Kantik 21
Byennere moun ki gen mizèrikòd yo!
1. Mizèrikòd bay kè kontan.
Moun ki genyen’l lakay yo gran.
Yo di moun ki swaf ladwati:
Nan konpasyon Bondye rejwi.
Bondye montre jan’l gen pitye
Lè Kris te bay vi’l ki presye.
Li bay ranson an pou peche’n
Paske’l renmen nou, li rachte’n.
2. Mizèrikòd rann moun beni.
Yo anpè, peche yo blanchi.
Yo jwenn byenfè pa mwayen Kris,
K’ap fè yo jwenn lavi gratis.
Yo bay mesaj la tout kote
Pou lòt moun jwenn favè Bondye.
Yo di lòt moun yo: “Pran kouraj!
Talè n’ap jwenn bèl eritaj.”
3. Moun ki gen konpasyon pa pè
Jijman Jewova Dye pral fè.
Yo tout ap kapab jwenn padon
Piske yo imite’l toutbon.
Annou kontinye padone,
Ann demontre bèl kalite.
Ann pwofite tout okazyon
Pou’n montre nou gen konpasyon.
(Gade tou Lik 6:36; Wom. 12:8; Jak 2:13.)