BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Uityèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm — 2005 | avril
    • Uityèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese

      Dirije etidyan yo pou yo vin nan òganizasyon an

      1. Poukisa li pwofitab lè n ap fè etid biblik pou nou anseye yon pwen sou òganizasyon Jewova a chak semèn ?

      1 Objektif nou lè n ap kondui etid biblik se pa senpleman aprann etidyan yo doktrin, men se pou n ede yo tou pou yo vin fè pati kongregasyon kretyèn nan (Zek. 8:23). Bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? a kapab ede nou fè sa. Fè nouvo etidyan yo gen youn, epi ankouraje yo li l. Anplis de sa, pran kèk minit chak semèn lè n ap fè etid la, pou nou anseye yo yon pwen sou òganizasyon Jewova a.

      2. Kòman w kapab ankouraje moun k ap etidye Labib yo pou yo asiste reyinyon kongregasyon an ?

      2 Reyinyon kongregasyon an : Prensipal mwayen pou moun k ap etidye Labib yo rive apresye òganizasyon Bondye a, se lè yo asiste reyinyon kongregasyon an avèk nou (1 Kor. 14:24, 25). Pakonsekan, ou kapab fè yo kòmanse abitye avèk reyinyon yo, lè w esplike yo senk reyinyon ki fèt nan semèn nan, youn alafwa. Mansyone tèm diskou piblik ki pral fèt la. Montre yo atik yo pral egzamine nan etid Toudegad la ak nan etid liv kongregasyon an. Esplike Lekòl ministè teyokratik la ak reyinyon sèvis la. Lè w gen yon patisipasyon nan lekòl la, petèt ou te ka fè repetisyon an avèk yo. Pataje pwen remakab yo te prezante nan reyinyon yo avèk yo. Itilize foto ki nan piblikasyon yo pou ede yo wè sa k ap fèt nan reyinyon sa yo. Envite yo asiste depi nan premye etid la.

      3. Sou ki aspè nan òganizasyon an nou kapab pale ?

      3 Lè Memoryal, kongrè, asanble, ak vizit siveyan sikonskripsyon pre, pran kèk minit pou w esplike dispozisyon sa yo, pou w ogmante antouzyas etidyan yo pou yo. Etap pa etap, reponn kesyon tankou : Poukisa yo rele nou Temwen Jewova ? Poukisa nou rele kote nou fè reyinyon yo Sal Wayòm ? Ki responsablite ansyen yo ak asistan ministeryèl yo genyen ? Kòman travay predikasyon an ak tèritwa a òganize ? Kòman yo fè pou yo pwodui piblikasyon nou yo ? Kòman òganizasyon an jwenn lajan pou l depanse ? Ki wòl biwo filyal la ak Kolèj santral la nan sipèvizyon travay la ?

      4, 5. Kòman kasèt videyo nou yo kapab devlope konpreyansyon ak rekonesans pou òganizasyon an ?

      4 Kasèt videyo edifyan : Yon lòt mwayen pou moun k ap etidye Labib yo ka wè òganizasyon estrawòdinè Jewova a, se grasa kasèt videyo yo. Kasèt videyo Jusqu’aux extrémités de la terre la montre aktivite predikasyon mondyal nou an. Videyo Toute la communauté des frères montre fanmi entènasyonal nou fòme a. E videyo Unis grâce à l’enseignement divin an montre inite ki egziste pami Temwen Jewova yo. Yon dam te menm rive kriye apre l te fin gade videyo Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation an, alòske li te abitye resevwa peryodik ak lòt piblikasyon nou yo depi senk an. Li te gen konfyans nan Temwen ki te konn vizite l yo, men, apre l fin gade videyo a, li te santi li ka kwè nan òganizasyon an tou. Yo te kòmanse yon etid regilye avèk li, e nan semèn apre a li te asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan.

      5 Lè nou pase kèk minit chak semèn ak etidyan nou yo e nou sèvi ak zouti ki disponib yo, etap pa etap, nou kapab dirije yo pou yo vin nan sèl òganizasyon Jewova itilize jodi a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm — 2005 | avril
    • Jan pou nou prezante peryodik yo

      La Tour de Garde 15 avril

      “ Èske w pa remake jodi a gen yon pakèt enfòmasyon ki disponib ? [Kite moun nan reponn.] Sepandan, pa gen youn ki gen plis valè pase sa yo dekri nan tèks sa a. [Li Jan 17:3.] Peryodik sa a esplike ki sa ekspresyon ‘ lavi etènèl ’ la vle di epi ki jan w ka rive jwenn konesans k ap mennen w nan lavi sa a. ”

      Réveillez-vous! 22 avril

      “ Byenke Jezi sanble se moun yo pi byen konnen pase nenpòt lòt moun ki te viv sou tè a, gen anpil moun k ap mande kiyès li ye toutbonvre. Èske w te konnen menm apot li yo te konn poze tèt yo kesyon sa a tou ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Mak 4:41.] Peryodik sa a egzamine sa Bib la di konsènan kiyès Jezi ye toutbonvre. ”

      Toudegad 1ye me

      “ Lè nou gen yon moun nou renmen ki mouri, se yon bagay ki nòmal pou nou anvi wè l ankò. Èske w pa dakò ? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki jwenn rekonfò nan pwomès Bib la fè konsènan yon rezirèksyon. [Li Jan 5:28, 29.] Peryodik sa a esplike ki lè rezirèksyon an ap fèt epi kiyès ki pral benefisye l. ”

      Réveillez-vous! 8 me

      “ Pifò paran chwazi sa y ap kite pitit yo gade. Èske li difisil pou w jwenn fim ki konvnab pou fanmi w ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Efezyen 4:17.] Peryodik sa a egzamine fason paran yo ka ede pitit yo pou yo chwazi divètisman ki sen e ki agreyab. ”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje