BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Twazyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm — 2004 | novanm
    • Twazyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese

      Sèvi ak Ekriti yo yon fason ki efikas

      1. Poukisa nou dwe mete aksan sou Bib la lè n ap kondui etid Biblik ?

      1 Objektif nou lè n ap kondui etid biblik se “ fè disip ” pandan n ap ede moun konprann e aksepte ansèyman ki nan Pawòl Bondye a epi pou yo aplike yo nan vi yo (Mat. 28:19, 20 ; 1 Tes. 2:13). Poutèt sa, etid la dwe santre sou Bib la. Okòmansman, li ta bon pou nou montre etidyan yo fason pou yo jwenn vèsè yo site yo nan pwòp Bib pa yo. Men, ki jan nou kapab sèvi ak Bib la pou nou ede moun sa yo pwogrese espirityèlman ?

      2. Ki jan nou kapab deside ki vèsè biblik pou nou li e pou nou kòmante ?

      2 Chwazi tèks n ap li yo : Lè w ap prepare, chèche konprann fason chak tèks yo site nan leson an soutni pwen y ap pale a. Epi deside kiyès w ap chwazi pou w li e pou w kòmante pandan etid la. An jeneral, li bon pou nou fè etidyan an li vèsè biblik ki sèvi baz pou kwayans nou yo. Nou pa bezwen li tèks yo site pou bay enfòmasyon siplemantè yo. Pran an konsiderasyon bezwen ak sitiyasyon chak etidyan.

      3. Ki avantaj ki genyen lè nou sèvi ak kesyon, e ki jan nou kapab fè sa ?

      3 Sèvi ak kesyon : Olye pou se ou menm ki esplike etidyan an tèks biblik yo, fè l esplike yo li menm. Ou kapab sèvi ak kesyon pou w ankouraje l fè sa, si w abil nan jan w poze kesyon yo. Si aplikasyon yon vèsè parèt klè, ou ka senpleman mande l ki fason tèks la kore sa ki di nan paragraf la. Nan lòt ka, ou kapab bezwen sèvi ak yon kesyon ki byen presi oswa ak yon seri kesyon oryante k ap pèmèt etidyan an tire bon konklizyon an. Si l nesesè pou w bay plis esplikasyon, w ap fè sa apre etidyan an fin reponn.

      4. Ki kantite detay nou bezwen bay lè nou li yon vèsè ?

      4 Rete senp : Souvan yon moun ki konn manyen banza byen, li jis bezwen tire yon sèl flèch pou l touche sa l vize a. Menm jan an tou, yon bon anseyan pa bezwen di yon pakèt pawòl pou l mete aksan sou yon pwen. Li kapab fè mesaj la pase yon fason ki senp, ki klè e ki egzak. Pafwa, ou kapab bezwen fè rechèch nan piblikasyon nou yo pou w konprann yon vèsè e pou w esplike l kòrèkteman (2 Tim. 2:15). Men nan yon etid, pa eseye esplike tout detay ki gen nan yon vèsè. Pale sèlman sou sa nou bezwen pou nou soutni pwen n ap konsidere a.

      5, 6. Ki jan nou kapab ede etidyan yo aplike Pawòl Bondye a nan lavi yo, men ki sa nou dwe evite ?

      5 Fè aplikasyon ki pratik : Lè sa apwopriye, ede etidyan an wè fason pou l aplike tèks biblik yo nan ka pa l pèsonèlman. Pa egzanp, lè n ap egzamine Ebre 10:24, 25 avèk yon etidyan ki pa ko asiste reyinyon, nou ka pale sou youn nan reyinyon yo epi envite l vin asiste l. Men, evite pou nou pa fòse l. Kite Pawòl Bondye a pouse l fè sa k nesesè pou l fè Jewova plezi. — Ebre 4:12.

      6 Toutpandan n ap akonpli misyon nou genyen pou nou fè disip la, annou “ ankouraje obeyisans grasa lafwa ” lè nou sèvi ak Ekriti yo yon fason ki efikas. — Wom. 16:26.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm — 2004 | novanm
    • Jan pou nou prezante peryodik yo

      Réveillez-vous! 22 novanm

      “ Nan 20 ane ki sot pase yo, lèzòm vin konprann maladi SIDA a pi byen e yo rive amelyore remèd yo genyen pou maladi sa a. Malgre sa, gen anpil moun ki toujou mal enfòme. [Montre moun nan kare ki di “ Idées reçues ” a, epi kite l pale.] Peryodik sa a esplike ki jan paran yo kapab pwoteje pitit yo. ” Li Detewonòm 6:6, 7.

      Toudegad 1ye desanm

      “ Pifò moun ta renmen viv an sante, yo ta renmen viv lontan. Men, èske w pa ta renmen viv san ou pa janm mouri, si gen posiblite pou sa ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jan 17:3.] Peryodik sa a pale sou pwomès lavi etènèl nou jwenn nan Bib la. Li montre tou ki jan lavi a pral ye lè pwomès sa a va reyalize. ”

      La Tour de Garde 1ye desanm

      “ Youn nan bagay ki montre gwo diferans ki genyen ant moun ak bèt se kapasite moun genyen pou yo fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Malerezman, anpil moun ap fè sa k pa bon. Dapre ou menm, sa k fè sa ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jeremi 17:9 oubyen Revelasyon 12:9.] Peryodik sa a montre ki sa ki ka ede nou konnen sa ki byen e ki ka ede nou fè sa ki byen. ”

      Réveillez-vous! 8 desanm

      “ Gwo pwogrè ki fèt nan domèn teknoloji pa chanje bezwen fondamantal lèzòm gen lakay yo pou yo gen zanmi. Men, èske w pa remake chanjman ki ap fèt sèjousi nan sosyete a fè li difisil pou yon moun gen bon zanmi ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Pwovèb 18:24.] Peryodik sa a esplike kòman pou nou fè bon zanmi e ki jan pou nou konsève bon zanmi nou yo. ”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje