-
Yo bezwen èd ouMinistè Wayòm — 2004 | desanm
-
-
Yo bezwen èd ou
1 “ Mèsi pou tout sa nou fè pou nou. Nou jwenn anpil byenfè nan travay nou fè. ” Kòmantè sa a eksprime rekonesans nou genyen pou ansyen yo ak asistan ministeryèl yo. Piske òganizasyon Bondye a kontinye ap pran ekstansyon, yo toujou bezwen gason ki gen matirite pou sèvi nan anviwon 100 000 kongregasyon ki genyen nan lemonnantye. Si w se yon frè batize, yo bezwen èd ou.
2 “ Chèche okipe yon fonksyon ” : Ki jan w kapab chèche gen plis privilèj pou w sèvi (1 Tim. 3:1) ? Sa ki esansyèl, se pou w bay bon egzanp nan tout aspè vi w (1 Tim. 4:12 ; Tit 2:6-8 ; 1 Pyè 5:3). Patisipe san rezèv nan travay fè disip la, epi ede frè w yo pou yo fè menm bagay (2 Tim. 4:5). Se pou w gen yon enterè sensè pou byennèt kretyen parèy ou yo (Wom. 12:13). Se pou w etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans, epi devlope ‘ ladrès nan fason w ap anseye ’. (Tit 1:9 ; 1 Tim. 4:13.) Fè tout efò w pou w akonpli travay ansyen yo konfye w (1 Tim. 3:10). Si w responsab yon fanmi, ‘ dirije pitit ou ak pwòp kay ou yon fason ki kòrèk ’. — 1 Tim. 3:4, 5, 12.
3 Travay ansyen yo ak asistan ministeryèl yo se yon travay ki di, e sa mande yon espri sakrifis (1 Tim. 5:17). Se sa k fè, lè w ap chèche okipe yon fonksyon, se pou w konsantre w sou sèvi lòt moun avèk imilite (Mat. 20:25-28 ; Jan 13:3-5, 12-17). Se pou w medite sou fason Timote te montre li byen dispoze, epi chèche imite l (Fil. 2:20-22). Menm jan ak Timote, kite bon konduit ou rekòmande w (Tra. 16:1, 2). Si w kiltive kalite espirityèl ki nesesè pou w andose plis responsablite e si w aplike tout konsèy lòt moun ba ou pou ede w amelyore w, ‘ pwogrè w ap parèt vizib pou tout moun ’. — 1 Tim. 4:15.
4 Paran, aprann jèn yo pote èd pa yo : Timoun yo kapab kòmanse aprann pote èd yo depi yo toupiti. Aprann yo koute lè yo nan reyinyon. Aprann yo preche, aprann yo gen yon konduit modèl ni nan Sal Wayòm ni nan lekòl. Ba yo fòmasyon pou yo pran plezi nan sèvi lòt moun, lè yo patisipe nan yon seri aktivite tankou ede nan netwayaj Sal Wayòm, ede frè ak sè ki aje, eksetera. Ba yo okazyon pou yo goute kè kontan ki genyen nan bay (Tra. 20:35). Jan de fòmasyon sa yo kapab ede yo alavni pou yo vin pyonye, asistan ministeryèl, epi ansyen.
-
-
Katriyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogreseMinistè Wayòm — 2004 | desanm
-
-
Katriyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Aprann etidyan yo fè preparasyon
1 Yon etidyan ki li leson yo alavans, ki souliye repons yo epi ki chèche reponn nan pwòp mo pa l, dwe fè pwogrè espirityèl rapid. Se poutèt sa, yonfwa yon etid regilye fin etabli, nou bezwen prepare yon leson ansanm ak etidyan an pou montre l fason pou l fè sa. Pou pifò etidyan, l ap bon pou nou prepare tout yon chapit oswa tout yon leson ansanm avèk yo.
2 Souliye repons yo epi pran nòt nan maj la : Esplike etidyan an fason pou l jwenn repons dirèk ak kesyon yo poze a. Montre l liv pa nou an kote se sèlman mo oswa ekspresyon kle yo nou souliye. Toutpandan n ap egzamine leson an, petèt li ta renmen suiv jan nou fè a, l ap souliye nan liv pa l la sèlman sa ki nesesè pou ede l sonje repons lan (Lik 6:40). Ansuit, mande l pou l reponn nan pwòp mo pa l. Sa pral pèmèt nou wè si li byen konprann sijè a.
3 Yon aspè ki enpòtan nan preparasyon etidyan an ap fè pou etid la, se lè li byen egzamine vèsè yo bay kòm referans yo (Tra. 17:11). Ede l konprann chak vèsè yo bay kòm referans soutni yon pwen nan paragraf la. Montre l fason pou l ekri ti nòt tou kout nan maj piblikasyon l ap fè etid la. Fè l konnen se Labib ki baz sa l ap aprann nan, epi mete aksan sou sa. Ankouraje l sèvi ak vèsè yo bay kòm referans yo nan kòmantè l ap fè pandan etid la.
4 Fè yon koudèy jeneral epi fè yon revizyon : Anvan etidyan an kòmanse prepare sijè a afon, li bon pou l fè yon koudèy jeneral sou li. Montre etidyan an li kapab fè sa lè li fè yon egzamen tou kout sou tit chapit la, sou soutit yo ansanm ak sou imaj yo. Fè l konnen li t ap trè bon pou l pran yon ti moman anvan li fini preparasyon an pou l revize pwen kle ki nan leson an. Petèt li kapab sèvi ak kesyon ki nan kare revizyon an, si genyen. Yon repetisyon konsa ap ede l sonje enfòmasyon yo.
5 Lè nou aprann etidyan an fè bon preparasyon pou etid la, sa ap ede l fè bonjan kòmantè nan reyinyon. Sa tou ap ede l devlope bon abitid pou l etidye, abitid k ap pwofitab pou li byen lontan apre nou fin etidye avèk li.
-