-
Lè n ap ofri piblikasyon nan tèritwa kote gen moun ki pale lòt langMinistè Wayòm — 2003 | jiyè
-
-
Lè n ap ofri piblikasyon nan tèritwa kote gen moun ki pale lòt lang
1. Poukisa gen anpil kongregasyon ki bezwen gen piblikasyon nan lòt lang ?
1 Anpil kote sou tè a, predikasyon vle di pale ak moun ki soti nan lòt peyi tou. Anpil nan moun sa yo pwogrese pi vit e yo konprann pi byen lè se nan lang manman yo ou pale avèk yo. Ki sa ki ka fèt pou ede moun ki enterese yo jwenn piblikasyon nan lang yo pi byen konprann ?
2. Ki sa ki ta dwe fèt lè omwen de kongregasyon ki pa pale menm lang gen menm tèritwa sou kont yo pou yo preche ?
2 Lè pou nou ofri piblikasyon : Lè omwen de kongregasyon ki pa pale menm lang gen menm tèritwa sou kont yo pou yo preche, chak siveyan sèvis dwe kowopere youn ak lòt sou lobedyans kolèj ansyen chak kongregasyon pou yo mete yon sistèm an plas, yon sistèm ki bon ni pou youn, ni pou lòt. Sa ap pèmèt yo bay tout moun yon temwayaj konplè, kèlkeswa lang yo pale. Nòmalman, lè se kay an kay yon pwoklamatè ap preche, li pa ta dwe ofri piblikasyon nan lang yon lòt kongregasyon. Toutfwa, lè se nan kad temwayaj enfòmèl oswa se nan yon andwa piblik, yon pwoklamatè kapab ofri piblikasyon nan lang moun li rankontre yo. — Gade ribrik Réponse à vos questions ki te parèt nan Ministè Wayòm oktòb 1990 (fransè).
3. Nan ki ka yon kongregasyon ka konsève piblikasyon nan lang etranje nan stòk li ?
3 Lè nou ka gen piblikasyon konsa an stòk : Ki sa ki ka fèt lè gen yon bon kantite moun ki pale yon lang etranje k ap viv nan yon tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon ki pale lang sa a ? Nan ka sa a, yon kongregasyon ta ka konsève yon ti kantite piblikasyon yo itilize souvan nan stòk li, tankou feyè, bwochi Bondye vle a, Ami de Dieu ak liv Konesans lan, depi piblikasyon sa yo disponib nan lang nan. Yon pwoklamatè kapab ofri piblikasyon sa yo depi l rankontre yon moun ki konn li lang sa a.
4. Ki jan nou ka fè pou nou jwenn piblikasyon nan yon lang kongregasyon an pa genyen nan stòk li ?
4 Ki jan nou ka fè kòmann : Sipozon ou rankontre yon moun ki enterese e ki pa konn li nan lang peyi a, men kongregasyon w lan pa ta gen piblikasyon nan lang li konn li a, ki sa pou w fè si w ta vle jwenn piblikasyon nan lang sa a ? Pwoklamatè a ka kontakte frè ki responsab piblikasyon an pou l wè kiyès nan piblikasyon nou yo ki disponib nan lang nan, dekwa pou l ka fè mete piblikasyon l ap bezwen yo nan kòmann kongregasyon an pral fè pou mwa a.
5. Ki sa ki ka fèt nan ka kote yon pwoklamatè bezwen yon piblikasyon anvan kongregasyon an fè kòmann pou mwa k ap vini an ?
5 Si gen ijans, pwoklamatè a mèt pale ak youn nan manm komite sèvis kongregasyon an. L ap mande l si yo ka fè kòmann nan pou li anvan lè kongregasyon an ta sipoze fè kòmann pou mwa k ap vini an. Si komite sèvis la apwouve demach la, kowòdinatè piblikasyon an oswa yon moun li mande fè sa ap ekri oubyen l ap telefone filyal la pou l fè yon kòmann ann ijans. Y ap voye piblikasyon sa yo swa nan adrès yo abitye voye piblikasyon pou kongregasyon an, swa nan yon adrès tanporè, si se sa moun ki fè kòmann nan prefere. Si se yon piblikasyon moun nan ap bezwen nan youn oswa de jou, se kongregasyon an k ap gen pou l peye depans ki fèt pou transpò a.
6. Nan ki objektif n ap fè moun yo jwenn piblikasyon ?
6 Ann byen sèvi ak piblikasyon nou yo yon fason pou nou ede “ tout kalite moun ”, kèlkeswa lang yo pale. Si nou fè sa, n ap pèmèt yo “ jwenn yon konesans egzak sou laverite ”, yon konesans ki ka “ sove ” lavi yo. — 1 Tim. 2:3, 4.
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yoMinistè Wayòm — 2003 | jiyè
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 jiyè
“ Jodi a, gen anpil moun ki remake moun yo gen plis tandans izole tèt yo. Èske w panse li saj pou yo aji konsa ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa yon pwovèb di sou enpòtans yon bon zanmi. [Li Eklezyas 4:9, 10.] Peryodik sa a montre poukisa se nou tout ki gen bezwen moun e, si yon moun toujou ap izole tèt li, peryodik sa a montre ki jan li ka rezoud pwoblèm sa a. ”
Réveillez-vous! 22 jiyè
“ Anpil moun enkyè pou jan yo wè bagay ki gen rapò ak pònografi gaye toupatou. Èske w panse se yon rezon pou moun ap bay tèt yo pwoblèm pou sa ? [Kite moun nan reponn.] Konsèy pratik nou jwenn nan Bib la ka pwoteje nou. [Li Efezyen 5:3, 4.] Peryodik sa a montre ki jan nou ka pwoteje tèt nou pou nou pa pran nan pyèj ki gen nan pònografi. ”
Toudegad 1ye out
“ Jodi a, anviwon mwatye nan popilasyon mondyal la ap viv nan mizè. Èske w panse gen yon bagay ki ka fèt pou chanje sitiyasyon sa a ? [Kite moun nan reponn.] Toudegad sa a montre, dapre Bib la, ki jan pwoblèm mizè a pral jwenn yon solisyon definitif. ” — Li Sòm 72:12, 13, 16.
Réveillez-vous! 8 out
“ Nan ane ki sot pase yo, chanjman ki fèt nan klima a fè gen katastwòf, e katastwòf sa yo lakòz gwo dega toupatou sou tè a. Ki sa w panse ki ta ka fèt pou soulaje moun ki viktim yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou pwoblèm chanjman k ap fèt nan klima a, e li montre tou ki solisyon Bib la prevwa pou pwoblèm konsa. ” — Li Izayi 35:1.
-