BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 3 p. 89-p. 91 par. 6
  • Pwononse mo yo byen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwononse mo yo byen
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès Jewova ye?
    Repons Bib la bay
  • Èske se “ yon non moun pa dwe pwononse ” ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 3 p. 89-p. 91 par. 6

LESON 3

Pwononse mo yo byen

Ki sa pou w fè?

Di chak mo byen. Sa mande 1) pou w byen pwononse son ki fòme mo yo, 2) pou w mete aksan sou silab ou dwe mete aksan an e 3) nan anpil lang, pou w pote bonjan atansyon sou aksan ki sou kèk lèt oswa ti siy ki anba kèk lèt.

Poukisa sa enpòtan?

Lè nou byen pwononse mo yo, sa bay mesaj n ap preche a plis valè. Sa pèmèt moun k ap koute nou konsantre sou mesaj la olye yo konsantre sou fot nou ta fè nan fason nou pwononse mo yo.

SE PA tout kretyen ki te pase anpil tan lekòl. Menm apot Pyè ak apot Jan, yo te pale de yo kòm “moun ki san enstriksyon, moun òdinè”. (Tra. 4:13.) Men, li enpòtan pou w veye pou w pa detounen atansyon moun yo sou verite ki nan Bib la w ap prezante yo a akoz ou mal pwononse mo yo.

Pwen pou nou egzamine. Pa gen okenn lis règ sou pwononsyasyon ki valab pou tout lang. Gen anpil lang ki sèvi ak lèt ki gen nan yon alfabè pou yo ekri mo yo. Anplis alfabè kreyòl la, gen lòt alfabè tankou alfabè alman, alfabè anglè, alfabè espayòl ak alfabè fransè. Lang chinwa pa sèvi ak alfabè. Pou yo ekri nan lang sa a, yo sèvi ak yon seri siy ki ka gen plizyè bagay ladan yo. An jeneral, chak siy reprezante yon mo oswa yon pati nan yon mo. Se vre, japonè ak koreyen sèvi ak siy ki soti nan chinwa, men gen siy nan lang japonè ak nan lang koreyen ki ka reprezante yon seri son ki diferan anpil e ki ka pa gen menm sans ak siy ki soti nan lang chinwa.

Nan lang ki gen alfabè yo, pou yon moun byen pwononse mo yo, sa mande pou l byen pwononse son chak lèt genyen oswa pou l byen pwononse son de lèt bay lè yo mete yo ansanm. Si lang sa yo suiv yon sistèm règ ki pa plede ap chanje, tankou sa ye nan lang grèk, espayòl ak zoulou, li pa tèlman difisil pou w byen pwononse mo yo. Men, enfliyans lòt lang gen sou yon lang ka fè yo pwononse kèk mo nan lang sa a fason yo pwononse yo nan lang yo soti a. Kòm rezilta, yo ka pwononse yon lèt oswa yon gwoup lèt plizyè fason, oubyen, pafwa, yo ka pa pwononse yo menm. Ou ka bezwen sonje mo ki pa suiv menm règ yo e apre sa, ou ka bezwen itilize yo souvan lè w ap pale. Nan lang chinwa, pou yon moun konnen fason pou l byen pwononse mo yo, sa mande pou l sonje plizyè milye siy. Nan kèk lang, sans yon mo konn chanje lè yo pwononse mo a ak yon lòt ton. Si yon moun pa fè bonjan atansyon ak pwen sa a lè l ap li, sa ka fè li bay ide ki pa kòrèk.

Si se silab ki konpoze mo nan yon lang, li enpòtan pou yo mete aksan sou silab ki mande pou yo mete aksan sou yo. Anpil lang ki sèvi ak silab gen kote pou w toujou mete aksan yo lè w ap pale. Lè gen yon mo ki pa suiv règ sa a, yo ka ekri mo a ak yon siy sou yon lèt nan mo a ki mete aksan sou silab kote lèt la ye a. An jeneral, sa fè li yon ti jan fasil pou yo byen pwononse mo yo. Men, si lang nan pa toujou suiv menm règ yo, pwoblèm nan pi difisil. Pou w reyisi pwononse mo yo, sa mande pou w kenbe anpil mo nan tèt ou.

Nan kèk lang, yon pwen ki enpòtan pou yon moun konsidere lè l ap li se mo ki gen aksan sou kèk lèt oswa ki gen ti siy anba kèk lèt. Alfabè lang sa yo gen kèk lèt tankou: à, è, é, ï, ó, ò, ô, ç.

Sou kesyon pwononsyasyon an, gen kèk pyèj pou w evite. Si yon moun ap pwononse mo yo yon fason ki egzajere, lòt moun ka wè li pa pale yon fason ki natirèl, oswa yo ka menm panse se fè l ap fè moun wè. Yo ka panse sa tou si l ap pwononse mo yo yon fason moun pa pwononse yo ankò. Lè l fè sa, sa ap atire atansyon moun yo sou li. Yon lòt bò, li bon pou l veye pou l pa tonbe nan lòt ekstrèm nan, kote li ta ka montre li neglijan nan fason li pale ak nan fason li pwononse mo yo. Anrapò ak kesyon sa a, nou deja pale sou kèk pwen nan leson “Pale yon fason ki klè” a.

Fason pou yon moun byen pwononse mo ki nan yon lang ka varye sot nan yon peyi al nan yon lòt, e menm sot nan yon zòn al nan yon lòt zòn nan yon peyi. Yon moun ki soti nan yon lòt peyi ka pale lang yo pale nan zòn nan ak yon aksan ki diferan. Gen diksyonè ki bay plizyè bon fason yo ka pwononse yon mo. Si yon moun pa t gen posiblite fè anpil klas lekòl oswa si lang l ap pale a pa lang manman l, li ka aprann anpil bagay lè l koute moun ki pale lang nan byen avèk atansyon e lè l kopye sou yo pou l pwononse mo yo. Antanke Temwen Jewova, nou vle pale yon fason ki bay mesaj n ap preche a anpil valè e yon fason moun nan zòn nan ap konprann byen fasil.

An jeneral, lè n ap pale ak lòt moun, li pi bon pou nou itilize mo tout moun byen konnen. Lè w ap pale ak lòt moun, ou pap gen twòp pwoblèm pou w pwononse mo yo, men, lè w ap li awotvwa, ou ka rankontre kèk mo ou pa abitye itilize lè w ap pale chak jou. Temwen Jewova yo li awotvwa souvan. Nou li pasaj nan Bib la pou moun n ap preche yo. Yo bay kèk frè responsablite pou yo sèvi kòm lektè nan etid Toudegad ak nan etid biblik kongregasyon an. Li enpòtan pou nou li yon fason ki egzak e pou nou pa detounen atansyon moun yo sou mesaj n ap bay la akoz nou mal pwononse mo yo.

Èske w wè gen kèk non nan Bib la ki difisil pou w pwononse? Ou ka mande yon moun ki konnen lang nan byen ki jan yo pwononse yo. Apre sa, eseye pwononse yo plizyè fwa.

Sa pou w fè pou w pwononse mo yo pi byen. Anpil moun ki gen pwoblèm pwononsyasyon pa rann yo kont yo gen pwoblèm sa a. Si siveyan lekòl la fè w wè kèk aspè nan fason w pwononse mo yo ou bezwen veye sou yo, l ap bon pou w apresye konsèy li yo, konsèy li ba w avèk bonte. Yonfwa w konnen pwoblèm nan, ki jan w kapab fè pou w amelyore?

Toudabò, lè w gen yon asiyasyon pou w li awotvwa, pran tan pou w ale nan yon diksyonè. Chèche mo ou pa konnen yo. Si w pa byen konnen ki jan yo sèvi ak yon diksyonè, al nan paj kote yo bay esplikasyon sou senbòl yo itilize yo. Si sa nesesè, ou ka mande yon moun esplike w senbòl yo. Kèlkeswa mo w chèche a, repete l plizyè fwa awotvwa anvan w fèmen diksyonè a.

Yon lòt fason w ka amelyore fason w pwononse mo yo, se lè w li pou yon lòt moun ki konn pwononse mo yo byen epi ou mande l korije w lè w fè erè.

Yon twazyèm fason w ka amelyore fason w pwononse mo yo, se lè w koute bon oratè yo avèk atansyon. Si w gen anrejistreman Tradiksyon monn nouvo a oswa ou gen anrejistreman Toudegad ki disponib, byen sèvi avèk yo. Lè w ap koute yo, veye pou w wè ki mo yo pwononse yon fason ki diferan parapò ak fason w t ap pwononse yo. Ekri mo sa yo epi repete yo. Rive yon lè, ou pap mal pwononse mo yo ankò, e sa ap vrèman ede w pale pi byen.

SA POU W FÈ POU W PWONONSE MO YO PI BYEN

  • Aprann byen sèvi ak diksyonè.

  • Mande yon moun ki li byen pou l koute w pandan w ap li e pou l ba w konsèy.

  • Byen gade fason bon oratè yo pwononse mo yo. Konpare fason yo pwononse yo ak fason w pwononse yo.

EGZÈSIS: Chèche pwononsyasyon mo ou pa abitye avèk yo ki nan Sòm 83 oswa ki nan yon lòt pati nan Bib la e ki konn ba w pwoblèm. Chèche yo nan yon diksyonè oswa mande yon moun ki konnen lang nan byen ki jan yo pwononse yo. Aprann pwononse yo byen awotvwa. Apre sa, li tout pati kote mo sa yo ye a awotvwa.

Kèk mo mwen bezwen aprann byen pwononse:

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje