BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 4-p. 8 par. 1
  • Nou kontan akeyi w nan Lekòl ministè teyokratik la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou kontan akeyi w nan Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Fason w ka pwofite lekòl la omaksimòm
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 4-p. 8 par. 1
Foto nan paj 5

Nou kontan akeyi w nan Lekòl ministè teyokratik la

GEN plizyè milyon moun ki byen pwofite fòmasyon y ap bay nan Lekòl ministè teyokratik la chak semèn nan plis pase 200 peyi sou tè a. Gen nan yo ki nouvo, gen lòt ki gen anpil ane depi y ap asiste lekòl la. Yo fè lekòl sa a nan plizyè dizèn milye kote sou tè a. Kèlkeswa kote w ap viv la, ou gen posiblite pou w jwenn menm pwogram fòmasyon sa a. Moun tout laj, tout ras ak tout nivo edikasyon ap resevwa enstriksyon sa a gratis, yon enstriksyon ki soti nan Bondye.

Lè yo te kòmanse lekòl sa a nan kongregasyon Temwen Jewova yo nan ane 1943, men ki objektif yo te di li genyen: “[Lekòl la] la pou l prepare tout ‘mesye ki fidèl yo’, moun ki te tande Pawòl Bondye a e ki te demontre yo gen lafwa ladan l, pou yo ‘anmezi pou yo anseye lòt moun’ [...] yon fason pou chak moun ka [...] pi byen ekipe pou yo pale de esperans yo genyen an.” ​(Cours pour le ministère théocratique, p. 4). Jis jounen jodi a, se menm objektif sa a lekòl la toujou genyen.

Ki pi bon bagay nou kapab fè ak kapasite Bondye ban nou pou nou pale a, ki se yon kado? Men sa Bib la reponn: “Se pou tout sa k ap respire louwe Ya.” ​(Sòm 150:6). Lè nou fè sa, nou fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan. Nou montre nou gen rekonesans nan kè nou pou li pou bonte ak lanmou li demontre anvè nou. Se pa etonan si Labib ankouraje kretyen yo pou yo ‘bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, pou yo fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch yo’. (Ebre 13:15.) Nan objektif pou nou ede w amelyore kapasite w genyen pou w louwe Jewova a, nou kontan akeyi w antanke elèv nan Lekòl ministè teyokratik la.

Byenke nan lekòl la yo plis mete aksan sou lekti ak ladrès pou nou pale e pou nou anseye, se pa byenfè sa yo sèlman lekòl la ap fè yon moun jwenn. Tank w ap patisipe nan lekòl la, l ap ede w devlope yon seri kapasite ki enpòtan, tankou kapasite pou w fè lekti, pou w koute avèk atansyon e pou w sonje enfòmasyon, pou w etidye, pou w fè rechèch, pou w analize enfòmasyon, pou w òganize rechèch ou fè, pou w fè konvèsasyon ak lòt moun, pou w reponn kesyon yo poze w e pou w ekri sa w panse. Se Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la y ap etidye nan lekòl sa a. Se sou yo y ap pale e se sou yo y ap fè diskou yo. Ofiramezi w ap ranpli lespri w ak verite ki nan Pawòl Bondye a, yon seri verite ki gen anpil valè, w ap aprann panse menm jan ak Bondye. Se pa ti byenfè sa ka fè w jwenn nan chak aspè nan lavi w! Gade sa yon pwofesè inivèsite nan 20yèm syèk la, William Lyon Phelps, te ekri sou enpòtans Pawòl Bondye a genyen: “Nou ka di tout moun ki gen yon konesans pwofon sou Bib la se yon moun ki vrèman enstwi. [...] Mwen kwè li pi enpòtan pou yon moun gen konesans sou Bib la, menmsi l pa gen konesans yo bay nan inivèsite yo, olye pou l gen konesans yo bay nan inivèsite yo, men pou l pa gen konesans sou Bib la.”

Fason w ka pwofite lekòl la omaksimòm

Gwo foto nan paj 4

Natirèlman, antanke elèv nan Lekòl ministè teyokratik la, pou w pwofite fòmasyon y ap bay ladan l lan omaksimòm, ou dwe fè bonjan efò. Apot Pòl te bay Timote, yon lòt kretyen ki te konpayon l, konsèy sa a: “Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè.” ​(1 Tim. 4:15). Kidonk, ki sa pou w fè egzakteman?

Fè tout sa w kapab pou w asiste Lekòl ministè teyokratik la chak semèn. Byen sèvi ak liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la. Ekri non w nan espas yo kite pou sa nan paj ki gen tit la. Chak lè w pral asiste lekòl la, toujou pote liv la. Lè w ap li l, souliye pwen ki enpòtan ou santi k ap ede w. Yo kite gwo maj nan paj yo kote w ka pran nòt. Sèvi avèk yo pou w ekri pwen k ap itil ou, pwen w aprann nan patisipasyon k ap fèt nan lekòl la.

Lè w ap prepare lekòl la pou semèn nan, toujou sonje Bib la se prensipal liv lekòl la. Li pòsyon nan Bib la yo pwograme pou semèn nan, ba li priyorite. Byen alavans, l ap bon anpil tou pou w fè efò pou w li enfòmasyon yo bay pou divès patisipasyon ki gen nan pwogram nan.

Pandan lekòl la, yo ka mande moun ki nan asistans lan pou yo fè kòmantè. Pwofite posiblite sa a w genyen an omaksimòm. Lè w fè kòmantè nan patisipasyon sa yo, sa ap pèmèt ou vrèman sonje sa w te tande yo e sa ap pèmèt ou mete sa w aprann yo ann aplikasyon nan lavi w.

Anfèt, tout elèv yo gen posiblite pou yo bay diskou oswa pou yo fè diskou sou fòm konvèsasyon ak lòt moun devan kongregasyon an. Byen pwofite chak okazyon sa yo. Chèche amelyore chak teknik pou byen pale yo ba w travay. Y ap ba w konsèy nan objektif pou w kontinye fè pwogrè. Byen apresye konsèy sa yo. Ekri kèk konsèy presi nan liv ou a, konsèy yo te ba w sou pwen w ta dwe amelyore. Piske li difisil pou yon moun wè tèt li jan lòt moun wè l, konsèy ki baze sou Bib la lòt moun ap ba w paske yo renmen w ka ede w pwogrese anpil. Sa toujou valab, menmsi w gen anpil tan depi w elèv nan lekòl la. — Pwo. 1:5.

Èske w ta renmen fè pwogrè pi vit? W ap rive fè sa, si w pran yon seri dispozisyon. Etidye enfòmasyon chak elèv pral prezante nan lekòl la alavans. Si yo bezwen yon volontè pou ranplase yon elèv ki gen yon diskou, men ki pa la, ofri tèt ou pou w ranplase l. Konsa, w ap vin gen plis eksperyans. Lè lòt moun ap fè diskou, suiv avèk atansyon pou w wè fason yo fè diskou yo. Nou youn aprann nan men lòt.

Anplis, si sitiyasyon w pèmèt ou, ou kapab fè pwogrè pi rapid si w etidye liv la poukont ou alavans. Apre w fin byen etidye enfòmasyon ki gen nan 15 chapit ki vin apre yo, kòmanse egzamine pati ki kòmanse nan paj 78 la ki gen tèm: “Yon fòmasyon k ap ede w byen pale an piblik e k ap ede w byen anseye.” Toudabò, etidye chak leson epi fè egzèsis ki mache avè l la. Sèvi ak sa w aprann yo nan travay predikasyon an. Sa kapab fè w fè anpil pwogrè nan fason w pale ak nan fason w anseye Pawòl Bondye a.

Fòmasyon w jwenn nan Lekòl ministè teyokratik la ap ede w prepare w pou bagay ki gen plis enpòtans nan lavi a. Piske se volonte Bondye ki fè nou ap viv, lè nou louwe Bondye, se aji nou aji ann amoni ak objektif ki fè li te kreye nou an. Jewova Dye merite pi bèl louwanj ki genyen (Rev. 4:11). Fòmasyon nou resevwa nan lekòl la ap ede nou atenn objektif sa a, piske l ap ede nou byen reflechi, l ap ede nou aji avèk sajès e l ap ede nou pataje verite estrawòdinè ki gen nan Pawòl Bondye a avèk lòt moun yon fason ki efikas.

SA KI GEN NAN LEKÒL LA

  • Yon pwogram lekti, etid ak rechèch ki chita sou Bib la ki fèt chak semèn

  • Fòmasyon nan domèn lekti an piblik e nan kesyon ladrès pou moun pale ak anseye

  • Fè kòmantè lè yo mande moun ki nan asistans lan patisipe

  • Posiblite pou w fè diskou devan kongregasyon an

  • Èd pèsonèl pou w pwogrese

KAPASITE LEKÒL LA AP EDE W DEVLOPE

  • Koute avèk atansyon epi sonje enfòmasyon

  • Fè lekti

  • Etidye

  • Fè rechèch

  • Analize enfòmasyon epi òganize rechèch ou fè

  • Fè konvèsasyon ak lòt moun

  • Reponn kesyon yo poze w

  • Ekri sa w panse

YON BAZ POU NOU KONSTWI SOU LI

Byen kominike ak lòt moun se pa yon bagay tout moun byen metrize. Yo fè anpil liv pou ede moun amelyore yo nan domèn sa a. Men, Kreyatè a, Sila a ki bay lèzòm kapasite pou yo pale a, konn plis bagay konsènan fason pou moun pale e pou yo anseye pase tout moun k ap anseye lòt moun jan pou yo byen pale. Sèl Pitit Kreyatè a fè a te kowopere avè l antanke Ouvriye abil pou l te fè sèvo lèzòm ak ògàn ki pèmèt yo pale yo e pou l te fè tout lòt mèvèy ki gen nan kreyasyon an.

Lè zanj yo ak lèzòm te vin egziste, Pitit la te sèvi kòm Pawòl Bondye, prensipal moun Bondye te itilize pou l ba yo enstriksyon (Pwo. 8:30; Jan 1:1-3). Bondye te voye Pitit sa a sou tè a; yo te konnen l sou non Jezi Kris, Seyè nou an. Men sa yo rakonte sou li nan Bib la: “Foul moun yo rete bouch ouvè devan fason l anseye.” E men sa moun ki t ap koute l te di: “Pa janm gen yon moun ki pale konsa.” ​(Mat. 7:28; Jan 7:46). Yo rele Jezi Anseyan plis pase 40 fwa nan Evanjil yo, e yo te gen rezon rele l konsa. Gen anpil bagay nou ka aprann nan fason li te konn pale e nan fason li te konn anseye.

Labib gen anpil istwa tou kote li montre fason Jewova Dye te sèvi ak divès gason ak fi ki soti nan diferan kouch sosyal e ki pa t gen menm edikasyon pou l akonpli volonte l. Genyen ladan yo ki te bay yon mesaj ki te kout, men ki te gen anpil fòs. Anpil ladan yo pa t pale devan gwo foul moun, men avèk fidelite, yo te bay temwayaj konsènan vrè Dye a e konsènan objektif li. Sanble pifò pa t gwo oratè, men Bondye te beni efò yo te fè. Nou kapab aprann anpil bagay nan istwa Labib rakonte sou fason yo te fè travay Bondye te konfye yo a. — Sòm 68:11.

Se vre, Labib pa yon liv ki fèt pou aprann moun pale an piblik, men, moun ki li l avèk disènman yo jwenn enfòmasyon ki enpòtan pou ede yo pale e pou ede yo anseye yon fason ki efikas. Liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la ankouraje nou pou nou konstwi sou baz sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje