-
Setyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogreseMinistè Wayòm — 2005 | mas
-
-
Setyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Lè nou priye nan etid la
1. a) Poukisa li bon pou nou priye ni lè n ap kòmanse ni lè n ap fini etid la ? b) Kòman nou ka prepare lespri moun n ap etidye avè l la pou lapriyè ?
1 Benediksyon Jewova esansyèl pou moun n ap etidye Labib avèk yo fè pwogrè espirityèl (1 Kor. 3:6). Pakonsekan, lè yon etid byen etabli, li bon pou nou priye ni lè n ap kòmanse ni lè n ap fini etid la. Souvan, nou ka menm priye depi nan premye etid la avèk moun ki enterese nan pratike relijyon. Pou kèk lòt moun n ap etidye ak yo, petèt n ap bezwen disène moman ki apwopriye pou nou kòmanse etid la ak lapriyè. Nou kapab sèvi ak Sòm 25:4, 5 ansanm ak 1 Jan 5:14 pou nou ede moun n ap etidye avè l la konprann poukisa nou dwe priye. Nou kapab sèvi tou ak Jan 15:16 pou nou ede l konprann enpòtans pou nou priye Jewova nan non Jezi Kris.
2. Lè yon frè batize oswa yon pwoklamatè [yon gason] ki poko batize akonpaye yon sè nan yon etid biblik, kiyès k ap priye ?
2 Kiyès ki dwe priye nan etid biblik la ? Si yon frè batize akonpaye yon sè nan yon etid, frè a dwe priye, menmsi se sè a k ap kondui etid la toutpandan tèt li kouvri (1 Kor. 11:5, 10). Yon lòt bò, si yon pwoklamatè [yon gason] ki poko batize akonpaye yon sè nan yon etid, se sè a ki dwe priye. Nan ka sa a, sè a ap kouvri tèt li ni pandan l ap priye ni pandan l ap kondui etid la.
3. Ki sa ki apwopriye pou nou mete nan priyè nou fè lè n ap kondui yon etid biblik ?
3 Ki sa priyè a ka gen ladan l : Priyè yo fè nan etid biblik la pa dwe long, men yo dwe presi. Anplis mande nou mande Bondye pou li asiste nou pandan etid la ak mèsi nou di l pou verite nou aprann yo, li apwopriye pou nou bay Jewova louwanj, li menm ki se Sous enstriksyon (Iza. 54:13). Nou kapab di tou pawòl ki montre enterè sensè nou genyen pou etidyan an ansanm ak apresyasyon nou genyen pou òganizasyon Jewova a (1 Tes. 1:2, 3 ; 2:7, 8). Lè nou mande Jewova pou l beni efò etidyan an fè pou l aplike sa li aprann yo, sa kapab ede l wè enpòtans pou li vin yon ‘ pratikan pawòl la ’. — Jak 1:22.
4. Lè nou kòmanse epi fini yon etid biblik ak lapriyè, ki byenfè sa pote ?
4 Lapriyè pote anpil byenfè. Li fè nou jwenn benediksyon Bondye (Lik 11:13). Li fè nou wè etidye Labib se yon bagay pou nou pran trèzoserye. Lè yon moun n ap etidye Labib avè l tande priyè nou yo, li aprann ki jan pou l priye (Lik 6:40). Anplis de sa, priyè ki soti nan yon kè ki ranpli ak lanmou pou Bondye ansanm ak rekonesans pou kalite san parèy li yo, kapab ede etidyan an devlope yon relasyon pèsonèl ak Jewova.
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yoMinistè Wayòm — 2005 | mas
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 mas
“ Moun toupatou sou tè a fè elòj pou ansèyman Jezi yo. [Li sa yo site nan paj 3, § 1 an.] Men èske w panse ansèyman sa yo, tankou sa nou jwenn nan egzanp ki nan tèks biblik nou pral li la a, pratik jodi a ? [Li Matye 5:21, 22a. Ansuit, kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale de sa Jezi te anseye e li pale sou jan nou ka tire pwofi nan ansèyman l yo. ”
Réveillez-vous! 22 mas
“ Anpil moun renmen mòn poutèt bote yo, men èske w te konnen yo enpòtan anpil pou lavi sou tè a ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike rezon ki fè nou bezwen mòn yo epi li esplike sa k rive mòn yo jodi a. Li montre tou ki jan Kreyatè a pral sove resous enpòtan sa yo. ” Li Sòm 95:4.
Toudegad 1ye avril
“ Èske w deja tande moun di lasyans ak Labib an kontradiksyon youn ak lòt ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine jan konfli ant lasyans ak relijyon te devlope. Men anmenmtan li bay prèv ki montre vrè syans lan ann amoni ak Labib. ” Montre paj 6-7. Ansuit, li Eklezyas 1:7.
Réveillez-vous! 8 avril
“ Ki jan ou panse paran yo ka ede pitit yo evite pwoblèm pandan ane difisil adolesans lan ? [Kite moun nan reponn. Ansuit, li Izayi 48:17, 18.] Peryodik sa a montre nou kòman aplikasyon konsèy ki nan Bib la ka ede paran yo pou yo gen bonjan kominikasyon ak pitit yo e kòman pou yo fikse limit ki rezonab pou yo. ”
-