BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/99 p. 8
  • Ki sa pou n di yon Mizilman ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou n di yon Mizilman ?
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Èske w sèvi ak bwochi sa yo?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Yon nouvo bwochi pou nou ofri moun yo!
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Èske w konn sèvi ak bwochi Bondye vle a pou w kòmanse etid biblik ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 11/99 p. 8

Ki sa pou n di yon Mizilman ?

1 Èske w te deja fè eksperyans preche yon Mizilman ? Si wi, se pwobab ou te aprann Mizilman yo kwè nan Bondye atoutfòs. Toutfwa, yo pa konn anpil bagay sou Paradi k ap sou tè a jan pwofèt Jewova yo te predi l la. Nou ta renmen pataje espwa sa a avèk yo (1 Tim. 2:3, 4). Enfòmasyon annapre yo ta ka ede w bay yon bon temwayaj.

2 Mizilman yo kwè nan Ala, oswa Bondye, e yo kwè Mouhamad se pwofèt Bondye. Koran an se liv sakre yo, relijyon yo a rele Islam, ki vle di ‘ soumisyon ’. Koran an fè remake bay manti ak adore zidòl se mal, Bondye se yon sèl, li pa fè pati yon Trinite. Li anseye nanm imòtèl, dife lanfè epi yon paradi selès tou. Mizilman yo asepte Bib la kòm Pawòl Bondye, men yo kwè yo te modifye l, alòske Koran an toujou rete pi, selon lang orijinal la.

3 Se pou w amikal, se pou w gen tak epi se pou w klèvwayan : Lè w angaje yon konvèsasyon ak yon Mizilman, se pou w amikal epi se pou w gen tak (Pwov. 25:15). Mete byen nan tèt ou kwayans yon Mizilman byen chita nan tèt li e laplipa kwayans sa yo se pakè yo te aprann yo. Konsa, rezone sou ansèyman relijye e pwouve sa volonte Bondye ye, sa pa nan fòmasyon espirityèl yo (Wom. 12:2). Li trèzenpòtan pou gen pasyans ak konpreyansyon pou ede Mizilman. — 1 Kor. 9:19-23.

4 Evite pou w pa sèvi ak ekspresyon k ap fè yon Mizilman pran w pou yon moun ki makònen ak kretyènte a. Fè wè klè ou pa ni nan relijyon katolik ni nan relijyon pwotestan, ou se yon lòt kalite moun. Lè w ap site Labib la, rele l liv Bondye a pito. Piske Mizilman yo gen repiyans pou ekspresyon “ Pitit Bondye ”, abityèlman li pi bon pou w pa sèvi avè l. Oubyen ou ka pran sijè konsa lè moun nan kòmanse fè pwogrè espirityèl. Toutfwa, ou kapab pale de Jezi, men site li ankalite pwofèt oswa mesaje. Evite diskisyon. Si w vin wè kòmanse gen fache, avèk politès kite sa imedyatman.

5 Li pi bon pou w pale ak yon sèl moun olye pou w pale ak tout yon gwoup. Abityèlman, li pi konvnab pou fi preche fi, pou gason preche gason. Li klè gen eksepsyon nan sa, men fòk nou sèvi ak bon jijman nou. Anpil Mizilman trè sansib tou sou rad fi ak kwafi yo jije ki endesan. Sè yo bezwen fè atansyon sou sa. — 1 Kor. 10:31-33.

6 Bagay pou w pale : Avèk franchiz, pale sou grandè Bondye ak amou li. Pa ezite fè konnen ou se yon vrè kwayan, gen yon sèl Bondye (li pa yon Trinite), e adore zidòl se mal. Pale sou mechanste nan monn jodi a : lagè, malèz sosyal, hèn rasyal ak ipokrizi ki byen vizib nan mitan anpil moun poutan ki relijye.

7 Bwochi : La direction venant de Dieu : le chemin qui mène au Paradis ap ba ou plis klèvwayans sou sijè ou ka itilize pou ouvri konvèsasyon ak Mizilman yo. Se yon bwochi yo prevwa pou touche Mizilman ki nan zòn yo santi yo lib pou etidye Labib la.

8 Nan yon prezantasyon ou ka di :

◼ “ M ap fè yon efò espesyal pou m pale ak Mizilman yo. Mwen te li kèk enfòmasyon sou relijyon ak kwayans nou yo e mwen kwè m gen rezon di Mizilman kwè nan yon sèl vrè Dye e nan tout pwofèt yo. [Kite moun nan reponn.] Mwen ta renmen pale avè w sou ansyen pwofesi ki te predi tè a gen pou transfòme pou l vin yon paradi. Èske m ka li pou ou sa pwofèt la te ekri a ? [Li Izayi 11:6-9.] Pwofesi sa a fè m panse sou yon pasaj ki nan Koran an nou jwenn nan bwochi sa a. ” Vire nan paj 9 nan bwochi Direction venant de Dieu a, epi li tèks ki enprime an lèt fonse ki atire atansyon sou moun ki jis yo k ap eritye tè a. Si l montre sa enterese l, kontinye konvèsasyon an nan paragraf 7 jiska paragraf 9 nan lòt paj la. Kite bwochi a nan men li, epi pran dispozisyon pou yon lòt vizit. — Pou lòt prezantasyon, gade nan Le Ministère du Royaume fevriye 1998, paj 6, paragraf 27.

9 Lè w envite yon moun etidye bwochi Direction venant de Dieu a, li pi bon pou w di se yon konvèsasyon olye pou w rele l yon etid biblik. Lè w fini bwochi a, etidyan an ta dwe toupare pou etidye bwochi Sa Bondye vle oswa Attend oswa liv Connaissance lan. Lòt piblikasyon yo prevwa espesyalman pou Mizilman se feyè Le chemin du Paradis : Comment le trouver ? ak bwochi Le temps de la vraie soumission à Dieu.

10 Avèk yon konesans konsa sou kwayans islamik yo ak sou pwen yo sansib yo, nou kapab disènen ki piblikasyon n ap seleksyone pou ofri Mizilman, e ki fason pou nou preche yo. Nou swete Jewova ap kontinye beni efò n ap fè pou ede tout kalite moun vin envoke non li pou yo sove. — Travay 2:21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje