-
Annou youn fòtifye lòtToudegad — 2004 | 1ye me
-
-
13. Ki sa k fè kèk moun vin inaktif, e ki sa ki ka fèt pou nou pou ede yo ?
13 Pafwa presyon lavi a, oswa lòt difikilte ankò, kapab lakòz kèk moun bese nan aktivite predikasyon an, yo kapab menm vin inaktif (Mak 4:18, 19). Petèt, nou ka pa wè moun ki inaktif yo nan reyinyon. Epoutan, nan kè yo, yo kapab toujou renmen Bondye. Ki sa ki ka fèt pou fòtifye fwa yo ? Avèk bonte, ansyen yo kapab ede moun sa yo lè yo rann yo vizit (Travay 20:35). Petèt yo ka mande lòt moun nan kongregasyon an pou epole yo. Bon ti vizit sa yo nou fè moun ki te gen fwa yo febli a, se kapab medikaman sa a menm yo te bezwen pou yo reprann yo.
14, 15. Ki konsèy Pòl te bay sou fason pou nou fòtifye lòt moun ? Bay egzanp yon kongregasyon ki te aplike konsèy li a.
14 Labib egzòte nou pou nou ‘ pale yon fason pou nou konsole nanm ki deprime, pou nou soutni sa ki fèb yo ’. (1 Tesalonisyen 5:14.) Petèt, “ nanm ki deprime ” sa yo santi yo pa gen fòs ankò e yo santi yo pap ka venk obstak yo gen devan yo si yon lòt moun pa ede yo. Èske lòt moun sa a pa ka ou menm ? Yo konn rann ekspresyon “ soutni sa ki fèb yo ” lòt fason ankò, tankou “ kenbe [moun ki fèb la] fèm ” oubyen “ atache ak ” li. Jewova renmen tout brebi li yo, li cheri yo tout. Li pa konsidere yo tankou yo pa gen okenn enpòtans, ni li pa ta vle pou okenn nan yo ale aladeriv. Èske w ka ede kongregasyon an pou yo “ kenbe ” moun ki fèb espirityèlman yo fèm jiskaske yo vin fò ? — Ebre 2:1.
15 Gen yon ansyen ki te vizite yon koup ki te gen sizan depi yo inaktif. Men sa ansyen an ekri : “ Bonte ak byenveyans tout kongregasyon an te manifeste anvè yo te tèlman touche yo, yo te retounen vin jwenn twoupo a. ” Kòman sè ki te inaktif la te santi l lè moun nan kongregasyon an te vin vizite l ? Tande sa l di : “ Sa k te ede nou vin aktif ankò sèke ni frè ki te konn vizite nou yo, ni sè ki te konn akonpaye yo, pa t konn kondane nou ni yo pa t konn kritike nou. Okontrè, yo te konpreyansif avèk nou e yo te ban nou ankourajman ki soti nan Bib la. ”
16. Kiyès ki toujou pare pou l ede moun ki bezwen fòs ?
16 Wi, yon kretyen ki sensè byen kontan pou l yon èd k ap bay lòt moun fòs. E etandone sitiyasyon nou ap chanje, yon lè se kapab tou pa nou pou lòt frè fòtifye nou. Men, nou dwe reyalis, sa ka rive yon lè nou nan bezwen, epi pa gen yon moun ki la pou ede nou. Sepandan, nou gen yon Èd li menm ki byen plase pou l ban nou fòs e ki toujou dispoze pou ede nou : Jewova Dye. — Sòm 27:10.
-
-
Èske w ta renmen resevwa yon vizit ?Toudegad — 2004 | 1ye me
-
-
Èske w ta renmen resevwa yon vizit ?
Menm nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm, ou ka jwenn kè kontan grasa konesans egzak Bib la bay sou Bondye, sou Wayòm li an ak sou bèl pwogram li genyen pou limanite. Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon, oswa si w ta renmen yon moun vin lakay ou pou etidye Bib la avèk ou gratis, ou mèt ekri Temwen Jewova yo nan adrès sa a : 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483, oubyen nan youn nan adrès ki parèt nan paj 2 a.
-