BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sizyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm — 2005 | fevriye
    • Sizyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese

      Lè yon etidyan poze yon kesyon

      1 Yon fwa yon etid biblik fin byen etabli, li toujou pi bon pou nou egzamine ansèyman biblik yo nan lòd olye pou nou soti nan yon sijè tonbe nan yon lòt. Sa ap ede etidyan an pou l bati yon bon fondman anrapò ak konesans egzak la epi pou l pwogrese espirityèlman (Kol. 1:9, 10). Sepandan, byen souvan, etidyan yo konn poze kesyon sou diferan sijè pandan etid la. Ki jan nou ta dwe abòde yo ?

      2 Nou bezwen gen disènman : Nou ka toujou reponn kesyon ki gen rapò ak sijè n ap etidye a menm kote a. Si se yon kesyon yo abòde pi lwen nan piblikasyon n ap etidye a, nou ka sèlman atire atansyon sou sa. Sepandan, si yon kesyon pa gen rapò ak sijè n ap etidye a, oswa si se yon kesyon ki mande pou nou fè rechèch pou nou ka reponn li kòrèkteman, li ta pi bon pou nou egzamine kesyon an apre etid la oubyen yon lòt fwa. Gen kèk pwoklamatè ki twouve lè yo note kesyon yo, sa asire etidyan an yo pran kesyon l lan oserye, e anmenmtan sa evite yo antre nan lòt detay ki pa nesesè nan moman an.

      3 Gen anpil ansèyman biblik yo egzamine an brèf nan piblikasyon nou itilize pou kòmanse etid biblik yo. Ki sa pou nou fè si yon etidyan mal pou aksepte yon ansèyman, oswa si li rete kole ak yon fo kwayans ? Li ta bon pou nou egzamine lòt piblikasyon ki trete afon sa Bib la di sou sijè a. Si etidyan an toujou pa satisfè, kite sijè a pou yon lòt fwa epi kontinye ak etid la nòmalman (Jan 16:12). Pandan l ap ogmante konesans li sou Bib la e l ap pwogrese espirityèlman, li ka vin konprann ansèyman biblik sa a.

      4 Nou bezwen gen modesti : Si w pa byen konnen repons yon kesyon, bat pou w pa bay pwòp opinyon pa w (2 Tim. 2:15 ; 1 Pyè 4:11). Esplike etidyan an ou pral fè rechèch sou kesyon an e w ap vini ak repons lan. Ou ka tou pwofite montre etidyan an ki jan pou l fè rechèch. Tikras pa tikras, montre l kòman pou l sèvi ak zouti òganizasyon Jewova a ban nou. Konsa, l ap kapab anmezi pou l reponn pwòp kesyon li menm li poze.— Tra. 17:11.

  • Ede yo resevwa yon lòt temwayaj
    Ministè Wayòm — 2005 | fevriye
    • Ede yo resevwa yon lòt temwayaj

      1 Lè n ap preche bon nouvèl la, souvan nou rankontre moun, swa ki pap viv sou tèritwa nou, swa ki pale yon lòt lang, tankou lang siy. Gen lòt moun tou ki kapab deplase kite tèritwa a, alòske nou te konn gen bonjan dyalòg biblik avèk yo. Kòman nou ka fè pou moun sa yo resevwa yon lòt temwayaj ? Se pou nou sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) a.

      2 Souvan moun koute bon nouvèl la ak plis atansyon lè se nan lang manman l li tande l (Tra. 22:1, 2). Se poutèt sa, lè nou rankontre moun ki pale yon lòt lang, nou dwe ranpli fòmilè a, menmsi moun nan montre mesaj Wayòm nan pa enterese l. Sepandan, kote ki gen yon bon kantite moun ki pale yon lòt lang e ki resevwa mesaj la regilyèman nan pwòp lang yo, li ka pa nesesè pou nou ranpli fòmilè a, eksepte si moun nan montre l enterese.

      3 Ranpli fòmilè a : Avèk tak, eseye pran non moun nan, adrès li ak nimewo telefòn li. Endike ki degre enterè moun nan montre l genyen, ki lè nou ka jwenn moun sa a, ki piblikasyon nou te kite pou li oswa ki piblikasyon l te mande e ki lang moun nan pi byen konprann. Apre nou fin ranpli fòmilè a, remèt sekretè kongregasyon an li san pèdi tan e li menm l ap voye fòmilè a bay kongregasyon oswa gwoup apwopriye a.

      4 Voye fòmilè a ale : Si sekretè a pa konn ki kongregasyon oswa ki gwoup ki ta dwe resevwa fòmilè a, oubyen si l pa gen adrès kongregasyon an oswa gwoup la, li ta dwe telefone Biwo sèvis filyal la, ki okipe l de tèritwa yo, yon fason pou l jwenn enfòmasyon li bezwen. Kounye a li pa nesesè ankò pou nou enfòme siveyan de vil la lè n ap voye fòmilè a.

      5 Depi yon kongregasyon oswa yon gwoup resevwa yon fòmilè Veuillez suivre l’intérêt ki ranpli, yo ta dwe pran dispozisyon rapid rapid pou yo vizite moun nan. Pandan n ap akonpli travay nou an avèk dilijans, nou mèt sèten Jewova ap ouvri kè tout moun ki “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ”. — Tra. 13:48.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje