-
Cheyòl ak adès: ki sa yo ye?Ki sa Labib anseye toutbonvre?
-
-
APENDIS
Cheyòl ak adès: ki sa yo ye?
NAN lang yo te ekri Bib la okòmansman, yo sèvi ak mo ebre she’ôl ak mo grèk ki koresponn ak li a haïdês plis pase 70 fwa. Toule de mo sa yo konekte ak lanmò. Gen tradiksyon biblik ki mete “tonm”, “lanfè” oswa “fòs” pou yo. Sepandan, nan pifò lang, pa gen mo ki pou rann sans egzak mo ebre ak mo grèk sa yo. Se poutèt sa, Traduction du monde nouveau itilize mo “shéol” ak “hadès”. Ki sa mo sa yo vle di reyèlman? Annou gade ki jan yo sèvi ak mo sa yo nan plizyè pasaj biblik.
Eklezyas 9:10 di: “Pa gen ni zèv, ni pwojè, ni konesans, ni sajès, nan cheyòl, kote w prale a.” Èske sa vle di cheyòl la se yon tonm presi, yon tonm pèsonèl kote nou antere fanmi nou? Non. Lè Bib la ap pale de yon kote presi pou antere moun, li sèvi ak lòt mo ebre ak lòt mo grèk. Li pa itilize she’ôl ak haïdês (Jenèz 23:7-9; Matye 28:1). Epitou, Bib la pa itilize mo “cheyòl” la pou yon tonm kote yo antere plizyè moun ansanm, tankou yon tonm familyal oswa yon fòs. — Jenèz 49:30, 31.
Si se konsa, ki kalite zòn mo “cheyòl” la deziyen? Pawòl Bondye a montre “cheyòl” oswa “adès” deziyen yon bagay ki pi gwo lontan pase yon fòs. Pa egzanp, Izayi 5:14 fè konnen cheyòl la ‘laj e li ouvri bouch li byen laj depase mezi’. Malgre cheyòl la deja vale yon pil ak yon pakèt moun mouri, w a di li toujou swaf plis toujou (Pwovèb 30:15, 16). Alòske yon simityè ka kenbe sèlman yon kantite mò limite, ‘cheyòl la pa rasazye’. (Pwovèb 27:20.) Sa siyifi cheyòl la pa janm plen. Li pa gen limit. Donk, cheyòl oswa adès se pa yon zòn literal ki yon kote byen presi. Okontrè, se tonm ki la pou moun ki mouri ale, se kote senbolik kote pifò moun al dòmi nan lanmò.
Ansèyman Labib bay sou rezirèksyon an ede nou pou nou pi byen konprann sans “cheyòl” ak “adès” la. Pawòl Bondye a asosye cheyòl ak adès avèk yon lanmò kote ap gen rezirèksyona (Jòb 14:13; Travay 2:31; Revelasyon 20:13). Selon Pawòl Bondye a tou, nan cheyòl oswa nan adès ou pap jwenn sèlman moun ki sèvi Jewova, men tou w ap jwenn yon pakèt moun ki pa t sèvi l (Jenèz 37:35; Sòm 55:15). Se sa k fè Labib anseye ap gen “yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis”. — Travay 24:15.
a Men, mò ki pap resisite yo, yo pa dekri yo kòmkwa yo nan cheyòl oswa nan adès, men yo di yo “nan jeyèn”. (Matye 5:30; 10:28; 23:33.) Menm jan ak cheyòl ak adès, jeyèn nan pa yon kote literal.
-
-
Jou Jijman an: sa l ye?Ki sa Labib anseye toutbonvre?
-
-
APENDIS
Jou Jijman an: sa l ye?
KI JAN w imajine Jou Jijman an? Anpil moun panse y ap mennen plizyè milya moun youn pa youn devan twòn Bondye a, kote yo pral jije chak moun. Selon yo menm, gen moun, kòm rekonpans, ki pral jwi nan yon paradi selès, e gen lòt y ap kondane pou yo toumante etènèlman. Sepandan, se pa konsa ditou Bib la dekri moman sa a. Olye pou Pawòl Bondye a pale de moman sa a kòm yon moman ki bay panik, li fè konnen se yon moman espwa ak restorasyon.
Nan Revelasyon 20:11, 12, nou li deskripsyon apot Jan fè konsènan Jou Jijman an. Men sa li di: “Mwen wè yon gwo twòn blan e mwen wè sila ki te chita sou li a. Tè a ak syèl la soti devan l, yo kouri pou li e yo pa t jwenn plas pou yo. Mwen te wè mò yo, gran kou piti, ki kanpe devan twòn nan, e te gen woulo ki te ouvè. Men, te gen yon lòt woulo ki te ouvè, se te woulo lavi a. E yo te jije mò yo dapre bagay ki te ekri nan woulo yo, selon aksyon yo.” Kiyès Jij sa a yo dekri la a?
Jewova Dye se Jij siprèm limanite. Sepandan, li delege yon lòt moun pou fè jijman an. Selon sa apot Pòl di nan Travay 17:31, Bondye “fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon nonm li nome, pou l jije latè abite avèk jistis”. Jij li nome a se Jezi Kris resisite (Jan 5:22). Men, ki lè Jou Jijman an kòmanse? Konbyen tan li dire?
Liv Revelasyon an montre Jou Jijman an kòmanse apre gè Amagedòn nan, kote yo pral detwi sistèm Satan an ki sou tè aa (Revelasyon 16:14, 16; 19:19–20:3). Apre Amagedòn, yo pral fèmen Satan ak demon l yo nan yon abim pou mil an. Nan moman sa a, 144 000 moun ki gen menm eritaj selès la pral sèvi kòm jij e yo pral “reye avèk Kris pandan mil an”. (Revelasyon 14:1-3; 20:1-4; Women 8:17.) Jou Jijman an se pa yon evènman k ap fèt nan prese e ki dire sèlman 24 èdtan. Li dire mil an.
Pandan peryòd mil an sa a, Jezi Kris pral “jije moun ki vivan ak moun ki mouri”. (2 Timote 4:1.) “Moun ki vivan yo” se pral “gwo foul” moun k ap pase Amagedòn tou vivan yo (Revelasyon 7:9-17). Epitou, apot Jan te wè ‘mò yo ki kanpe devan twòn jijman an’. Jan Jezi te pwomèt sa, “moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa [Kris] epi y ap soti” pa mwayen rezirèksyon an (Jan 5:28, 29; Travay 24:15). Men, sou ki baz tout moun pral jije?
Selon vizyon apot Jan an, “te gen woulo ki te ouvè”, e “yo te jije mò yo dapre bagay ki te ekri nan woulo yo, selon aksyon yo”. Èske woulo sa yo gen ladan yo aksyon moun yo te fè anvan yo te mouri? Non, jijman an pa pral baze sou sa moun yo te fè anvan yo te mouri. Kòman nou fè konn sa? Ebyen, Labib di: “Yon moun ki mouri libere nèt anba peche li fè.” (Women 6:7). Konsa, moun ki resisite yo vin gen yon lavi kote tout ansyen peche yo anile. Donk, woulo yo dwe reprezante lòt egzijans Bondye mande. Ni moun ki soti vivan nan Amagedòn yo, ni moun ki resisite yo ap oblije obeyi kòmandman Bondye yo pou yo viv etènèlman. Kòmandman sa yo gen ladan yo nenpòt lòt egzijans Jewova pral mande pandan peryòd mil an an. Konsa, y ap jije chak moun sou baz sa yo fè pandan Jou Jijman an.
Pandan Jou Jijman an, pou plizyè milya moun se pral premye fwa y ap jwenn posiblite pou yo aprann konnen volonte Bondye e pou yo konfòme yo ak volonte sa a. Sa siyifi pral gen yon gwo travay fòmasyon k ap fèt. Vrèmanvre, “moun ki abite sou tè ki bay rannman an pral aprann ladwati san mank”. (Izayi 26:9.) Men, se pa tout moun k ap dispoze konfòme yo ak volonte Bondye. Izayi 26:10 di: “Menmsi yo fè mechan an favè, li pap aprann ladwati menm. Nan peyi kote moun ap fè sa ki dwat, l ap aji avèk enjistis e li pap wè grandè Jewova.” Y ap detwi mechan sa yo definitivman pandan Jou Jijman an. — Izayi 65:20.
Anvan finisman Jou Jijman an, moun ki rete vivan yo pral “vin gen lavi” antanke imen pafè (Revelasyon 20:5). Donk, pandan Jou Jijman an, limanite pral rejwenn pèfeksyon li te gen okòmansman an (1 Korentyen 15:24-28). Apre sa, pral gen yon eprèv final. Satan ap lage nan prizon l lan, e y ap kite l eseye twonpe limanite yon dènye fwa (Revelasyon 20:3, 7-10). Moun ki opoze avèk li yo pral konnen akonplisman pwomès sa a ki nan Bib la: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan.” (Sòm 37:29). Wi, Jou Jijman an pral yon benediksyon pou tout moun ki fidèl!
a Konsènan Amagedòn, tanpri, gade nan liv Étude perspicace des Écritures — volim 1, paj 1073-4, — volim 2, paj 63-4, ak chapit 20 nan liv Adorez le seul vrai Dieu a. Se Temwen Jewova ki pibliye de liv sa yo.
-