frè ak sè l yo nan kongregasyon an sonje l anpil (1 Tesalonisyen 2:17). Fè l konnen jan yo byen dispoze pou yo ede l, jan yo konsidere tèt yo kòm yon frè pou li, “ yon frè ki fèt pou lè gen malè ”. (Pwovèb 17:17 ; Sòm 34:18.) Nou ka sèvi avèk pawòl konsa, pawòl ki soti nan kè nou, pou nou ankouraje l tikras pa tikras, jiskaske li gen posiblite retounen al jwenn twoupo a. Men, ki sa nou dwe fè apre sa ? N ap jwenn repons lan nan egzanp yo bay sou madanm ki te pèdi pyès monnen an.
Ann fè tout sa nou kapab
18. a) Sa k fè madanm ki nan egzanp lan pa t dezespere ? b) Ki bonjan efò madanm nan te fè e ki rezilta li te jwenn ?
18 Se vre madanm nan konnen li pa fasil pou l jwenn pyès monnen an, men li konnen sa pa vle di li entwouvab. Si kòb la te tonbe nan yon rak ki plen raje, oubyen nan yon gwo ma labou, sa te ka fè l panse se lave men siye atè pou l al chèche l. Men, piske madanm nan konnen se yon kote nan kay la kòb la ye, sa vle di pou li menm, li pa entwouvab. Li tonbe fouye tout kote pou l chèche l byen chèche (Lik 15:8). Sa l fè, li limen yon lanp pou l klere kay la. Lèfini, li pase bale atè a pou l wè si l pap tande yon bri metal. Finalman, li pran san l pou l chèche nan tout ti kwen jiskaske limyè lanp la al tonbe sou yon ti pyès monnen. Anfen ! Madanm nan pa t chèche pou granmesi.
19. Ki sa nou aprann nan egzanp sou madanm ki te pèdi pyès monnen an nan fason pou nou ede moun ki fèb ?
19 Tankou jan detay nou wè nan egzanp sa a montre, obligasyon nou jwenn nan Bib la pou nou ede yon kretyen ki fèb, se pa bagay ki twòp pou nou. Men, anmenmtan, nou rann nou kont sa mande efò. Annefè, apot Pòl te di ansyen Efèz yo konsa : “ Se lè nou travay di konsa nou ka vin ede moun ki fèb yo. ” (Travay 20:35a). Pa bliye sa k fè madanm nan jwenn pyès monnen an : li pa t annik fè yon koudèy konsa konsa nan chak kwen kay la, ni li pa t annik jis fè yon ti gade. Okontrè, sa k fè l te jwenn kòb la, se paske l te pran san l pou l byen chèche, “ jiskaske l jwenn li ”. Menm jan an tou, lè n ap ede yon moun ki fèb pou l reprann fòs espirityèlman, nou bezwen fè bonjan efò e nou bezwen gen yon objektif. Ki sa nou ka fè ?
20. Ki sa ki ka fèt pou ede moun ki fèb yo ?
20 Ki sa nou ka fè pou nou ede yon moun ki fèb pou l vin gen bonjan lafwa e pou l gen rekonesans ? Tout sa moun nan bezwen, se gendwa etidye l bezwen etidye nan yon piblikasyon ki apwopriye. Natirèlman, si nou fè etid ak moun ki fèb la, sa ap pèmèt nou ba l yon èd ki konplè. Petèt se siveyan sèvis la k ap pi byen plase pou wè kilès ki kapab bay moun nan èd sa a. Li ka pwopoze ki sijè yo ka etidye e nan ki piblikasyon y ap ka fè sa pi byen. Madanm nan egzanp lan te sèvi ak materyèl ki apwopriye pou l fè sa l t ap fè a. Menm jan an tou jodi a, nou gen bonjan zouti ki ka ede nou akonpli travay Bondye ban nou pou nou ede moun ki fèb yo. Gen de piblikasyon nou fèk jwenn k ap ede nou fè sa espesyalman : se liv Adorez le seul vrai Dieu a ansanm ak liv Approchez-vous de Jéhovah a.a
21. Sa k fè nou ka di lè nou ede moun ki fèb se tout moun ki jwenn benediksyon ?
21 Lè nou ede moun ki fèb yo, se tout moun ki jwenn benediksyon. Moun yo bay èd la kontan retounen nan mitan moun ki bon zanmi l. Nou menm, nou gen yon jwa ki soti nan kè nou, yon jwa se lè w bay li sèlman ou ka genyen l (Lik 15:6, 9 ; Travay 20:35b). Lè chak manm nan kongregasyon an montre youn nan enterè lòt, sa pèmèt gen yon bèl anbyans ki vin devlope nan tout kongregasyon an. Sa ki pi enpòtan an, sa onore gran Bèje nou yo ki gen sousi pou nou, anpalan de Jewova ak Jezi. Yo gen volonte pou yo soutni moun ki fèb yo, e volonte sa a reflete lakay sèvitè yo ki sou tè a (Sòm 72:12-14 ; Matye 11:28-30 ; 1 Korentyen 11:1 ; Efezyen 5:1). Èske sa pa motive nou pou nou kontinye gen lanmou youn pou lòt ?
-
-
“ Kontinye pwodui anpil fwi ”Toudegad — 2003 | 1ye fevriye
-
-
“ Kontinye pwodui anpil fwi ”
‘ Kontinye pwodui anpil fwi e montre nou se disip mwen. ’ — JAN 15:8.
1. a) Ki sa Jezi te di apot li yo pou yon moun fè pou l rete yon disip ? b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou ?
JOU swa anvan Jezi mouri a, li te pase anpil tan ap ankouraje apot li yo, li te gen yon konvèsasyon fran avèk yo. Li dwe depase minui kounye a, men, lanmou Jezi genyen pou zanmi entim li yo pouse l kontinye pale avèk yo. Apre sa, pandan l t ap pale avèk yo, li raple yo yon lòt bagay yo bezwen fè pou yo kontinye rete disip li. Li di yo : “ Men nan ki sa Papa m jwenn glwa, se lè nou kontinye pwodui anpil fwi e nou montre nou se disip mwen. ” (Jan 15:8). Jodi a, antanke disip, èske nou ranpli kondisyon sa a ? Ki sa sa vle di “ pwodui anpil fwi ” ? Pou nou rive konprann, annou konsidere konvèsasyon yo te genyen jou swa sa a.
2. Ki egzanp ki gen rapò ak fwi Jezi te pran jou swa anvan l mouri a ?
2 Konsèy pou pwodui fwi a se yon pati nan egzanp Jezi te pran nan yon konvèsasyon li te gen ak apot li yo. Li di yo : “ Mwen se vrè pye rezen an, e Papa m se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa pwodui fwi, li retire yo, e tout sa ki pwodui fwi, li netwaye yo pou yo ka pwodui plis fwi. Nou deja pwòp akoz pawòl mwen di nou yo. Rete ann inyon avèk mwen e mwen menm m ap rete ann inyon avèk nou. Menm jan branch yo pa kapab pwodui fwi pou kont yo si yo pa rete nan pye rezen an, se menm jan an tou pou nou, amwenske nou rete
-