-
Fason pou nou sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl yoMinistè Wayòm — 2005 | janvye
-
-
5. Sa k fè nou ka prepare yon lòt prezantasyon, e ki jan nou ka fè sa ?
5 Lòt prezantasyon : Èske nou oblije sèvi sèlman ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo ? Non, nou pa oblije. Si nou santi nou pi alèz ak yon lòt prezantasyon oswa ak yon lòt vèsè, se pou nou itilize l. Sitou anrapò ak peryodik yo, nou fèt pou nou chèche okazyon pou nou atire atansyon moun yo nan tèritwa a sou yon atik segondè ki ta ka espesyalman enterese yo. Nan reyinyon sèvis la, lè n ap fè demonstrasyon sou kèk prezantasyon pou nou itilize nan predikasyon, nou ka sèvi ak nenpòt prezantasyon ki bay bon rezilta nan tèritwa kongregasyon an. Konsa, nou tout ap jwenn èd pou nou rive prezante bon nouvèl la yon fason ki efikas.
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yoMinistè Wayòm — 2005 | janvye
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 janvye
“ Nou tout ta renmen pou ni nou menm ni pitit nou viv pi byen. Men, anpil moun wè yo pa gen kapasite pou yo rann sa posib. Èske w panse nou kapab gen kontwòl sou avni nou ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a sèvi ak Labib pou montre nou pa enpuisan, men avni nou depann de chwa nou fè depi kounye a. ” Li Detewonòm 30:19.
Réveillez-vous! 22 janvye
“ Lè nou gen pwoblèm sante, nou tout apresye lè yon doktè pran ka nou an konsiderasyon. Men dapre ou menm, èske gen anpil malad ki gen konsiderasyon pou doktè yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine pwoblèm doktè yo rankontre e li esplike sa lavni rezève pou metye doktè a. ” Li Izayi 33:24.
Toudegad 1ye fevriye
“ Jodi a, lè w wè jan gen anpil moun yo fè abi e ki viktim akoz vyolans, èske sa pa nui w ? [Site yon egzanp ki fèk pase moun nan zòn nan konnen, epi kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine fason Bondye konsidere lavi moun. Epitou, li esplike ki jan li pral delivre nou anba soufrans ki egziste jodi a. ” Li Sòm 72:12-14.
Réveillez-vous! 8 fevriye
“ Youn nan pi gwo defi nou rankontre jodi a se lite anba strès. Èske se pa vre ? [Kite moun nan reponn.] Selon sa Labib te predi, se egzakteman konsa sa ta ye. [Li 2 Timote 3:1.] Peryodik sa a bay sijesyon ki pratik ki kapab ede ou menm ak fanmi w pou nou lite anba strès. ”
-