BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Evite kouri dèyè “ bagay ki san valè ”
    Ministè Wayòm — 2002 | septanm
    • 1 Youn nan mwayen kominikasyon moun sèvi anpil avèk li jounen jodi a se e-mail. Pa gen mal pou nou ekri fanmi nou ak zanmi nou pou nou di yo esperyans nou fè ak lide nou genyen. Men, kòm pa gen limit nan fason moun ekri moun sou Entènèt, gen “ bagay san valè ” ki mache avèk li. Ki bagay sa yo ? — Pwo. 12:11.

      2 E-mail : prekosyon pou nou pran : Gen moun ki pretann yo santi yo plis an kontak ak òganizasyon Jewova a lè yo resevwa nouvèl ki fèk tonbe pa mwayen e-mail. Sa kapab gen ladan l esperyans moun fè, remak sou sa k ap pase nan Betèl, rapò sou dezas oswa sou pèsekisyon, e menm enfòmasyon konfidansyèl yo bay nan Lekòl ministè Wayòm. Gen lòt moun ki cho pou yo gaye nouvèl sa yo. Lè konsa, yo espere se yo menm an premye k ap fè zanmi yo konn sa.

      3 Pafwa, gen moun ki konn tòde nouvèl yo oswa yo mete pase genyen. Oubyen petèt nan fè efò pou yo fè gwo enpresyon, genyen ki konn bay nouvèl ki fè move efè. Souvan, lè yon moun prese pou l mete pawòl konsa deyò, li konn pa gen tout done yo (Pwo. 29:20). Nan kèk ka, menm lè se yon koze moun mal pou kwè, yo bay li kanmenm kòm yon zen. Fè moun kwè nan bagay ki pa sa, se rakonte “ istwa ki pa vre ”, e se pa sa k ap ede moun vin gen plis atachman pou Bondye vre. — 1 Tim. 4:6, 7.

      4 Si w resevwa yon nouvèl ki pa egzak sou Entènèt epi ou tou voye l bay lòt moun, ou responsab tou piske ou patisipe nan lapenn oswa nan konfizyon nouvèl sa a kapab kreye. Lè David te resevwa yon rapò egzajere ki di yo touye tout pitit gason l yo, sa te fè l mal anpil, e “ li chire rad sou li ”. Alaverite sepandan, se te youn nan pitit gason l yo sèlman ki te mouri. Sa te lage David nan kont detrès li deja, men, pase genyen yo te mete a vin ogmante detrès sa a (2 Sam. 13:30-33). Sètènman, nou pa ta renmen fè anyen ki pou fè frè yo kwè ni bagay ki pa sa, ni bagay k ap dekouraje yo.

      5 Filyè Bondye mete an plas la : Pa bliye : Papa nou ki nan syèl la mete yon filyè an plas. Filyè sa a se “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. “ Esklav ” sa a gen responsablite pou l jije ki enfòmasyon ki fèt pou disponib pou moun ki nan mezon lafwa a, e se li k ap jije ki ‘ moman ki apwopriye ’ pou yo bay li. Nouriti espirityèl sa a, se sèl nan òganizasyon teyokratik la li disponib. Se sou filyè Bondye mete an plas la pou je nou toujou fikse si nou bezwen jwenn enfòmasyon ki kredib, se pa sou Entènèt. — Mat. 24:45.

      6 Sit Wèb sou Entènèt : Nou gen yon sit wèb ofisyèl sou Entènèt se :www.watchtower.org. Sit sa a sifi pou fè piblik la jwenn enfòmasyon ki disponib yo. Pa gen okenn nesesite pou okenn moun, ni komite, ni kongregasyon prepare paj Wèb sou Temwen Jewova. Gen moun ki amize yo ap mete tout sa ki nan piblikasyon nou yo sou Entènèt e yo menm ekri tout sa ki gen nan vèsè yo ak tout referans yo bay yo. Genyen ki menm voye dokiman sou sa ki te di nan kongrè. Gen moun ki konn mande ofrann pou sa. Kit gen pwofi kit pa genyen, si yon moun amize l ap repwodui piblikasyon Temwen Jewova yo, l ap distribye yo nan yon dokiman elektwonik, se vyole lalwa sou dwa ki rezève pou pwodiktè a. Kèk moun kapab wè se sèvis y ap rann frè yo, men, nou pa dakò avèk yo e yo ta fèt pou yo sispann aji konsa.

      7 Montre nou gen bon jijman ak tèt an plas lè n ap sèvi ak kominikasyon elektwonik. Sa bay asirans lespri nou “ plen ak bon bagay ki koute chè ”. — Pwo. 24:4 (Bib la).

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm — 2002 | septanm
    • Jan pou nou prezante peryodik yo

      La Tour de Garde 15 sept.

      “ Gen dè milyon moun ki kwè ‘ sen ’ yo gen pouvwa, e yo panse li bon pou moun priye yo. Ki sa w panse de sa ? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Jezi Kris di sou sa. [Li Jan 14:6.] Gen moun vèsè sa a fè yo mande tèt yo si l bon vrèman pou moun priye ‘ sen ’. Peryodik sa a trete pwen enpòtan sa a. ”

      Réveillez-vous ! 22 sept.

      “ Aksyon teworis ap fè sou tè a jodi a enkyete anpil moun, e yo menm pale pou yo ta sèvi ak zam byolojik. Èske w panse gouvènman yo kapab rezoud pwoblèm teworis la ? [Kite moun nan reponn.] Bib la di nou sa Bondye anvizaje fè. [Li Ezekyèl 34:28.] Réveillez-vous ! sa a pale sou kèk nan pwen sa yo. ”

      La Tour de Garde 1ye oktòb

      “ Anpil moun ap mande tèt yo si pwoblèm n ap viv jodi a tankou lagè, krim ak lòt vye zak ankò ap janm fini. Ki sa w panse ou menm ? [Kite moun nan reponn.] Bib la fè nou yon pwomès ki ka rekonfòte nou. [Li Sòm 37:10, 11.] Toudegad sa a esplike poukisa Bondye poko retire mechanste ansanm ak tout soufrans sa pote. ”

      Réveillez-vous ! 8 oktòb

      “ Jodi a, yo konstate gen anpil fanmi ki egziste kote w jwenn se manman an, oubyen papa a k ap leve pitit pou kont li, e se yon fenomèn k ap ogmante chak jou. Bib la montre Kreyatè nou an gen konpasyon pou yo. [Li Sòm 146:9.] Réveillez-vous ! sa a montre kèk prensip biblik ki ka ede paran sa yo jwenn bon rezilta nan fason y ap leve pitit yo. ”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje