BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 20
  • Yon priyè remèsiman

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon priyè remèsiman
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Yon priyè remèsiman
    Ann chante pou Jewova
  • Rekonesans pou pasyans Bondye
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Annou byen reyaji devan lanmou Bondye
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Yon priyè remèsiman
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 20

Kantik 20 (45)

Yon priyè remèsiman

(Sòm 65:2)

1. Jewova Dye ou merite louwanj,

O Souvren, n ap adore w san melanj.

N ap priye w, ou menm ki tande priyè,

Tanpri, pwoteje nou menm ki pousyè.

Nou enpafè, chak jou nou fè peche.

Pou fot nou, padon w n ap toujou chèche.

Gade ! Ou achte n ak san Pitit ou.

Nou vle pou w anseye nou toulejou.

2. Moun ou envite lakay ou kontan

Jwenn direksyon, sajès ak ansèyman.

Lakay ou sen, Pawòl ou se bon gid.

Bonte w satisfè n, li konble tout vid.

Ak pisans ou, ou fè anpil mèvèy,

Grasa li jijman w lan pral san parèy !

Wayòm ou nou preche, Bondye fidèl,

Nou aklame l, paske li etènèl.

3. Atansyon w ban nou ranpli n ak lajwa.

Adorasyon w gaye sou tout tè a.

Wayòm ou a kouwone ak bonte,

Maladi, lanmò, chagren l ap wete.

Pitit ou a pral detwi tout mechan.

Kreyasyon an pral louwe non w toutan.

Ak lajwa n ap chante pou n di w mèsi :

‘ N ap louwe Ya pou tan endefini ! ’

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje