-
Epòk Memoryal la : yon epòk pou plis aktiviteMinistè Wayòm — 2005 | fevriye
-
-
[Tablo nan paj 5]
Pwogram ki ka pèmèt ou sèvi kòm pyonye oksilyè — Fason w ka pwograme w pou w pase 12 èdtan nan predikasyon chak semèn.
Maten — lendi rive samdi
Ou ka chwazi dimanch nan plas nenpòt lòt jou nan semèn nan.
Jou Moman Èdtan
lendi maten 2
Madi maten 2
Mèkredi maten 2
Jedi maten 2
Vandredi maten 2
Samdi maten 2
Total èdtan : 12
De jou
Ou ka chwazi de jou nan semèn nan. (Selon jou w chwazi yo, pwogram sa a ka bay sèlman 48 èdtan pou mwa a.)
Jou Moman Èdtan
Mèkredi tout jounen 6
Samdi tout jounen 6
Total èdtan : 12
De sware ak wikenn nan
Ou ka chwazi de sware nan nenpòt jou nan semèn nan.
Jou Moman Èdtan
lendi aswè 1 1⁄2
Mèkredi aswè 1 1⁄2
Samdi tout jounen 6
Dimanch demi jounen 3
Total èdtan : 12
Twa aprèmidi ak samdi
Ou ka chwazi dimanch nan plas nenpòt lòt jou nan semèn nan.
Jou Moman Èdtan
lendi aprèmidi 2
Mèkredi aprèmidi 2
Vandredi aprèmidi 2
Samdi tout jounen 6
Total èdtan : 12
Pwogram predikasyon pa m
Fikse kantite èdtan w ap pase chak moman.
Jou Moman Èdtan
lendi
Madi
Mèkredi
Jedi
Vandredi
Samdi
Dimanch
Total èdtan : 12
-
-
Rapèl pou Memoryal laMinistè Wayòm — 2005 | fevriye
-
-
Rapèl pou Memoryal la
Ane sa a, Memoryal la ap tonbe jedi 24 mas. Ansyen yo ta dwe veye sou pwen sa yo :
◼ Lè n ap fikse lè Memoryal la, planifye yon fason pou yo pa pase anblèm yo anvan solèy kouche.
◼ Tout moun, san wete oratè a, ta dwe konnen ki lè ak ki kote egzakteman Memoryal la ap fèt.
◼ Chèche gen pen ak diven ki apwopriye epi mete yo sou lamen. — Gade nan Toudegad 1ye mas 2003, paj 10-11.
◼ Pote asyèt, vè, tab ak nap ki konvnab nan lokal la davans epi tou ranje yo.
◼ Sal Wayòm nan oswa lòt kote Memoryal la ap fèt la dwe byen netwaye davans.
◼ Chwazi manm sèvis akèy ak frè pou pase anblèm yo epi fè yo konnen responsablite yo alavans. Esplike yo fason tout bagay ap fèt e montre yo nesesite pou yo byen abiye, pou tèt yo fèt kòmsadwa.
◼ Yo dwe pran dispozisyon pou prezante anblèm yo bay tout kretyen wen ki enfim e ki pa kapab prezan.
◼ Lè gen plis pase yon kongregasyon ki prevwa itilize menm Sal Wayòm nan, ta dwe gen bonjan kolaborasyon ant kongregasyon yo pou evite ankonbreman nan antre Sal la, sou twotwa a ak nan pakin nan.
-