-
Jou Jewova a preMinistè Wayòm — 2005 | me
-
-
Jou Jewova a pre
1 Kretyen yo swaf pou jou Jewova a vini, kote li pral detwi sistèm de choz ki la kounye a e kote li pral fè nou antre nan yon monn nouvo ki jis (2 Pyè 3:12, 13, nòt). Piske nou pa konnen egzakteman ki lè jou sa a ap rive, nou dwe rete la ap veye e nou dwe ede lòt moun fè menm jan an (Eze. 33:7-9 ; Mat. 24:42-44). Lè nou medite sou Pawòl pwofetik Bondye a sa ap ranfòse konviksyon nou genyen “ gran jou Jewova a pre ”. — Sef. 1:14.
2 Mach pisans mondyal yo : Nan Revelasyon 17:9-11, apot Jan mansyone “ sèt wa ”, ki reprezante sèt pisans mondyal ki ta domine suit an suit. Jan fè referans tou ak “ yon uityèm wa ”, ki reprezante Nasyonzini kounye a. Èske nou dwe atann nou ap gen yon lòt pisans mondyal k ap parèt sou sèn nan ? Non. Selon pwofesi a, uityèm wa sa a “ prale nan destriksyon ”, e apre l yo pa mansyone okenn lòt wa terès. Èske pwofesi sa a ede w wè ki kote nou ye nan tan an ?
3 Danyèl 2:31-45 ede nou konprann kesyon jou Jewova k ap vini an. Nan pwofesi sa a, gwo gwo imaj Neboukadnetsa te wè nan yon rèv la reprezante yon seri pisans mondyal ki ta domine suit an suit. Chak pisans sa yo deja fè aparisyon yo. E jodi a, nan ki faz nou rive nan listwa ? Nou nan peryòd pye imaj la reprezante a. Pwofesi a dekri yon fason vivan sa k ap rive apre. Gouvènman lèzòm yo pral detwi nèt, e sa pral ouvri chemen pou “ yon wayòm ki pap janm kraze ”. Èske w wè ki jan sa montre nou jou Jewova a pre ?
4 Lòt prèv ankò : Nou temwen ak je nou yon lòt prèv ki montre nou jou Jewova a pre. Nou wè akonplisman sa apot Pòl te predi konsènan karakteristik moun yo “ nan dènye jou yo ”. (2 Tim. 3:1-5.) E n ap patisipe nan temwayaj global ki dwe bay anvan lafen an vini (Mat. 24:14). Nou swete pou ministè piblik nou an kontinye reflete ijans pwoklamasyon sa a zanj lan te bay la kote li di : “ Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. ” — Rev. 14:6, 7.
-
-
Nevyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogreseMinistè Wayòm — 2005 | me
-
-
Nevyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Prepare etidyan yo pou yo bay temwayaj enfòmèl
1 Lè Andre ak Filip te konprann Jezi se Mesi yo te pwomèt la, yo pa t kapab kenbe nouvèl estrawòdinè sa a pou yo san yo pa t pataje l ak lòt moun (Jan 1:40-45). Jodi a, menm jan an tou, etan moun n ap etidye Labib avèk yo kòmanse egzèse lafwa nan sa y ap aprann yo, yo santi yo anvi pale de sa (2 Kor. 4:13). Ki jan nou ka ankouraje yo pou yo bay temwayaj enfòmèl e ki jan nou ka prepare yo pou yo bay li yon fason ki efikas ?
2 Ou kapab senpleman mande moun w ap etidye avèk li a si l pale ak lòt moun konsènan sa l aprann nan Bib la. Petèt, gen kèk zanmi ak kèk manm fanmi l li ta kapab envite vin asiste etid la. Mande l si gen kòlèg travay li, kamarad lekòl li, oswa lòt moun li konnen ki montre yo enterese. Konsa, li kapab kòmanse bay temwayaj. Ede l konprann li bezwen egzèse disènman e li bezwen montre li gen respè ak bonte lè l ap pale ak lòt moun konsènan Jewova Dye ak objektif li yo. — Kol. 4:6; 2 Tim. 2:24, 25.
3 Lè y ap pataje kwayans yo : Li trèzenpòtan pou w bay moun w ap etidye Labib avèk yo fòmasyon pou yo sèvi ak Pawòl Bondye a lè y ap pataje kwayans yo. Nan kèk moman w byen chwazi pandan etid la, mande etidyan an : “ Ki jan w ta ka sèvi ak Bib la pou w esplike manm fanmi w verite sa a ? Oswa ou kapab mande l : “ Ki tèks biblik ou ta ka itilize pou w pwouve yon zanmi verite sa a ? ” Gade ki jan l reponn, epi montre l ki jan pou l baze sa l ap anseye yo sou Ekriti yo (2 Tim. 2:15). Lè w fè sa, w ap prepare moun w ap etidye Labib avè l la pou l bay temwayaj enfòmèl e, lè l vin kalifye, pou l patisipe nan predikasyon kongregasyon an òganize.
4 Li saj pou w prepare moun w ap etidye Labib avèk yo pou yo fè fas ak opozisyon (Mat. 10:36; Lik 8:13; 2 Tim. 3:12). Lè lòt moun poze kesyon oswa fè kòmantè sou Temwen Jewova yo, sa ka bay moun n ap etidye Labib avèk yo okazyon pou yo bay temwayaj. Bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? kapab ekipe yo pou yo ‘ pare pou yo defann yo ’. (1 Pyè 3:15.) Li gen enfòmasyon presi ladan l nouvo yo kapab itilize pou yo ede kèk zanmi ak kèk manm fanmi k ap enkyete pou yo, yon fason pou moun sa yo ka byen konprann kwayans ak aktivite nou yo ki baze sou Bib la.
-