BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fy chap. 8 p. 90-102
  • Pwoteje fanmi w kont enfliyans ki ka detwi l

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwoteje fanmi w kont enfliyans ki ka detwi l
  • Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KIYÈS K AP ANSEYE PITIT OU ?
  • PWENNVI BONDYE SOU KESYON SEKSYÈL
  • DEVWA PARAN YO GENYEN
  • MOUN KI ZANMI PITIT OU
  • KI KALITE DETANT ?
  • FANMI W KA VENK MONN NAN
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Enstwi pitit ou depi l toupiti
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
fy chap. 8 p. 90-102

CHAPIT UIT

Pwoteje fanmi w kont enfliyans ki ka detwi l

Foto nan paj 91

1-3. a) Enfliyans ki lakòz destriksyon ki menase fanmi yo, nan ki sous yo soti ? b) Ki ekilib paran yo bezwen pou yo pwoteje fanmi yo ?

MEN ou ki pral voye tipitit gason w lekòl e gen yon gwo lapli k ap tonbe. Ki sa w ap fè nan sitiyasyon sa a ? Èske w ap kite l al twote deyò a san abiman pou lapli ? Oubyen èske w ap tèlman abiye l ak rad pou pwoteje l, se apèn si l ka bouje ? Asireman, ou pap fè youn nan bagay sa yo. W ap ba li egzakteman sa li bezwen pou l pa mouye.

2 Se menm jan an tou, paran yo dwe jwenn yon fason ekilibre pou yo pwoteje fanmi yo kont enfliyans ki ka detwi yo, enfliyans k ap vide sou yo tankou lapli e ki soti nan tout kalite sous, tankou nan endistri divètisman, nan medya, bò kote kamarad e pafwa menm nan lekòl. Gen kèk paran ki fè yon vyepti efò oubyen ki pa fè anyen menm pou yo pwoteje fanmi yo. Gen lòt, ki konsidere prèske tout enfliyans ki soti deyò kòm yon danje, konsa yo tèlman bay restriksyon, timoun yo santi yo kòm ap toufe. Èske li posib pou gen ekilib ?

3 Wi, sa posib. Lè moun ekstremis, sa pa bay bon rezilta, sa ka menm mennen nan dezas (Eklezyas 7:16, 17). Men, kòman paran ki kretyen yo ka rive jwenn bonjan ekilib pou yo pwoteje fanmi yo ? Ann egzamine twa domèn : enstriksyon, frekantasyon ak detant.

KIYÈS K AP ANSEYE PITIT OU ?

4. Kòman paran ki kretyen yo ta dwe konsidere enstriksyon ?

4 Paran ki kretyen yo bay enstriksyon anpil enpòtans. Yo konnen lekòl pèmèt timoun yo aprann li, aprann ekri, aprann kominike, e li aprann yo rezoud pwoblèm. Li ta dwe anseye yo tou fason pou yo aprann. Abilite lekòl pèmèt timoun devlope kapab itil yo pou yo reyisi malgre difikilte ki gen nan monn jodi a. Mete sou sa, yon bon enstriksyon ka pèmèt yo fè travay ki meyè kalite. — Pwovèb 22:29.

5, 6. Kòman timoun ki lekòl yo ka ekspoze devan enfòmasyon defòme sou kesyon seksyèl ?

5 Sepandan, lekòl mete timoun yo an kontak ak lòt timoun, e anpil nan yo gen pwennvi defòme. Pa egzanp, ann pran pwennvi yo genyen sou sèks ak moralite. Nan yon lekòl segondè nan peyi Nijerya, yon jèn fi ki konn gen relasyon seksyèl ak divès kalite moun t ap bay elèv parèy li yo konsèy sou sèks. Yo koute l avèk anpil atansyon malgre konsèy li yo te chaje ak bagay ki pa gen sans, bagay li pran nan liv pònografi. Kèk nan jèn fi yo te suiv konsèy li yo. E kòm rezilta, youn nan yo te tonbe ansent san l pa marye, e li te mouri apre li fin fè yon avòtman poukont li.

6 Malerezman, kèk nan move enfòmasyon y ap bay nan lekòl sou kesyon seksyèl, se pa timoun ki bay yo, men se pwofesè. Anpil paran gen lapèn lè lekòl ap anseye timoun sou kesyon seksyèl san yo pa ba yo enfòmasyon sou prensip moral ak sou responsablite yo genyen. Gen manman yon timoun 12 an ki di : “ N ap viv nan yon zòn ki atache anpil ak relijyon e ki trè konsèvatè, poutan, nan lekòl segondè ki nan lokalite a menm, y ap distribye prezèvatif bay timoun yo ! ” Li menm ak mari l te vin enkyè lè yo te aprann gen tigason nan laj pitit fi yo a ki konn ap mande l pou yo gen relasyon seksyèl ak li. Kòman paran yo ka pwoteje fanmi yo kont move enfliyans konsa ?

7. Ki pi bon fason pou w kontrekare enfòmasyon kwochi sou kesyon seksyèl ?

7 Èske pi bon bagay la se pa kite timoun yo tande pale de kesyon seksyèl ditou ? Non. Li pi bon pou se ou menm ki anseye pitit ou sou kesyon seksyèl (Pwovèb 5:1). Se vre, nan kèk zòn ann Ewòp ak ann Amerik di Nò, anpil paran wont pale sou sijè sa a. Se menm bagay la tou nan kèk peyi ann Afrik, paran yo pale raman sou kesyon seksyèl ak pitit yo. Gen yon papa nan Syera Leyòn ki di : “ Li pa nan kilti afriken pou yo fè sa. ” Kèk paran panse pale sou kesyon seksyèl ak pitit yo se mete nan tèt yo lide k ap mennen yo fè imoralite. Men, ki pwennvi Bondye sou sa ?

PWENNVI BONDYE SOU KESYON SEKSYÈL

8, 9. Ki bèl enfòmasyon sou kesyon seksyèl nou jwenn nan Bib la ?

8 Bib la montre aklè pa gen anyen mal pou yon moun pale sou kesyon seksyèl nan yon kontèks ki apwopriye. Ann Izrayèl, pèp Bondye a te resevwa lòd pou yo rasanble ansanm, “ timoun yo ” te ladan l tou, pou yo koute lekti Lwa Moyiz la yo t ap fè awotvwa (Detewonòm 31:10-12 ; Jozye 8:35). Lalwa te pale ouvètman sou yon kantite sijè nan domèn seksyèl, tankou règ, ejakilasyon, fònikasyon, adiltè, omoseksyalite, relasyon seksyèl ant fanmi pwòch, relasyon seksyèl ant moun ak bèt (Levitik 15:16, 19 ; 18:6, 22, 23 ; Detewonòm 22:22). Apre lekti sa a, sandout paran yo te gen anpil bagay pou yo esplike pitit yo k ap poze yo kesyon.

9 Gen vèsè nan chapit senk, sis ak sèt, liv Pwovèb la ki gen ladan yo konsèy chaje lanmou yon paran te bay sou danje ki gen nan imoralite seksyèl. Vèsè sa yo montre pafwa imoralite ka tante moun (Pwovèb 5:3 ; 6:24, 25 ; 7:14-21). Sepandan, vèsè yo anseye se yon bagay ki mal, e li gen konsekans tèrib. Yo bay konsèy pou ede jèn yo evite konduit imoral (Pwovèb 5:1-14, 21-23 ; 6:27-35 ; 7:22-27). Anplis de sa, yo opoze imoralite ak satisfaksyon dezi seksyèl ki fèt nan kad yo te prevwa pou sa a, nan kad maryaj (Pwovèb 5:15-20). Ala yon bèl modèl sou metòd pou moun anseye paran yo dwe suiv !

10. Poukisa lè yo bay timoun yo konesans sou sa Bondye di sou kesyon seksyèl sa pap mennen yo fè imoralite ?

10 Èske yon ansèyman konsa ap mennen timoun fè imoralite ? Okontrè, Bib la di : “ Grasa konesans moun ki jis yo delivre. ” ​(Pwovèb 11:9). Èske w pa ta renmen delivre pitit ou anba enfliyans monn sa a ? Men sa yon papa di : “ Depi lè timoun nou yo te toupiti, nou te eseye fran ak yo sou kesyon seksyèl. Konsa, lè yo tande lòt timoun ap pale de sèks, yo pa fè kiryozite. Pa gen gwo mistè nan sa. ”

11. Kòman timoun yo ka jwenn enstriksyon ofiramezi sou kesyon entim ki nan lavi a ?

11 Jan nou te fè remake sa nan chapit anvan yo, yo dwe kòmanse fè edikasyon seksyèl timoun yo depi byen bonè. Lè y ap aprann timoun piti yo non chak pati ki nan kò yo, pa sote pati entim yo kòmsi se pati pou nou wont pale de yo. Aprann pitit ou non kòrèk yo genyen. Ofiramezi tan ap pase, li trèzenpòtan pou w aprann yo sa yo rele entimite, sa yo rele limit. Li preferab pou toule de paran yo aprann timoun yo pati sa yo nan kò a se pati ki espesyal, nòmalman lòt moun pa dwe ni touche yo ni wè yo, e yo pa dwe janm pale de yo yon fason ki pa kòrèk. Toutpandan timoun yo ap grandi, yo dwe aprann yo kòman yon fi ak yon gason fè pou yo fè pitit. Lè kò pa yo kòmanse antre nan peryòd pibète, yo ta dwe deja byen konnen chanjman k ap tann yo. Jan nou te pale de sa nan chapit 5 lan, yon edikasyon konsa ka pwoteje timoun yo tou kont agresyon seksyèl. — Pwovèb 2:10-14.

DEVWA PARAN YO GENYEN

12. Ki pwennvi defòme byen souvan yo anseye nan lekòl ?

12 Paran yo bezwen pare yo pou yo kontrekare lòt ide ki fo yo ka anseye nan lekòl anrapò ak filozofi monn nan, tankou teyori evolisyon, nasyonalis, oubyen ide ki fè kwè pa gen verite absoli (1 Korentyen 3:19 ; gade Jenèz 1:27 ; Levitik 26:1 ; Jan 4:24 ; 17:17). Anpil pwofesè lekòl ki sensè bay gwo etid yon enpòtans egzajere. Byenke kesyon fè gwo etid se yon chwa pèsonèl, gen kèk pwofesè ki estime se sèl mwayen pou yon moun reyisia. — Sòm 146:3-6.

13. Kòman timoun ki lekòl yo ka jwenn pwoteksyon kont ide ki fo yo ?

13 Si paran yo vle kontrekare fo ansèyman oubyen ansèyman defòme yo, yo dwe konnen egzakteman ki kalite enstriksyon timoun yo ap resevwa. Kidonk, paran, sonje ou gen devwa pou w fè lakay tou ! Montre sensèman ou enterese nan pwogram eskolè pitit ou. Pale ak yo lè yo sot lekòl. Mande yo ki sa yo aprann, ki sa yo pi renmen, ki sa yo twouve ki pi difisil. Siveye devwa yo, nòt yo ak rezilta egzamen yo. Fè efò pou w konnen pwofesè timoun yo. Fè pwofesè yo konnen ou apresye travay yo e ou vle kowopere ak yo otan w kapab.

MOUN KI ZANMI PITIT OU

14. Poukisa li trèzenpòtan pou timoun ki gen atachman pou Bondye chwazi bon zanmi ?

14 “ Ki kote w aprann bagay sa a ? ” Konbyen paran ki poze kesyon sa a paske yo sezi pou yon bagay pitit yo di oubyen pou yon bagay li fè ki pa sanble ak li ditou ? E konbyen fwa repons lan konsène yon nouvo zanmi yo gen nan lekòl la oubyen nan vwazinaj la ? Wi, kit nou jèn, kit nou granmoun, konpayon nou yo gen kokenn enfliyans sou nou. Apot Pòl te bay avètisman sa a : “ Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon kòwonp abitid ki pwofitab. ” ​(1 Korentyen 15:33 ; Pwovèb 13:20). Li trè fasil pou jèn yo sitou sibi enfliyans kamarad yo. Yo gen tandans doute de tèt yo e pafwa yo ka santi yo anvayi ak anvi pou yo fè zanmi yo plezi e pou yo enpresyone yo. Kidonk, ala enpòtan sa enpòtan pou yo chwazi bon zanmi !

15. Kòman paran yo ka gide pitit yo nan chwa zanmi yo ?

15 Jan tout paran konn sa, timoun yo pap toujou fè bon chwa, yo bezwen moun pou gide yo. Sa pa vle di se ou ki pou chwazi zanmi pou yo. Olye de sa, toutpandan y ap grandi, aprann yo pou yo gen disènman epi ede yo pou yo wè ki kalite yo ta dwe chèche lakay yon zanmi. Kalite prensipal la se lanmou pou Jewova epi renmen fè sa ki dwat nan je l (Mak 12:28-30). Aprann yo pou yo gen lanmou e pou yo respekte moun ki gen kalite tankou onètete, bonte, jenewozite, dilijans. Pandan etid familyal la, ede timoun yo rekonèt kalite sa yo lakay pèsonaj biblik yo, ansuit ede yo dekouvri menm kalite sa yo lakay lòt manm nan kongregasyon an. Ba yo egzanp lè w sèvi ak menm kritè sa yo pou w chwazi zanmi pa w.

16. Kòman paran yo ka siveye ki moun pitit yo chwazi pou zanmi ?

16 Èske w konnen ki moun zanmi pitit ou yo ye ? Poukisa ou pa mande timoun yo envite yo vin lakay la konsa ou ka konnen yo ? Ou ka mande timoun yo tou ki sa lòt timoun panse de zanmi sa yo. Èske yo gen repitasyon moun ki entèg oubyen moun k ap mennen yon vi doub ? Si repons dezyèm pati kesyon sa a pozitif, ede pitit ou yo reflechi sou rezon ki fè jan de frekantasyon sa yo ka fè yo ditò (Sòm 26:4, 5, 9-12). Si w remake kèk chanjman endezirab nan konpòtman pitit ou, nan abiman l, nan etadespri l oubyen nan pale l, w ap bezwen pale ak li konsènan zanmi li genyen. Petèt, pitit ou a ap pase tan ak yon zanmi ki gen enfliyans negatif sou li. — Gade Jenèz 34:1, 2.

17, 18. Akote mizangad paran yo bezwen bay kont move frekantasyon, ki èd pratik yo ka pote ?

17 Sepandan, li pa sifi pou w annik aprann pitit ou pou yo evite move frekantasyon. Ede yo jwenn bon frekantasyon. Gen yon papa ki di : “ Nou toujou eseye ofri yo yon lòt posiblite. Konsa, lè lekòl la te vle pou pitit gason nou an fè pati ekip foutbòl la, madanm mwen avè m te chita ak li e nou te esplike l poukisa se pa yon bon lide, akoz lòt konpayon k ap enplike ladan l. Men apre sa, nou pwopoze l pou l envite kèk lòt timoun nan kongregasyon an e nou mennen yo tout sou plas kote moun al pran detant lan pou yo jwe boul. E sa mache byen. ”

18 Paran ki saj yo ede pitit yo jwenn bon zanmi e apre sa, yo pèmèt yo patisipe nan detant ki pwofitab ak zanmi sa yo. Sepandan, pou anpil paran, kesyon detant lan an li menm bay pwoblèm.

KI KALITE DETANT ?

19. Ki egzanp biblik ki montre se pa yon peche pou yon fanmi pran detant ?

19 Èske Bib la entèdi moun amize yo ? Asireman non ! Bib la di gen “ yon tan pou ri [...] ak yon tan pou vole anlè ”b. (Eklezyas 3:4.) Nan Izrayèl tan lontan an, pèp Bondye a te renmen mizik, dans, jwèt ak devinèt. Jezi te asiste yon gwo resepsyon maryaj e li te ale nan yon lòt “ gwo resepsyon ” Matye Levi te fè pou li (Lik 5:29 ; Jan 2:1, 2). Li klè, Jezi pa t yon moun ki konn anpeche moun rejwi yo. Nan fanmi pa w, pinga w janm konsidere ri ak detant kòm yon peche !

Foto nan paj 99

Detant ki byen chwazi, tankou kanmping familyal sa a, ka ede timoun yo aprann e li ka ede yo pwogrese espirityèlman.

20. Ki sa paran yo ta dwe sonje lè y ap òganize detant pou fanmi yo ?

20 Jewova se yon “ Bondye ki gen kè kontan ”. (1 Timote 1:11.) Se sa k fè, adore Jewova ta dwe yon rezon pou yon moun gen kè kontan, li pa ta dwe yon bagay ki fè yon moun pa gen jwa nan lavi l (gade Detewonòm 16:15). Tou natirèlman timoun yo chaje ak antouzyas ansanm ak enèji. Yo ka demontre antouzyas la e yo ka depanse enèji a nan jwèt ak detant. Detant ki byen chwazi plis pase yon senp amizman. Se yon mwayen pou yon timoun aprann e pou l vin gen matirite. Yon chèf fanmi gen responsablite pou l satisfè bezwen moun lakay li nan tout domèn, detant ladan l tou. Sepandan, dwe gen ekilib.

21. Ki pyèj ki egziste nan detant jodi a ?

21 Nan “ dènye jou ” boulvèse sa yo, sosyete a chaje ak moun ki “ renmen plezi olye yo renmen Bondye ”, egzakteman jan Bib la te pwofetize sa (2 Timote 3:1-5). Pou anpil moun, detant se bagay ki pi enpòtan nan lavi. Tèlman gen divètisman ki disponib, yo ka pran plas bagay ki pi enpòtan yo byen fasil. Mete sou sa, anpil nan divètisman ki gen jodi a chaje ak imoralite seksyèl, vyolans, dwòg, ak lòt kalite pratik malsen ki danjere (Pwovèb 3:31). Ki sa ki ka fèt pou pwoteje timoun yo kont divètisman danjere sa yo ?

22. Kòman paran yo ka fòme pitit yo pou yo pran desizyon ki saj nan domèn divètisman ?

22 Li nesesè pou paran yo etabli limit ak restriksyon. Men, sa ki pi enpòtan ankò, yo bezwen aprann pitit yo fason pou yo detèmine ki divètisman ki danjere epi fè yo konnen ki kantite divètisman ki twòp. Jan de fòmasyon sa a mande tan ak efò. Ann pran yon egzanp. Yon papa ki gen de pitit gason remake pi gran an t ap koute yon nouvo pòs radyo trè souvan. Yon jou, pandan papa a t ap kondui kamyon l pou l al travay, li ouvri radyo l sou menm pòs la. Li fè yon ti kanpe tanzantan pou l make pawòl ki nan kèk chante. Pita, li chita ak pitit gason l yo e li pale ak yo sou sa l te tande yo. Li poze yo kèk kesyon d opinyon ki kòmanse ak pawòl tankou “ ki sa nou panse ? ” e avèk pasyans, li koute repons yo bay. Apre li fin sèvi ak Bib la pou l rezone ak yo sou kesyon an, timesye yo deside yo pap koute pòs radyo sa a ankò.

23. Kòman paran yo ka pwoteje pitit yo kont divètisman malsen ?

23 Paran kretyen ki saj yo verifye mizik, pwogram televizyon, kasèt videyo, liv komik, jwèt videyo ak fim ki enterese pitit yo. Yo gade desen ki sou kouvèti yo, yo egzamine pawòl ki nan chante yo ak anbalaj yo, yo li kritik jounal fè sou yo e yo gade kèk pati ladan yo. Gen anpil moun ki choke devan yon seri “ divètisman ” yo fè jodi a pou timoun. Paran ki ta renmen pwoteje pitit yo kont enfliyans malsen chita ak fanmi yo e yo pale sou danje yo, yo sèvi ak Bib la ansanm ak piblikasyon biblik tankou liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, ansanm ak atik ki nan peryodik Toudegad ak Réveillez-vous !c Lè paran yo etabli limit ki byen presi, lè yo konstan e yo rezonab, jeneralman yo jwenn bon rezilta. — Matye 5:37 ; Filipyen 4:5.

24, 25. Site kèk fòm distraksyon ki pwofitab fanmi yo ka patisipe ladan yo ansanm.

24 Natirèlman, restriksyon sou divètisman ki danjere yo se sèlman yon pati nan batay la. Nou dwe kontrekare sa ki mal la ak sa ki byen, si se pa sa, timoun yo ka tonbe nan sa ki mal. Anpil fanmi kretyen gen bonjan souvni sou detant yo konn fè ansanm, tankou piknik, pwomnad, kanmping, jwèt, spò, vwayaj yo fè pou yo vizite fanmi oswa zanmi. Genyen ki twouve annik fè lekti awotvwa ansanm pou yo distrè yo ba yo lajwa e sa fè yo santi yo byen. Gen lòt ki renmen rakonte istwa ki amizan oubyen ki enteresan. E gen lòt ki fè pastan ansanm, pa egzanp, yo fè travay ak bwa ak lòt travay atizanal, yo jwe enstriman mizik, yo fè penti, oubyen yo etidye kreyasyon Bondye a. Timoun ki aprann renmen jan de distraksyon sa yo pwoteje kont divètisman malsen yo, e yo aprann gen anpil lòt fason pou moun detann yo pase annik chita san fè anyen pou se lòt moun k ap detann ou. Byen souvan, patisipe pi amizan pase chita gade.

25 Detant an gwoup ka yon fòm divètisman ki pwofitab tou. Lè yo byen sipèvize e yo pa gen twòp moun oubyen yo pa pran twòp tan, yo ka plis pase yon senp divètisman pou timoun yo. Yo ka itil pou ranfòse lyen lanmou nan kongregasyon an. — Gade Lik 14:13, 14 ; Jid 12.

FANMI W KA VENK MONN NAN

26. Lè se pou pwoteje fanmi an kont enfliyans malsen, ki kalite ki pi enpòtan pou moun yo genyen ?

26 Pa gen dout, rive pwoteje fanmi w kont enfliyans monn nan ki ka detwi l mande anpil efò. Men, gen yon bagay plis pase tout lòt bagay k ap fè siksè a posib. Se lanmou ! Relasyon sere ki genyen ant manm fanmi an ki chita sou lanmou ap fè kay la yon refij asire, e sa ap kontribye pou gen kominikasyon, yon gwo pwoteksyon kont move enfliyans. Mete sou sa, gen yon lòt kalite lanmou ki pi enpòtan toujou pou nou kiltive, se lanmou pou Jewova. Lè kalite lanmou sa a gaye nan kay la, gen plis posiblite toutpandan timoun yo ap grandi pou yo rayi lide pou yo deplè Bondye lè yo sede devan enfliyans monn nan. E paran ki renmen Jewova nan fon kè yo ap chèche imite pèsonalite l ki gen lanmou, ki rezonab e ki ekilibre (Efezyen 5:1 ; Jak 3:17). Si paran yo aji konsa, timoun yo pap gen okenn rezon pou yo konsidere adorasyon Jewova a kòm yon lis bagay yo entèdi yo fè oubyen kòm yon fason pou yo viv ki pa gen okenn plezi oubyen ki pa gen okenn jwa ladan l, yon bagay yo vle chape anba l osito sa posib. Olye de sa, y ap wè adore Bondye se fason pou moun viv ki bay plis kè kontan, ki bay plis satisfaksyon nan lavi a.

27. Kòman yon fanmi ka venk monn nan ?

27 Fanmi ki rete ini k ap sèvi Jewova avèk jwa, yon fason ekilibre, e ki fè efò ak tout kè yo pou yo rete “ san tach, san defo ” parapò ak enfliyans malsen monn sa a, rejwi kè Jewova (2 Pyè 3:14 ; Pwovèb 27:11). Fanmi sa yo suiv tras Jezi Kris ki te reziste devan tout efò monn Satan an te fè pou kòwonp li. Nan fen lavi Jezi antanke imen, li te ka di : “ Mwen venk monn nan. ” ​(Jan 16:33). Nou swete pou fanmi pa w tou venk monn nan e pou l viv pou toutan.

a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kesyon enstriksyon an, gade bwochi Les Témoins de Jéhovah et l’instruction, p. 4-7. Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

b Mo ebre lè l tradui ki bay “ ri ” la a, lòt jan yo ka tradui l se “ jwe ”, “ amize ”, “ selebre ” oubyen menm “ plezante ”.

c Se Temwen Jewova ki pibliye yo.

KI JAN PRENSIP BIBLIK SA YO KAPAB EDE W... PWOTEJE FANMI W ?

Konesans mennen nan sajès, e sajès ka prezève lavi yon moun. — Eklezyas 7:12.

“ Sajès monn sa a se sotiz devan Bondye. ” — 1 Korentyen 3:19.

Nou dwe evite move konpayi. — 1 Korentyen 15:33.

Menmsi detant gen plas li, li dwe sou kontwòl. — Eklezyas 3:4.

LI PA T SANTI L MANKE ANYEN

Paul ak madanm li Lu-Ann, de paran kretyen, konn òganize detant an gwoup lakay yo tanzantan. Yo asire yo rankont yo byen sipèvize e kantite moun yo rezonab. Yo gen bonjan rezon pou yo kwè pitit yo tire pwofi nan rankont sa yo.

Men sa Lu-Ann rakonte : “ Manman yon timoun ki nan menm klas ak Eric, pitit gason m nan, ki gen sizan, te apwoche bò kote m pou l di m li santi l tris pou Eric paske li chita apa e li pa patisipe nan fèt yo òganize nan klas la pou anivèsè nesans. Mwen di l : ‘ Mwen vrèman apresye sousi w genyen pou pitit mwen an. Sa di anpil bagay sou ki jan de moun ou ye. E sandout, pa gen anyen m ka di pou konvenk ou Eric pa santi l manke anyen. ’ Li dakò. Konsa mwen di l : ‘ Alò, nan ka sa a, pou w asire w, mande Eric ou menm ki jan l santi l. ’ Lè m deplase, li mande Eric : ‘ Èske sa pa di w anyen dèske w pa patisipe nan bèl fèt anivèsè sa yo ? ’ Eric gade l tou etone, e li di l : ‘ Ou panse diminit, kèk ti moso gato glase ak yon chante fè yon fèt ? Ou ta dwe vin lakay mwen pou w wè sa yo rele yon vrè fèt ’” Antouzyas inosan tigason an te montre aklè, li pa t santi l manke anyen !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje