BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lr chap. 48 p. 250-256
  • Monn nouvo pezib Bondye a: ou ka viv ladan l!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Monn nouvo pezib Bondye a: ou ka viv ladan l!
  • Koute gran Anseyan an
  • Sou menm sijè a
  • Viv ak lapè nan yon monn nouvo
    Viv ak lapè nan yon monn nouvo
  • Yon paradi nan yon monn tounèf toupre rive!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Ki objektif Bondye pou latè ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Koute gran Anseyan an
lr chap. 48 p. 250-256

CHAPIT 48

Monn nouvo pezib Bondye a: ou ka viv ladan l!

BONDYE te mete Adan ak Èv nan jaden Edenn nan. Menmsi yo te vin dezobeyi e yo mouri, Bondye bay desandan yo, e nou menm k ap viv jodi a nou ladan l tou, posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi a. Men pwomès Bib la fè: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan.”— Sòm 37:29.

Bib la pale de “syèl tounèf” ak “yon tè tounèf”. (Izayi 65:17; 2 Pyè 3:13.) “Syèl” kounye a se gouvènman imen jodi a ki fòme l, men Jezi Kris ak moun k ap reye nan syèl la avèk li yo pral fòme “syèl tounèf yo”. Ala bèl sa pral bèl lè syèl tounèf sa yo, anpalan de gouvènman Bondye a, yon gouvènman ki jis, ki pral pote lapè, pral dirije tout tè a!

E “tè tounèf” la, sa l ye? — Tè tounèf la se pral tout moun k ap aji byen e ki renmen Jewova. Anfèt, lè Bib la pale de “tè a”, pafwa li vle di moun k ap viv sou tè a, se pa tè a li menm (Jenèz 11:1; Sòm 66:4; 96:1). Donk, moun k ap fòme tè tounèf la se moun ki pral viv sou tè a menm.

Monn ki la kounye a, monn mechan sa a, pap la ankò. Sonje sa, delij ki te fèt nan epòk Noye a te efase yon monn ki te plen ak moun mechan. E, jan nou aprann sa, monn mechan ki la kounye a pral detwi nan Amagedòn. Kounye a, annou wè ki jan lavi a pral ye nan monn nouvo Bondye a apre Amagedòn.

Èske w vle viv pou toutan nan Paradi a, nan monn nouvo pezib Bondye a? — Okenn doktè pa ka fè nou viv pou toutan. Pa gen okenn medikaman ki ka anpeche nou mouri. Sèl fason pou nou viv pou toutan, se pou nou pwoche bò kote Bondye. E gran Anseyan an di nou ki jan nou ka fè sa.

Ann ouvri bib nou nan Jan chapit 17, vèsè 3. Ladan l nou jwenn pawòl sa yo gran Anseyan an te di: “Men sa lavi etènèl la siyifi: se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris.”

Donk, ki sa Jezi te di nou bezwen fè pou nou viv pou toutan? — Toudabò, nou dwe aprann konnen Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ansanm ak Pitit Gason l lan, ki te bay lavi li pou nou. Sa vle di nou bezwen etidye Bib la. Liv sa a, Koute gran Anseyan an, ap ede nou fè sa.

Men, lefètke n ap aprann konnen Jewova, ki jan sa ka ede nou viv pou toutan? — Ebyen, menm jan nou bezwen manje chak jou, se konsa nou bezwen aprann kèk bagay sou Jewova chak jou. Bib la di: “Lòm dwe viv, pa ak pen sèlman, men ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” — Matye 4:4.

Nou bezwen aprann konnen Jezi Kris tou, paske Bondye te voye Pitit Gason l lan pou l retire peche nou. Bib la di: “Pa gen delivrans nan okenn lòt moun”, e yon lòt kote, li di: “Moun ki egzèse lafwa nan Pitit Gason an gen lavi etènèl.” ​(Travay 4:12; Jan 3:36). Men, ki sa sa vle di pou nou “egzèse lafwa” nan Jezi? — Sa vle di pou nou kwè nan Jezi toutbon, e pou nou konnen nou pap ka viv pou toutan san li. Èske se sa nou kwè? — Si se sa nou kwè, n ap kontinye koute gran Anseyan an chak jou, epi n ap fè sa l di.

Yon bèl fason pou nou koute gran Anseyan an, se pou nou li liv sa a toutan, pou nou gade foto yo e pou nou reflechi sou yo. Gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki mache ak foto sa yo. Epitou, li liv la ansanm ak manman w oswa ak papa w. Si paran w yo pap viv ansanm avèk ou, li l ak lòt moun ki pi gran pase w e avèk lòt timoun. Èske se pa t ap yon bèl bagay si w te ka ede lòt moun pou yo koute gran Anseyan an, pou yo konnen ki sa yo bezwen fè pou yo viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a?

Bib la di nou: “Se pase monn nan ap pase.” Men tou, Bib la esplike ki jan nou ka viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a. Li di: “Moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” ​(1 Jan 2:17). Donk, ki jan nou ka viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a? — Nou ka fè sa lè nou aprann konnen Jewova ak Jezi, Pitit Gason li renmen anpil la. Men, nou dwe mete sa nou aprann yo an pratik. Nou swete pou etid ou fè nan liv sa a ede w fè tout bagay sa yo.

Granmoun kou timoun anpè ak bèt yo nan Paradi a.

Etan w ap li Izayi 11:6-9 ak Izayi 65:25, w ap aprann bèt yo ap viv anpè. Gade foto sa yo. Gade ti mouton an, ti kabrit la, leyopa a, ti bèf la, gwo lyon an ak timoun yo ki ansanm avèk yo. Èske w ka site non lòt bèt Bib la pale de yo ki la a? — Gade tigason sa a k ap jwe avèk kobra a! Okenn moun k ap viv nan monn nouvo a pap bezwen pè (Ocheya 2:18). Sa w panse de sa?

Moun tout ras kontan viv anpè ak sekirite nan monn nouvo a.

Kounye a, gade jan tout kalite moun ap viv anpè. Yo tout, youn renmen lòt, jan Jezi te di disip li yo t ava fè sa (Jan 13:34, 35). Zam ki te konn fè lagè vin tounen zouti pou moun travay latè. Bib la pale konsènan bonjan lapè ak sekirite moun yo pral jwi nan monn nouvo Bondye a. Nou ka li sa nan yon seri vèsè tankou Sòm 72:7; Izayi 2:4; 32:16-18; ak Ezekyèl 34:25.

Moun tout ras kontan viv anpè ak sekirite nan monn nouvo a.

Gade moun ki nan paj sa a. Y ap pran swen tè a, y ap fè l tounen yon bèl kote. Gade bèl kay y ap konstwi. Gade fwi ak legim ki la a. Moun yo pa maltrete tè a, se sa k fè li tounen yon paradi tankou jaden Edenn nan. Nou ka li bèl bagay sa yo nan Sòm 67:6; 72:16; Izayi 25:6; 65:21-24; ak nan Ezekyèl 36:35.

Moun yo kontan gen lasante ak kè kontan nan Paradi a.

Jan w wè sa la a, tout moun an sante e yo kontan. Yo byen anfòm. Pèsonn pa enfim nan pye, pèsonn pa avèg, pèsonn pa malad. Epi, gade moun sa yo ki resisite! Bib la pale konsènan bagay sa yo nan Izayi 25:8; 33:24; 35:5, 6; Travay 24:15; ak nan Revelasyon 21:3, 4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje