“ Se pou pawòl nou toujou [...] sizonnen ak sèl ”
1. Ki sa ‘ sizonnen pawòl nou ak sèl ’ vle di ?
1 “ Se pou pawòl nou toujou gen cham, se pou l toujou sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun. ” (Kol. 4:6). Sizonnen pawòl nou ak sèl vle di nou dwe chwazi mo ki kòrèk e nou dwe pale yon fason k ap rann sa nou di yo agreyab pou moun k ap koute nou yo. Li trèzenpòtan pou nou fè sa lè n ap patisipe nan ministè a.
2. Ki jan Jezi te rive preche yon Samaritèn ?
2 Egzanp Jezi ban nou : Pandan Jezi t ap repoze bò yon pui, li te pran inisyativ pou l pale ak yon Samaritèn ki te vin pran dlo. An plizyè fwa, pandan konvèsasyon an, Samaritèn nan te soulve pwen ki te gen rapò ak hinghang ki te egziste depi lontan ant Juif yo ak Samariten yo. Li te di Jezi tou li kwè Samariten yo se desandan Jakòb, kwak Juif yo gen konviksyon Samariten yo se desandan moun ki pa Juif. Olye Jezi te rete ap diskite avè l sou sa l te di yo, li te pito fè yon jan pou konvèsasyon an rete pozitif. Kòm rezilta, Jezi te rive bay yon temwayaj ki te pwofitab ni pou Samaritèn nan ni pou moun nan vil la. — Jan 4:7-15, 39.
3. Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi lè nou nan ministè a ?
3 Lè n ap preche, nou ta dwe kenbe objektif nou genyen an nan lespri nou, objektif pou nou “ anonse bon nouvèl bon bagay yo ”. (Wom. 10:15.) Nou vle pataje yon panse ki agreyab e ki ankourajan avèk moun yo, nou pa vle ba yo enpresyon nou vin kritike kwayans yo. Si moun nan di yon bagay ki pa egzak, nou pa bezwen atire atansyon l sou sa l di ki pa bon an pou nou korije l. Èske nou kapab sèvi ak yon bagay nan sa l di a kòm baz pou nou felisite l avèk senserite ? Petèt nou ta ka entwodui yon vèsè lè nou di : “ Èske w te janm egzamine vèsè sa a ? ”
4. Ki sa nou dwe fè si moun n ap preche a pale di avèk nou ?
4 Ki sa pou nou fè si moun nan ap joure nou oswa si nou remake se sou diskisyon li ye ? Nou ta dwe kontinye demontre jantiyès ak dousè nan fason nou reyaji ak nan pawòl nou (2 Tim. 2:24, 25). Si moun nan pa apresye mesaj Wayòm nan, li pi bon pou nou montre nou gen tak e pou nou deplase. — Mat. 7:6 ; 10:11-14.
5. Ki bon rezilta yon sè te jwenn lefètke li te reponn yon moun avèk cham ?
5 Nou jwenn bon rezilta : Gen yon sè ki te eseye bay yon vwazin li temwayaj. Madanm nan te eksploze sou sè a e li te kòmanse joure. Avèk jantiyès, sè a di : “ Mwen byen regrèt se konsa w reyaji. Mwen swete w pase yon bon jounen. ” De semèn apre, madanm nan t al frape nan pòt sè a, li te eskize l pou fason l te reyaji a e li te di sè a li dispoze tande sa l te gen pou l di l la. Souvan, yon repons ki gen cham bay bon rezilta ! — Pwo. 15:1 ; 25:15.
6. Poukisa li enpòtan pou pawòl nou yo toujou sizonnen ak sèl lè nou nan ministè a ?
6 Se pou nou fè efò pou pawòl nou yo toujou sizonnen ak sèl lè n ap preche bon nouvèl la. Menmsi moun nan pa vle koute, petèt l ap pi dispoze koute pwochèn fwa Temwen Jewova frape nan pòt li.