Kantik 43 (98)
Ann lite pou lafwa
(Jid 3)
1. Mechanste gaye toupatou,
Se sa Jezi te predi.
Lafwa pifò moun toupiti.
E lanmou vin rafredi.
Kidonk, ann lite pou lafwa
Kretyen lontan te genyen.
Yo te kwè nan Pawòl Bondye,
E yo te nan vrè chemen.
2. Pa janm kite Dyab la minen
Fwa solid nou gen nan Ya.
Ann etidye, priye, preche
Pou n ka ret fèm nan lafwa.
Toujou lite avèk fèmte,
Pa kite dout anvayi n.
Annou youn byen fòtifye lòt,
Pou n kenbe nan disiplin.
3. Nan tout fasèt ministè a,
Pou vrè lafwa n ap lite.
Jiskaske sistèm nan fini,
Avèk kran ann temwaye.
Souvrènte Ya pral jistifye
E mechan pap la ankò.
Men nou menm, n ap jwenn delivrans,
S’a se yon gwo rekonfò.