-
Fason siveyan etid liv yo demontre yo enterese nan nou pèsonèlmanMinistè Wayòm — 2002 | oktòb
-
-
6 Antanke yon bèje ki gen lanmou : Siveyan etid liv la enterese nan moun ki gen difikilte pou yo pase anpil tan nan predikasyon akoz sitiyasyon yo. L ap verifye si gen moun ki vrèman limite akoz yo twò granmoun oubyen akoz yo paralize oswa yo malad anpil pandan yon moman. Nan ka sa yo, l ap asire l yo konnen yo ka kontwole lè yo pa 15 minit, si yo pa ka pase inèdtan okonplè pandan yon mwa. (Se komite sèvis kongregasyon an k ap deside kiyès ki nan sitiyasyon pou benefisye aranjman sa a.) Si gen moun ki nan gwoup la ki inaktif, l ap fè tout efò l pou l ede yo reprann aktivite yo nan kongregasyon an. — Lik 15:4-7.
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yoMinistè Wayòm — 2002 | oktòb
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 oktòb
“ Ki jan w ta esplike timoun yo oswa yon lòt moun, poukisa gen tout mechanste sa yo jodi a ? [Kite moun nan reponn.] Bib la di nou kiyès moun ki kache dèyè tout mechanste sa yo. [Li 1 Jan 5:19.] Toudegad sa a ap ede w konprann kiyès moun mechan sa a ye, e ki jan w kapab opoze w ak li. ”
Réveillez-vous ! 22 oktòb
“ Èske w panse priyè alatèt legliz yo oubyen priyè lòt moun ap fè kapab pote lapè sou tè a ? [Kite moun nan reponn.] Bib la pwomèt nou, yon lè pral gen yon lapè mondyal. [Li Izayi 9:6, 7.] Èske w remake yo pale de yon kokennchenn dirijan ki pral pote lapè sou tè a ? Réveillez-vous ! sa a ap montre kiyès dirijan sa a ye e kòman li pral pote lapè toutbon vre. ”
La Tour de Garde 1ye novanm
“ Anpil moun ap fè efò pou yo viv anpè youn ak lòt. W ap dakò avè m, sa fasil pou moun di men sa pa fasil pou moun fè, pa vre ? [Kite moun nan reponn.] Bib la esplike rezon ki fè se konsa sa ye. [Li Jak 3:2.] Peryodik sa a montre nou tout enpòtans yon senp eskiz kapab genyen pou nou fè lapè e pou nou kontinye viv anpè. ”
Réveillez-vous ! 8 novanm
“ Gen yon pwofesi nan Bib la ki di konsa pral gen yon lè pap gen moun k ap di : ‘ mwen malad ’. [Li Izayi 33:24.] Èske se pa estrawòdinè ? [Kite moun nan reponn.] Toutfwa, jodi a lèzòm ap soufri anba anpil maladi, san wete flewo sida a. Réveillez-vous ! sa a reponn kesyon sa a : ‘ Èske yon lè pap gen sida ankò ? ’ ”
-