BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nou gen yon dèt anvè pwochen nou
    Ministè Wayòm — 2005 | jiyè
    • Nou gen yon dèt anvè pwochen nou

      1 Apot Pòl te santi se yon obligasyon pou li preche moun yo. Li te konnen Jewova rann sa posib pou tout kalite moun sove grasa san presye Pitit Gason l lan (1 Tim. 2:3-6). Se sa k fè, Pòl te di : “ Mwen gen yon dèt ni pou Grèk ni pou etranje, ni pou moun ki saj, ni pou moun ki ensanse. ” Li te travay ak tout li menm e san relach pou li peye sanblab li yo dèt sa a li gen pou yo a, lè li te pataje bon nouvèl la avèk yo. — Wom. 1:14, 15.

      2 Menm jan ak Pòl, kretyen yo jodi a chèche pataje bon nouvèl la ak pwochen yo nan tout okazyon. Avèk “ gwo tribilasyon ” an k ap pwoche a, li ijan pou nou chèche moun ki gen kè sensè yo. Se pou bonjan lanmou nou gen pou moun yo pouse nou patisipe nan travay sove lavi a avèk dilijans. — Mat. 24:21 ; Eze. 33:8.

      3 Peye dèt pa nou : Prensipal mwayen pou nou rive atenn moun yo se lè nou preche kay an kay. Nan tèritwa kote gen anpil moun ki pa lakay yo, si nou pran nòt presi epi nou retounen nan lòt lè, sa ap pèmèt nou rankontre plis moun (1 Kor. 10:33). Nou ka jwenn moun tou lè nou bay temwayaj nan tèritwa komèsyal, nan lari, sou plas piblik, nan pakin ak nan telefòn. Nou ka mande tèt nou : ‘ Èske m fè tout sa m kapab pou m itilize tout fòm predikasyon ki egziste pou m pataje mesaj k ap bay lavi a ? ’ — Mat. 10:11.

      4 Gen yon sè pyonye ki te santi li gen yon gwo responsablite pou li atenn tout moun nan tèritwa l. Twouve gen yon kay ki te gen rido l toujou fèmen, e pa t janm gen moun ladan l. Sepandan, yon jou, alòske pyonye a pa t nan predikasyon, li te remake yon machin devan kay sa a ki pa t janm gen moun nan. Etandone li pa ta vle pèdi okazyon an, li sonnen nan pòt la. Gen yon mesye ki reponn, e premye konvèsasyon an te bay sè a ak mari li posiblite pou yo fè plizyè vizit. Finalman, mesye a te aksepte yon etid biblik, e kounye a, se yon frè batize. Li trè rekonesan lefètke sè sa a te santi se yon dèt li genyen pou l preche pwochen l.

      5 Piske tan ki rete a tou kout, kounye a se moman pou nou peye sanblab nou dèt nou dwe yo a, lè nou bay tout nou menm nan travay predikasyon an. — 2 Kor. 6:1, 2.

  • Onzyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm — 2005 | jiyè
    • Onzyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese

      Ede etidyan yo fè vizit

      1 Lè yon etidyan Labib kòmanse patisipe nan travay predikasyon an, l ap rankontre moun bon nouvèl la enterese. Ki jan nou ka ede nouvo pwoklamatè a pou li fè vizit ki efikas e pou li kiltive enterè li jwenn lakay moun yo ?

      2 Preparasyon pou yon vizit kòmanse depi premye fwa nou rankontre yon moun. Ankouraje etidyan an pou li montre bonjan enterè pou moun l ap pale avèk yo (Fil. 2:4). Etap pa etap, aprann nouvo pwoklamatè a kòman pou li fè moun yo di sa yo panse, pou li koute yo lè y ap pale e pou li disène sa ki enterese yo. Lè yon moun montre li enterese, mande nouvo pwoklamatè a pou li ekri enfòmasyon ki apwopriye konsènan premye rankont lan. Sèvi ak enfòmasyon sa yo pou w ede l prepare lòt konvèsasyon.

      3 Fè preparasyon pou nou retounen : Revize sa ki te di nan premye rankont lan, epi montre etidyan an ki jan pou li seleksyone yon aspè nan mesaj Wayòm nan k ap atire moun li te rankontre a (1 Kor. 9:19-23). Prepare ansanm yon prezantasyon ki tou kout, ki gen ladan l yon vèsè biblik ansanm ak yon paragraf nan yon piblikasyon nou itilize pou fè etid. Anplis de sa, prepare yon kesyon nou ka poze nan fen konvèsasyon an pou nou poze baz pou pwochen vizit la. Montre nouvo pwoklamatè a kòman pou li ogmante konesans moun nan sou Pawòl Bondye a nan chak vizit.

      4 Li itil tou pou nou montre etidyan an yon entwodiksyon ki senp. Apre li fin salye moun nan, li ka di : “ Mwen te byen kontan ti konvèsasyon nou te genyen dènye fwa a, mwen tounen pou nou pataje lòt enfòmasyon biblik sou [di sijè a]. ” Anplis de sa, petèt w ap bezwen montre nouvo pwoklamatè a ki sa pou l di si se yon lòt moun li rankontre nan kay la.

      5 Suiv enterè a avèk dilijans : Ankouraje etidyan an pou l pran bon abitid retounen vizite byen vit tout moun ki montre yo enterese. Pou nou rive jwenn moun yo lakay yo sa ka mande pou nou retounen avèk pèseverans. Aprann etidyan an kòman pou li pran randevou pou pwochen vizit la ankò, epi ede li konprann nesesite pou li retounen jan li te pwomèt la (Mat. 5:37). Aprann nouvo pwoklamatè a pou li montre li gen bonte, li gen konsiderasyon ak respè toutpandan l ap chèche moun ki tankou mouton yo e toutpandan l ap chèche kiltive enterè yo gen lakay yo. — Tit 3:2.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje