BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 24 p. 160-p. 165 par. 1
  • Chwazi mo w ap itilize yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chwazi mo w ap itilize yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi ak pouvwa lang ou pou w fè byen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Se pou n di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Pale yon fason ki swa
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 24 p. 160-p. 165 par. 1

LESON 24

Chwazi mo w ap itilize yo

Ki sa pou w fè?

Itilize mo ki montre w gen respè pou moun yo e ki montre w gen bonte, mo yo ka konprann san pwoblèm. Itilize divès kalite mo, mo ki ka demontre ou pale ak fòs e avèk santiman. Itilize mo yo yon fason ki ann amoni ak règ gramè yo.

Poukisa sa enpòtan?

Sa montre w gen respè pou mesaj w ap bay la e sa aprann moun w ap pale avèk yo a anpil bagay sou fason w konsidere yo. Sa enfliyanse fason y ap reyaji parapò ak sa w ap di yo.

MO YO se zouti ki pisan pou ede moun kominike youn ak lòt. Men, pou mo n ap di yo atenn yon objektif presi, nou bezwen chwazi yo avèk swen. Yon mo ki ka apwopriye pou yon sikonstans ka gen move efè nan lòt sikonstans. Si yon moun mal sèvi ak yon ekspresyon, menmsi ekspresyon sa a trèzenteresan, sa l di a ka vin tounen ‘yon pawòl ki fè moun mal’. Yon moun ki itilize yon ekspresyon konsa ka montre li se yon moun ki pa reflechi e li manke konsiderasyon pou lòt moun. Gen kèk mo ki gen de sans. Youn nan sans yo ka fè yon moun fache oswa li ka rabese moun nan (Pwo. 12:18; 15:1). Yon lòt bò, yon “bon pawòl”, yon pawòl ki bay ankourajman, pote lajwa nan kè moun ki tande l la (Pwo. 12:25). Pou yon moun jwenn bon mo pou l di, sa mande efò, menmsi moun sa a se yon moun ki gen sajès. Labib fè nou konnen Salomon te wè enpòtans sa genyen pou l fè efò “pou l jwenn pawòl ki agreyab” ak “pawòl laverite ki kòrèk”. — Ekl. 12:10.

Nan kèk lang, gen kèk ekspresyon moun yo itilize lè y ap pale ak moun ki pi gran pase yo oswa ak moun ki gen otorite, e gen lòt ekspresyon yo itilize lè y ap pale ak moun ki gen menm laj avèk yo oswa ak moun ki pi jèn pase yo. Lè yon moun pa suiv prensip sa yo, yo konsidere l kòm yon moun ki pa gen politès. Gen yon seri ekspresyon yo gendwa itilize nan zòn kote w ap viv la pou demontre respè pou lòt moun, li pa ta apwopriye pou w sèvi ak ekspresyon sa yo pou w pale de tèt ou. Nan kesyon onore lòt moun, Labib bay yon prensip ki depase sa lalwa oswa sa koutim nan zòn ou an ka mande. Li di kretyen yo pou yo “onore tout kalite moun”. (1 Pyè 2:17.) Moun ki fè sa ak tout kè yo pale ak moun tout laj yon fason ki demontre yo respekte yo.

Anpil moun ki pa vrè kretyen pale yon fason ki montre yo pa gen politès e yon fason pou yo fè lòt moun mal. Yo ka gen enpresyon lè yo pale konsa, sa bay sa y ap di a plis fòs. Men, ou gendwa wè se vokabilè yo manke. Si yon moun te konn pale konsa anvan li te konnen chemen Jewova yo, li ka difisil pou l sispann. Men, li kapab chanje. Lespri sen kapab ede yon moun chanje fason l pale. Men, moun nan dwe dispoze tou pou l chèche konnen plis bon mo, mo k ap pote sa ki bon pou lòt moun, mo k ap fòtifye lòt moun, apre sa, li dwe itilize mo sa yo regilyèman. — Wom. 12:2; Efe. 4:29; Kol. 3:8.

Pale yon fason moun ka konprann byen fasil. Youn nan bagay ki enpòtan pou yon moun pale byen se pale yon fason moun ka konprann byen fasil (1 Kor. 14:9). Si moun k ap koute w yo pa konprann mo w ap itilize yo san pwoblèm, yo ka konsidere w tankou yon moun k ap pale yon lòt lang.

Gen kèk mo ki gen yon sans byen presi pami moun ki gen menm metye. Moun sa yo ka itilize mo sa yo chak jou. Men, lè w itilize mo sa yo nan yon lòt kad ki pa apwopriye, sa ka anpeche w byen kominike ak lòt moun. Anplis, menmsi w itilize mo moun itilize chak jou, si w antoure yo ak twòp detay, moun k ap koute w yo ka annik dirije lespri yo sou lòt bagay.

Yon oratè ki gen konsiderasyon pou lòt moun chwazi itilize mo moun yo ap konprann, menmsi gen nan moun yo ki pa fè gwo klas. Menm jan ak Jewova, li demontre li gen konsiderasyon pou “moun ki piti a”. (Jòb 34:19.) Si yon oratè wè li nesesè pou l itilize yon mo moun pa abitye avè l, lè sa a, li dwe makònen mo sa a avèk lòt mo ki senp pou sans li ka parèt klè.

Lè nou pran san nou pou nou chwazi mo ki senp, sa fè ide nou vle transmèt yo gen anpil fòs. Lè nou itilize fraz kout ak ekspresyon ki senp, sa fè l fasil pou moun konprann sa nou di. Nou ka mete yo ak kèk fraz ki pi long yon fason pou sa n ap di yo ka soti byen swa. Men, li bon pou nou chwazi mo ki senp ak fraz ki kout sitou pou nou di ide nou ta renmen moun k ap koute nou yo sonje.

Itilize divès kalite mo e pale ak presizyon. Pa manke bon mo. Olye w itilize menm ekspresyon yo nan tout sikonstans, sèvi ak divès kalite mo. Konsa, w ap ka pale yon fason ki enteresan e ki klè. Ki jan w ka chèche gen plis mo nan vokabilè w?

Lè w ap li, souliye tout mo ou pa byen konprann epi chèche yo nan yon diksyonè, si gen youn ki disponib nan lang ou an. Chwazi kèk nan mo sa yo epi fè bonjan efò pou w itilize yo lè sa apwopriye. Veye pou w pwononse yo byen e pou w itilize yo nan kontèks kote moun ap konprann yo byen fasil. Pa itilize yo nan objektif pou w atire atansyon moun sou ou. Si w chèche gen plis mo nan vokabilè w, sa ap fè gen varyete nan sa w ap di. Men, gen yon prekosyon pou w pran: bat pou w pa mal pwononse mo yo e pou w pa mal itilize yo pou lòt moun pa panse ou pa vrèman konn sa w ap di.

Objektif nou lè n ap chèche gen plis mo nan vokabilè nou, se pou nou enfòme moun k ap koute nou yo, se pa pou nou fè wè ni pou nou fè yo admire nou. Yon oratè ki pale yon fason ki konplike e ki itilize mo moun pa konprann gen tandans atire atansyon sou li. Dezi nou se ta dwe pataje enstriksyon ki enpòtan ak moun k ap koute nou yo epi fè enstriksyon yo enterese yo. Sonje sa yon pwovèb nan Bib la di: “Moun ki saj yo pale bon bagay yo konnen.” ​(Pwo. 15:2). Lè nou itilize bon mo, mo ki apwopriye moun ap konprann byen fasil, sa fè pawòl nou ankouraje moun yo e yo pouse yo aji. Pawòl nou yo pap annuiye moun yo e yo pap twouve yo raz.

Ofiramezi w ap chèche gen plis mo nan vokabilè w, veye pou w itilize bon mo yo. De mo ka prèske gen menm sans, men yo chak gen ti diferans pa yo ki fè w pa ka anplwaye yo nan menm sikonstans. Si w rekonèt sa, sa ap ede w pale pi klè e w pap fwase moun k ap koute w yo. Byen koute moun ki pale byen. Gen kèk diksyonè, lè y ap bay definisyon yon mo, ki tou bay ni mo ki sinonim mo sa a (mo ki prèske gen menm sans avè l) ni mo ki se kontrè mo sa a (mo ki gen yon sans opoze ak li). Konsa, nonsèlman w ap jwenn divès mo ki bay menm ide ak mo sa a, men tou, w ap jwenn plizyè sans mo a genyen. Sa ap ede w anpil lè w ap chèche bon mo pou w anplwaye nan yon sikonstans presi. Anvan w kòmanse itilize yon mo, asire w ou konnen sa l vle di, ki jan yo pwononse l e ki jan pou w itilize l.

Moun pi byen konprann ekspresyon ki presi pase ekspresyon ki jeneral. Yon oratè ka di: “Nan moman sa a, anpil moun te malad.” Se pa ti diferans sa t ap fè si oratè a ta di: “Apre Premye Gè mondyal la, nan entèval kèk mwa, gen 21 000 000 moun ki te mouri ak grip espayòl”! Konsa, moun yo t ap konprann byen klè sa l vle di, sa ki pa t ap posib si l te itilize ekspresyon “nan moman sa a”, “anpil moun”, “te malad”, yon seri ekspresyon ki manke presizyon. Pou w pale ak presizyon, sa mande pou w konnen enfòmasyon ki anrapò ak sijè w la e pou w byen chwazi mo w ap itilize yo.

Lè w itilize bon mo a, sa ka ede w tou pou w di sa w dwe di a san w pa tonbe nan pale anpil. Lè yon moun di yon pakèt pawòl, sa gen tandans kache ide li vle eksprime yo. Men, lè l pale yon fason ki senp, sa fè l pi fasil pou lòt moun konprann li e pou yo sonje enfòmasyon enpòtan yo. Sa ede l transmèt yon konesans ki egzak. Se yon bagay ki estrawòdinè pou w wè jan ansèyman Jezi Kris la te senp! Suiv egzanp li. (Gade egzanp ki nan Matye 5:3-12 la ak egzanp ki nan Mak 10:17-21 an.) Pran abitid pale yon fason ki senp lè w byen chwazi mo w ap itilize yo.

Mo ki eksprime santiman, ki fè pawòl yo gen plis fòs e ki fè yo vivan. Ofiramezi w ap chèche mete plis mo nan vokabilè w, pa annik panse ak nouvo mo, men panse tou ak mo ki gen yon seri karakteristik ki byen presi. Pa egzanp, chèche vèb ki eksprime fòs, adjektif ki fè pawòl yo vivan ak ekspresyon ki demontre afeksyon, bonte oswa senserite.

Bib la chaje ak egzanp mo ak ekspresyon konsa. Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Amòs: “Chèche fè sa ki byen, pa chèche fè sa ki mal [...]. Rayi sa ki mal, epi renmen sa ki bon.” ​(Amòs 5:14, 15). Pwofèt Samyèl te di wa Sayil: “Jewova rache wayòm Izrayèl la nan men w jodi a.” ​(1 Sam. 15:28). Lè Jewova t ap pale ak Ezekyèl, li te itilize yon langaj ki pa fasil pou moun bliye, li te di: “Tout moun nan mezon Izrayèl la gen tèt di e yo gen kè di.” ​(Eze. 3:7). Lè Jewova te mete aksan sou gravite peche Izrayèl, li te mande: “Èske moun ki fèt ak pousyè tè ap dechèpiye Bondye? Men, nou menm, se dechèpiye n ap dechèpiye m.” ​(Mal. 3:8). Lè Dànyèl t ap dekri sitiyasyon ki te mete lafwa Chadrak, Mechak ak Abednego aleprèv nan peyi Babilòn nan, li te rakonte yon fason vivan ki jan “Neboukadnetsa [te] vin move anpil” paske mesye yo pa t adore imaj li te fè a. Se pou rezon sa a, li te bay lòd pou yo mare yo e pou yo voye yo jete nan “founèz ki te tou limen an”. Pou Dànyèl montre nou kòman founèz la te cho, li fè nou konnen wa a te fè mesye l yo “chofe founèz la sèt fwa plis pase jan yo te abitye chofe l”. Founèz la te tèlman cho, lè mesye wa yo te pwoche bò kote l, li te touye yo (Dàn. 3:19-22). Lè Jezi t ap pale ak moun nan Jerizalèm kèk jou anvan lanmò l, li te di avèk anpil santiman: “Se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li! Men, nou pa t vle sa. Gade! Yo kite kay nou an ban nou.” — Mat. 23:37, 38.

Lè w byen chwazi mo w ap di yo, yo ka grave yon seri imaj ki vivan nan lespri moun k ap koute w yo. Si mo w itilize yo fè moun yo sèvi ak sans yo genyen yo, se kòmsi y ap “wè” e y ap “touche” sa w ap di yo, y ap “pran gou” e y ap “pran sant” manje w ap pale yo de yo a, y ap “tande” ni son w ap dekri yo ni vwa moun ou site pawòl yo te di yo. Moun k ap koute w yo ap plonje nèt nan sa w ap di yo paske w ede yo viv sa w ap di yo.

Mo ki transmèt ide yo yon fason vivan ka fè moun ri oswa kriye. Yo ka fè moun gen espwa, yo ka fè moun ki te dekouraje anvi viv e yo ka fè moun vin gen plis lanmou pou Kreyatè a. Moun tout kote sou tè a santi sa touche yo anpil lè yo li pasaj tankou Sòm 37:10, 11, 34, Jan 3:16 ak Revelasyon 21:4, 5 ki ba yo yon bèl esperans.

Tank w ap li Bib la ak piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an”, w ap rankontre yon pakèt mo ak yon pakèt ekspresyon (Mat. 24:45). Pa annik li yo epi apre sa w bliye yo. Chwazi sa w renmen yo, epi itilize yo regilyèman lè w ap pale.

Pale yon fason ki ann amoni ak règ gramè yo. Gen kèk moun ki rann yo kont yo pa toujou pale ann amoni ak règ gramè yo. Men, ki sa yo ka fè pou yo fè fas ak sitiyasyon sa a?

Si w toujou lekòl, pwofite posiblite w genyen kounye a pou w byen aprann règ gramè yo ak fason pou w byen chwazi mo yo. Si w pa konnen rezon ki fè yo itilize yon règ gramè, mande pwofesè a. Pa annik aprann kèk ti règ ou bezwen pou w degaje w. Ou gen yon motivasyon lòt elèv yo ka pa genyen. Ou vle vin yon moun k ap preche bon nouvèl la yon fason ki efikas.

Ki sa pou w fè si w granmoun e lang w ap pale kounye a pa lang ou te aprann depi w toupiti, oswa si w pa t gen opòtinite fè gwo klas lekòl nan lang pa w la? Pa dekouraje. Okontrè, fè bonjan efò pou w amelyore. Fè sa pou w kore predikasyon bon nouvèl la. Anpil bagay nou konnen sou gramè se nan koute lòt moun k ap pale nou aprann yo. Kidonk, koute oratè ki gen eksperyans yo lè y ap fè diskou, e fè sa avèk atansyon. Lè w ap li Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, chèche konprann fason fraz yo ranje, mo ki mache ansanm yo ak kontèks yo itilize yo. Suiv bon egzanp sa yo lè w ap pale.

Komedyen yo ak chantè yo ka itilize yon seri ekspresyon e yo ka pale yon fason ki pa respekte règ gramè. Moun gen tandans imite yo. Souvan, moun ki nan dwòg yo ak moun k ap fè move zak yo oswa moun ki imoral yo gen fason pa yo yo pale. Yo konn bay mo yo yon definisyon ki yon ti jan diferan ak sans yo anplwaye yo an jeneral. Li pa saj pou kretyen yo imite okenn nan kategori moun sa yo. Si nou ta imite yo, sa t ap fè moun panse nou se menm ak moun sa yo ki nan monn nan e n ap chèche viv menm jan ak yo. — Jan 17:16.

Pran abitid byen pale chak jou. Si w vin neglijan nan konvèsasyon w ap fè chak jou, pa espere w ap kapab pale byen nan okazyon ki espesyal. Men, si w pale byen chak jou, l ap vin fasil e l ap vin pi natirèl pou w pale byen lè w sou estrad la oswa lè w ap pale ak lòt moun konsènan laverite.

FASON POU W AMELYORE

  • Pami konsèy ou jwenn nan leson sa a, chwazi sèlman yon pwen e mete nan objektif ou pou w travay sou pwen sa a pandan yon mwa oswa plizyè mwa.

  • Pa bliye objektif sa a lè w ap li. Kenbe l nan lespri w lè w ap koute bon oratè yo. Ekri mo w vle itilize lè w ap pale yo. Pandan yon jou oswa de jou, fè efò pou w itilize mo sa yo.

EGZÈSIS: Lè w ap prepare etid Toudegad oswa etid biblik kongregasyon an pou semèn nan, chwazi kèk mo ou pa ka defini byen fasil. Chèche yo nan yon diksyonè oswa pale sou sans yo avèk yon moun ki byen konn lang nan.

Mo mwen vle mete nan vokabilè m

Pou m ka itilize divès kalite mo Pou m eksprime santiman m,

e pou m pale ak presizyon pou pawòl mwen gen plis fòs e pou yo vivan

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․ ․․․․․․․․․․․․․․

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje