LESON 45
Egzanp ak lòt teknik k ap enstwi moun yo
EGZANP se yon zouti ki pisan moun ka itilize lè y ap anseye lòt moun. Souvan, yo byen kapte atansyon moun e yo fè yo ret konsantre sou sa k ap di a yon fason estrawòdinè. Yo ankouraje moun reflechi. Yo aji sou santiman moun genyen, e konsa, yo ka touche konsyans yo ak kè yo. Pafwa, yo ka sèvi ak egzanp pou ede moun retire prejije lakay yo. Egzanp yo se yon bon zouti tou pou ede moun sonje sa yo aprann. Èske w sèvi avèk yo lè w ap anseye moun?
Gen yon seri ekspresyon kote yon moun ka itilize sèlman kèk mo, men li ka fè yon seri imaj vivan monte nan lespri moun. Lè yo byen chwazi ekspresyon sa yo, moun konprann prèske tout sans yo san pwoblèm. Men, yon anseyan ka fè yo parèt pi enpòtan toujou lè l ajoute yon ti esplikasyon avèk yo. Bib la chaje ak egzanp konsa ki ka aprann nou anpil bagay.
Kòmanse ak konparezon ak metafò. Konparezon se bagay ki pi senp moun ka itilize. Si w fèk kòmanse ap sèvi ak egzanp, li ka pi bon pou w kòmanse ak konparezon. An jeneral, lè moun ap fè konparezon, yo sèvi ak mo “tankou” oswa ak ekspresyon “menm jan ak”. Nan yon konparezon, yo konpare de bagay ki yon ti jan diferan, men yo mete aksan sou pwen yo genyen ki sanble antre yo. Bib la chaje ak konparezon ansanm ak lòt teknik ki kreye yon imaj nan lespri moun pou atire atansyon moun yo sou bagay Jewova kreye yo, tankou plant yo, bèt yo ak bagay ki nan syèl la, e sou eksperyans lèzòm fè. Nan Sòm 1:3, yo di yon moun ki li Pawòl Bondye a regilyèman “tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo”, yon pyebwa ki bay fwi e fèy li pa fennen. Yo di mechan yo “tankou yon lyon” ki kache ap tann pou yo plonje sou moun yo vle fè mal (Sòm 10:9). Jewova te pwomèt Abraram desandans li t ap vin “tankou zetwal ki nan syèl la” e “tankou grenn sab ki arebò lanmè”. (Jen. 22:17.) Anrapò ak relasyon sere Jewova te genyen ak nasyon Izrayèl la, Jewova te di li fè Izrayèl ak Jida mare ak li “menm jan ak yon senti ki mare nan ren yon nonm”. — Jer. 13:11.
Metafò se yon lòt kalite konparezon ki mete aksan sou resanblans ki genyen ant de bagay ki trè diferan. Men, fòm konparezon sa a gen plis fòs toujou. Ladan l, yo pale de premye bagay la kòmsi se te lòt la, konsa, yo montre dezyèm bagay la gen omwen youn nan karakteristik premye bagay la. Men sa Jezi te di disip li yo: “Nou se limyè pou monn nan.” (Mat. 5:14). Lè disip Jak t ap pale de dega pawòl moun di san kontwòl ka fè, men sa li te ekri: “Lang se yon dife.” (Jak 3:6). Men sa David te di Jewova: “Se ou ki mas wòch mwen e se ou ki fòtrès mwen.” (Sòm 31:3). An jeneral, lè yon moun byen chwazi yon metafò, li pa nesesè pou l bay anpil esplikasyon sou li oswa li ka pa menm bezwen esplike l. Li gen plis fòs lè l senp. Yon metafò ka ede moun k ap koute w yo sonje yon pwen pi byen pase si w te annik di yo pwen sa a.
Chak jou lè n ap pale, nou itilize tou kèk fòm egzajerasyon ki frapan. Nou dwe byen chwazi nan ki moman n ap itilize yo. Si nou pa fè sa, moun ka mal konprann yo. Jezi te itilize teknik sa a. Pou l te kreye yon imaj nan lespri moun ki t ap koute l yo, yon imaj yo pa t ka bliye, li te mande: “Poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa wè gwo bout bwa ou gen nan je w la?” (Mat. 7:3). Anvan w eseye itilize teknik sa a oswa lòt teknik ki kreye yon imaj nan lespri moun, aprann byen sèvi ak toule de kalite konparezon ki egziste yo.
Sèvi ak egzanp. Olye w sèvi ak teknik ki pèmèt ou kreye yon imaj nan lespri moun yo, ou ka chwazi itilize egzanp, kit se istwa ou imajine, kit se eksperyans ki te rive toutbon nan lavi moun, kòm zouti pou w anseye yo. Lè moun ap itilize egzanp, yo gen tandans mete twòp aksan sou yon pwen oswa yo mete twòp detay nan egzanp yo. Se sa k fè, ou bezwen aprann byen itilize yo. Ou ta dwe itilize egzanp sèlman pou w soutni pwen ki vrèman enpòtan yo e ou dwe prezante yo yon fason pou moun yo sonje enstriksyon yo te aprann nan, se pa istwa yo pou yo sonje sèlman.
Byenke li pa nesesè pou tout egzanp ta yon evènman ki te fèt toutbonvre, yo ta dwe gen rapò ak konpòtman moun gen nan lavi a e ak sitiyasyon ki egziste toutbon. Lè Jezi t ap anseye moun yo fason yo dwe konsidere moun ki peche ki repanti yo, li te bay yon egzanp pou l ede yo konprann pwen an, li te rakonte lajwa ki genyen lè yon mesye te jwenn yon mouton li te pèdi (Lik 15:1-7). Pou Jezi te reponn yon mesye ki pa t rive konprann tout sa Lalwa te vle di lè l te bay kòmandman pou yon moun renmen pwochen l lan, Jezi te rakonte yon istwa konsènan yon Samariten ki te ede yon moun ki te blese, alòske te gen yon prèt ak yon Levit ki te pase anvan Samariten an ki pa t fè sa (Lik 10:30-37). Si w byen gade konpòtman ak aksyon moun, w ap ka itilize bon egzanp lè w ap anseye.
Pwofèt Natàn te rakonte wa David yon istwa li te imajine pou l te reprimande l. Istwa a te fè Natàn jwenn bon rezilta paske li te mete David nan yon sitiyasyon kote li pa t ka jistifye tèt li. Istwa a te pale sou yon mesye ki te rich ki te gen anpil mouton ak yon mesye ki pa t gen anpil mwayen ki te gen sèlman yon ti femèl mouton li te konn pran swen avèk tandrès. David te yon bèje, donk li te ka konprann santiman moun ki te mèt ti mouton an. Se sa k fè, li te fache kont mesye rich ki te pran ti mouton mesye ki pa t gen mwayen an, yon ti mouton li te renmen anpil. Annapre Natàn te di David byen klè: “Moun sa a se ou menm menm!” Egzanp sa a te touche kè David e David te repanti ak tout kè l (2 Sam. 12:1-14). Ofiramezi w ap itilize egzanp, w ap ka aprann byen jere pwoblèm ki gen rapò ak santiman moun.
Nan Bib la, w ap jwenn anpil egzanp ki gen anpil valè ou ka itilize pou w anseye lòt moun. Avèk kèk mo sèlman, Jezi te fè sa lè l te di: “Sonje madan Lòt.” (Lik 17:32). Lè Jezi t ap bay enfòmasyon sou siy prezans li a, li te fè referans ak “epòk Noye a”. (Mat. 24:37-39.) Nan Ebre chapit 11, apot Pòl te pale sou 16 gason ak fi ki se bon egzanp nan kesyon demontre yo gen lafwa. Tank w ap pi byen konnen Bib la, w ap kapab jwenn yon seri bèl egzanp anrapò ak evènman e ak moun yo pale de yo nan Bib la. — Wom. 15:4; 1 Kor. 10:11.
Pafwa, ou ka wè li bon pou w itilize yon eksperyans ki te pase toutbon nan lavi yon moun nan epòk nou an pou w kore yon pwen enpòtan. Men, lè w ap fè sa, veye pou w sèvi sèlman ak egzanp yo verifye ki te rive vre e evite egzanp ki ka jennen yon moun pami moun k ap koute w yo oswa egzanp ki ka atire atansyon moun yo sou yon sijè ki ka fè diskisyon, alòske l pa gen rapò ak tèm w ap devlope a. Sonje tou, eksperyans w ap rakonte a w ap rakonte l nan yon objektif byen presi. Pa rakonte detay ki initil ki gen tandans detounen atansyon moun yo sou objektif prezantasyon w lan.
Èske y ap konprann li? Kèlkeswa egzanp ou itilize a, li dwe atenn yon objektif presi. Èske l ap atenn objektif sa a si w pa aplike l pou sijè w ap egzamine a?
Apre Jezi te fin pale de disip li yo kòm “limyè pou monn nan”, li te ajoute kèk remak konsènan fason yo itilize yon lanp e konsènan responsablite sa montre disip li yo genyen (Mat. 5:15, 16). Apre li te fin bay egzanp sou mouton mesye a te pèdi a, li te ajoute yon esplikasyon konsènan lajwa ki gen nan syèl la lè yon moun ki te peche repanti (Lik 15:7). Epi, apre Jezi te fin bay istwa sou bon Samariten an, li te poze moun li t ap pale avè l la yon kesyon presi e apre sa, li te bay yon konsèy dirèk (Lik 10:36, 37). Yon lòt bò, se sèlman moun ki te gen imilite yo Jezi te bay esplikasyon sou egzanp konsènan divès kalite tè a ak egzanp konsènan move zèb la, li pa t bay foul moun yo esplikasyon sa yo (Mat. 13:1-30, 36-43). Twa jou anvan Jezi te mouri, li te bay yon egzanp konsènan yon seri kiltivatè ki t ap travay nan jaden rezen yon mesye, yo te touye ni esklav li, ni pitit li. Jezi pa t fè okenn aplikasyon, paske sa pa t nesesè. “Prèt an chèf yo ak Farizyen yo [...] [te] rann yo kont se de yo li t ap pale.” (Mat. 21:33-45). Kidonk, egzanp ou bay la, atitid moun k ap koute w yo ak objektif ou genyen ap ede w wè si l nesesè pou w fè yon aplikasyon oswa si l pa nesesè, e si sa nesesè, nan ki pwen li nesesè.
Sa pran tan pou yon moun devlope kapasite pou l byen sèvi ak egzanp e ak lòt teknik nou sot pale la a yo, men li dwe fè efò pou l fè sa paske sa ap bay bon rezilta. Lè w byen chwazi yon egzanp, sa ede moun yo pi byen konprann e sa touche kè yo. Kòm rezilta, mesaj la ap gen yon gwo efè sou moun yo, yon efè li te ka pa genyen si w te annik esplike enfòmasyon yo.