BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ankouraje moun yo epi fòtifye yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • Montre yo jan w kontan pou sa Jewova ap fè kounye a. Lè w ap chèche ankouraje frè w yo, atire atansyon yo sou sa Jewova ap fè pou yo kounye a. Lè w pale sou bagay sa yo yon fason ki montre jan yo fè kè w kontan, sa ap ede moun yo vin gen menm santiman ak ou.

      Annou pran egzanp fason Jewova ede nou andire anba presyon lavi a. Li montre nou pi bon fason pou nou viv la (Iza. 30:21). Li esplike rezon ki fè gen krim, enjistis, povrete, maladi ak lanmò, e li di nou ki jan li pral efase bagay sa yo. Li mete nou nan mitan yon fanmi frè ak sè ki renmen nou. Li ban nou posiblite pou nou priye l, e sa se yon gwo privilèj. Li ban nou privilèj tou pou nou Temwen l. Li ouvri je nou pou nou wè Kris deja chita sou twòn li nan syèl la e sistèm ki la kounye a rive nan dènye jou l, e talè konsa li pap egziste ankò. — Rev. 12:1-12.

      Anplis benediksyon sa yo, gen reyinyon kongregasyon an, asanble yo ak kongrè yo. Lè w pale de privilèj sa yo ak dispozisyon sa yo yon fason ki montre ou gen anpil apresyasyon pou yo, ou ranfòse detèminasyon moun k ap koute w yo pou yo pa neglije okazyon yo genyen pou yo reyini ak frè ak sè yo. — Ebre 10:23-25.

      Eksperyans ak rapò ki montre jan Jewova beni efò nou fè nan travay predikasyon an ban nou ankourajman tou. Nan premye syèk la, lè Pòl ak Banabas te nan wout pou y al Jerizalèm, yo te rakonte frè yo an detay ki jan moun nan nasyon yo te konvèti, sa te fè “tout frè yo kontan anpil”. (Tra. 15:3.) Ou menm tou, ou ka fè frè w yo kontan si w pataje kèk eksperyans ankourajan avèk yo.

      Ou ka ankouraje moun yo tou lè w ede yo wè sa yo fè gen anpil valè. Felisite yo pou patisipasyon yo nan travay predikasyon n ap fè antanke kretyen an. Gen moun aktivite yo nan travay predikasyon an limite anpil akoz laj yo oswa akoz maladi, men yo demontre yo gen andirans e yo fidèl, felisite yo. Fè yo sonje Jewova pa bliye lanmou yo montre yo gen pou non l (Ebre 6:10). Yon moun ki kenbe yon lafwa solid devan eprèv li jwenn posede yon byen ki gen anpil valè (1 Pyè 1:6, 7). Nou bezwen fè frè ak sè nou yo sonje sa.

      Pale sou esperans ou genyen pou lavni an ak tout kè w. Tout moun ki renmen Bondye jwenn anpil ankourajman nan pwomès li te enspire yon seri moun pou yo ekri sou bagay ki gen pou vini yo. Petèt pifò nan moun k ap koute w yo tande pwomès sa yo souvan. Men, apresyasyon ou montre w gen pou pwomès sa yo lè w ap pale de yo ka fè yo vin pi vivan pou moun yo, sa ka fè yo gen konfyans pwomès sa yo ap akonpli e sa ka ede yo gen anpil apresyasyon nan kè yo pou yo. Si w aplike sa w aprann nan Lekòl ministè teyokratik la, sa ka ede w fè sa.

      Pa gen moun ki ankouraje pèp Jewova a pase Jewova, ni pa gen moun ki bay pèp li a fòs pase l. Men, ou ka kowopere ak Jewova nan ede moun yo jwenn ankourajman ak fòs li bay. Lè w ap pale devan kongregasyon an, byen sèvi ak okazyon sa a pou w fè sa.

  • Kontinye pwogrese
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • Kontinye pwogrese

      ÈSKE W te travay sou chak leson ki gen nan liv lekòl la pèsonèlman? Èske w fè tout egzèsis yo? Èske w itilize chak pwen yo lè w ap fè diskou, kit se nan lekòl la, kit se nan lòt reyinyon yo, e lè w nan ministè a tou?

      Kontinye byen pwofite fòmasyon Lekòl ministè teyokratik la ap ba w la. Kèlkeswa kantite tan w genyen depi w ap fè diskou, toujou gen posiblite pou w fè lòt pwogrè.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje