Lanmou se kle pou ministè nou pote fwi
1 “ Vin jwenn mwen, [...] epi m ap reban nou fòs. ” (Mat. 11:28). Bèl pawòl sa yo reflete lanmou pwofon Jezi genyen pou moun. Antanke minis kretyen, nou vle imite Jezi nan demontre lanmou pou moun ki santi yo akable akoz monn sa a ki san lanmou. Ki jan nou kapab fè sa pandan n ap pataje bon nouvèl la ak lòt moun ?
2 Nan pawòl : Lanmou Jezi genyen pou moun te pouse l pwofite tout okazyon pou l pataje bon nouvèl la ak yo (Jan 4:7-14). Lanmou ap ede nou pou nou venk retisans nou genyen pou nou bay temwayaj enfòmèl. Gen yon tifi ki gen sizan ki te bay yon dam ki te chita bò kote l temwayaj pandan li te nan yon sal d atant kay yon doktè. Ki sa ki te pouse l fè sa ? Men sa li di : “ Dam nan te sanble li se yon moun ki bezwen konnen Jewova. ”
3 Nou kapab demontre nou enterese nan moun yo lè nou souri ak tout kè nou e lè nou pale sou yon ton ki amikal. Lè nou koute avèk atansyon sa lòt moun ap di, lè nou fè yo konnen nou konprann sousi yo genyen, e lè nou demontre nou gen yon enterè sensè pou yo toutbonvre, sa demontre nou gen lanmou pou yo (Pwo. 15:23). N ap imite Jezi lè nou mete aksan sou mesaj Wayòm Bondye a ki pozitif, sou lanmou Jewova ak sou konpasyon li genyen pou moun. — Mat. 24:14 ; Lik 4:18.
4 Nan aksyon : Jezi te montre li sansib devan bezwen lòt moun yon fason ki pratik e ki klè (Mat. 15:32). Nou menm tou, nou gen anpil okazyon pou nou fè aksyon ki montre bonte lè nou nan ministè a. Gen yon sè ki te remake yon dam ki t ap goumen pou l te konprann yon apèl enpòtan li te resevwa nan telefòn. Sè a te dispoze ede l, li te tradui pawòl moun ki te rele a. Aksyon sa a sè a te fè a ki demontre lanmou te ouvri pòt pou yon konvèsasyon biblik ki te pèmèt dam nan aksepte yon etid Labib. Nan yon lòt okazyon, gen yon frè ki t ap fè yon nouvèl vizit ki te jwenn mèt kay la enève paske li t ap eseye debloke yon gwo kanape ki te kole nan pòt la. Apre frè a te fin ede mesye a deplase kanape a, li pa t pran lontan pou l te chita sou kanape a pou l kòmanse yon etid biblik ak mesye sa a ki te montre li rekonesan.
5 Lè nou patisipe nan ministè a, nou demontre lanmou nou pou Bondye ak pou pwochen nou (Mat. 22:36-40). Lè nou aji konsa ni nan pawòl ni nan aksyon, n ap ede moun ki gen kè onèt yo pou yo rann yo kont nou gen laverite.