-
Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yoMinistè Wayòm — 2005 | jen
-
-
Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yo
1. Menm jan ak kretyen premye syèk yo, kòman kretyen jodi a fè pou yo bay temwayaj nan lye piblik yo, e ki rezilta sa bay ?
1 Menm jan ak premye disip Jezi yo, kretyen jodi a chèche preche bon nouvèl la kèlkeswa kote yo ka jwenn moun (Tra. 16:13 ; 17:17 ; 20:20, 21). kòm rezilta efò yo fè pou bay temwayaj nan lye piblik yo, yo jwenn enterè pami moun yo pa t ap janm rive pran kontak avèk yo nan predikasyon kay an kay.
2. Poukisa disènman nesesè lè n ap bay temwayaj nan lye piblik yo, e ki jan nou kapab kontribye pou sa fèt nan lòd ?
2 Nou bezwen gen disènman lè n ap bay temwayaj nan lye piblik yo. An jeneral, li pi bon pou nou travay san nou pa atire twòp atansyon sou nou. Pa egzanp, si twòp pwoklamatè ap preche nan menm zòn nan, oswa y ap vizite menm mezon komès yo, gen kèk moun ki ka santi prezans nou deranje yo. Sa ap diminye diyite travay nou an, e li ka menm retire sou efikasite nou. Ki sa k ka fèt pou anpeche sa rive ? Kèk kongregasyon ki gen anpil zòn pou yo bay temwayaj piblik twouve li bon pou yo òganize zòn sa yo an plizyè ti tèritwa (1 Kor. 14:40). Anplis de sa, nou kapab kontribye pou sa fèt nan lòd, lè nou preche sèlman nan tèritwa yo asiyen kongregasyon pa nou, amwenske komite sèvis kongregasyon an pran dispozisyon presi pou ede yon lòt kongregasyon. — Gade nan Ministè Wayòm novanm 1998, p. 6, paragraf 18-19.
3. Ki metòd kèk pwoklamatè twouve ki efikas lè y ap bay temwayaj nan lye piblik yo ?
3 Abòde moun yo : Lè Jezi t ap pale ak yon dam bò yon pi, li te kòmanse ak yon remak toukout. Ansuit, etap pa etap li etann konvèsasyon an lè l wè dam nan montre plis enterè (Jan 4:7-26). Metòd sa a efikas tou nan sèten ka jodi a. Kèk pwoklamatè twouve pou yo pi alèz pou yo bay temwayaj an piblik, li itil pou yo pase kèk minit ap salye moun nan, epi pou yo montre li enterè pèsonèl yo gen pou li, anvan yo prezante l mesaj Wayòm nan. Pwoklamatè yo fè kòmantè sou sijè ki enterese moun nan zòn nan, sa ki debouche souvan sou yon konvèsasyon. Lè lòt moun ap pale de bagay ki enterese yo, yo tande ak anpil atansyon. Konsa, sa pa pran tan pou pwoklamatè yo fè yo konnen mesaj rekonfòtan ki nan Pawòl Bondye a. — Wom. 15:4.
4. Ki jan nou kapab kiltive enterè nou jwenn ?
4 Annou kiltive enterè a : Chak fwa nou fin fè yon bon dyalòg ak yon moun, nou ta dwe chèche pran dispozisyon pou nou kiltive enterè a. Ki jan nou ka fè sa ? Pandan dyalòg la pral fini, nou kapab pran kanè nòt nou epi nou di : “ Mwen kontan ti konvèsasyon nou sot fè a. Èske gen mwayen pou nou kontinye l yon lòt lè ? Oubyen nou ka di : “ Mwen ta renmen w li yon atik mwen sèten k ap enterese w. Èske m ka pote l lakay ou oswa nan biwo w ? ” Gen kèk pwoklamatè ki annik mande : “ Nan ki nimewo telefòn mwen ka jwenn ou ? ” Byen souvan, moun nan bay yon repons favorab.
5. Ki objektif nou ta dwe genyen lè n ap bay temwayaj nan lye piblik ?
5 Anpil moun yo pran kontak avèk yo pou premye fwa nan lye piblik aksepte yon etib biblik. Yo konn kondui etid sa yo lakay moun nan, kote l ap travay, sou yon plas piblik apwopriye, oswa pa mwayen telefòn. Nou swete nou fè sa vin objektif nou pou nou kòmanse etid biblik pandan n ap bay temwayaj nan lye piblik.
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yoMinistè Wayòm — 2005 | jen
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 jen
“ Pifò nan nou pase yon bon pòsyon nan lavi nou ap travay. Gen moun ki konsidere sa kòm yon benediksyon. Gen lòt ki konsidere l kòm yon malediksyon. Ki sa w panse ou menm ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Eklezyas 2:24.] Peryodik sa a montre ki jan Bib la kapab ede nou gen yon pwennvi ekilibre sou kesyon travay. Li egzamine tou fason pou nou afwonte strès travay bay. ”
Réveillez-vous! 22 jen
“ Èske w panse kominote n ap viv ladan l lan ta pi bon si tout moun te aplike konsèy nou pral li la a ? [Li Efezyen 4:28. Apre sa, kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou pri elve nou chak nou peye akoz vòl ki fèt nan magazen. Li montre tou kòman vòl nan magazen ak tout lòt move zak pral disparèt talè konsa. ”
Toudegad 1ye jiyè
“ Nou tout nou konnen moun ki sanble reyisi nan lavi yo, e poutan moun sa yo santi gen bagay yo manke toujou. Ki sa w panse moun sa yo ap chèche ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li Matye 5:3.] Peryodik sa a pale de yon kle enpòtan pou nou viv ak kè poze : se satisfè bezwen espirityèl nou. ”
Réveillez-vous! 8 jiyè
“ Jounen jodi a kote konpetisyon ap monte an flèch sou mache travay la, chomaj vin yon gwo pwoblèm. Peryodik sa a devlope senk pwen kle pou moun jwenn yon travay. [Atire atansyon sou soutit yo ki an lèt gra nan atik : ‘ Cinq stratégies pour trouver un emploi. ’] Li bay sijesyon pratik tou sou fason pou w konsève yon travay. ” Li Pwovèb 22:29 yo site nan paj 10 la.
-