BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki sa Bondye vle?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • Ki sa Bondye vle?

      Bondye vle pou n viv anpè ak kè kontan nan yon paradi sou tè a pou toutan!

      Petèt ou ka di tèt ou: Men ‘ki jan sa pral rive fèt?’ Bib la di se Wayòm Bondye a ki pral fè sa posib e se volonte Bondye pou tout moun aprann konnen Wayòm li an ak objektif Li gen pou nou. — Sòm 37:11, 29; Ezayi 9:7.

      Bondye vle byen pou nou.

      Menm jan ak yon bon papa ki vle sa ki pi bon pou pitit li, Papa nou ki nan syèl la vle pou n gen kè kontan pou toutan (Ezayi 48:17, 18). Li pwomèt tout ‘moun ki fè volonte l ap rete pou toutan’ sou tè a. — 1 Jan 2:17.

      Bondye vle nou mache nan wout li yo.

      Bib la di Kreyatè nou an vle “fè nou konnen wout li yo” yon fason pou nou ka “mache nan chemen l yo”. (Ezayi 2:2, 3.) Jewova òganize “yon pèp pou non l”, pou l ka fè moun toupatou sou tè a konnen volonte l. — Travay 15:14.

      Bondye vle nou ini nan adorasyon n ap ba li a.

      Olye pou adorasyon ki pwòp n ap bay Jewova a fè n divize, li ini nou e l fè n gen vrè lanmou an youn pou lòt (Jan 13:35). Jodi a, kiyès k ap anseye gason kou fi, toupatou sou tè a, fason pou yo sèvi Bondye nan tèt ansanm? W ap jwenn repons kesyon sa a nan bwochi sa a.

      CHÈCHE KONN PLIS

      Kite nou etidye Labib avè w. Èske w deja ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo? Si w poko fè sa, èske w pa ta renmen pou yon Temwen etidye Labib avè w? Ou pap peye pou sa e w ap wè se yon bon fason pou w pwoche kot Bondye.

      Mande piblikasyon gratis. Ou ka al nan nenpòt Sal Wayòm epi mande nenpòt Temwen Jewova pou l fè w jwenn piblikasyon k ap ede w konprann Labib nan lang pa w.

      Aprann konnen nou sou sit la. Vizite sit ofisyèl Temwen Jewova yo sou www.pr2711.com. W ap ka li Labib sou sit la, w ap ka wè piblikasyon nou yo ki nan plis pase 750 lang e w ap ka enprime yo.

  • Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 1

      Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?

      Yon Temwen Jewova nan peyi Dànmak.

      Dànmak

      Temwen Jewova Taywann yo.

      Taywann

      Temwen Jewova Venezyela yo.

      Venezyela

      Temwen Jewova ann End yo.

      End

      Konbyen Temwen Jewova ou konnen? Kèk nan nou ka vwazen w, kòlèg travay ou, kamarad lekòl ou, oswa n ka konn pale avè w sou Labib. Men, ki kalite moun nou ye toutbon e poukisa n ap fè moun konnen nan ki sa n kwè?

      Nou se moun tankou tout moun. Nou soti nan divès ras ak tout kalite kouch sosyal. Gen kèk nan nou ki te nan yon lòt relijyon e gen lòt ki pa t kwè nan Bondye. Sepandan, anvan nou te vin Temwen Jewova, nou tout te pran tan pou n byen egzamine ansèyman ki nan Bib la (Travay 17:11). Nou dakò ak sa n aprann yo, e konsa, nou chwazi adore Jewova Dye.

      Nou jwenn byenfè lefètke n etidye Labib. Menm jan ak tout lòt moun, n ap fè fas ak tout kalite pwoblèm e n gen pwòp feblès pa nou. Men, lefètke n fè efò pou n aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou chak jou, nou vin gen gwo amelyorasyon nan kalite lavi n ap mennen (Sòm 128:1, 2). Sa se youn nan rezon ki fè n ap fè lòt moun konnen bon bagay nou aprann nan Bib la.

      Nou viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Prensip sa yo, jan Bondye anseye yo nan Bib la, ankouraje n viv byen ak lòt moun epi demontre respè anvè yo. Pami prensip sa yo gen onètete ak bonte. Prensip sa yo ede n vin moun ki djanm, ki itil sosyete n ap viv la e yo ankouraje fanmi n viv nan inite e pou yo gen bon prensip moral. Piske n kwè “Bondye pa gen patipri”, nou vin fòme yon fanmi entènasyonal frè ak sè kote pa gen pwoblèm ras ak pwoblèm politik ki divize nou. Menmsi pèsonèlman, nou se moun tankou tout moun, nou se yon pèp ki pa gen parèy. — Travay 4:13; 10:34, 35.

      • Ki sa k fè Temwen Jewova yo se moun tankou tout moun?

      • Ki prensip Temwen Jewova yo aprann grasa etid yo fè nan Bib la?

  • Poukisa nou pote non Temwen Jewova?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 2

      Poukisa nou pote non Temwen Jewova?

      Noye.

      Noye

      Abraram ak Sara.

      Abraram ak Sara

      Moyiz.

      Moyiz

      Jezi Kris.

      Jezi Kris

      Gen anpil moun ki panse Temwen Jewova se non yon relijyon ki fèk parèt. Sepandan, sa gen plis pase 2 700 ane, sèl vrè Dye a te rele moun ki t ap sèvi l yo “temwen” l (Ezayi 43:10-12). Rive jis nan ane 1931, yo te konn rele nou Etidyan Labib. Poukisa nou chwazi pote non Temwen Jewova?

      Non sa a montre ki Bondye n ap sèvi. Selon ansyen maniskri yo, non Bondye ki se Jewova, parèt plizyè milye fwa nan Bib la. Nan anpil tradiksyon Labib yo retire non Bondye, yo mete kèk tit nan plas li tankou Seyè, Bondye, Letènèl. Men, vrè Dye a te fè Moyiz konn bon non l se Jewova lè l te di: “Se non sa a m ap toujou genyen.” ​(Egzòd 3:15). Konsa, Jewova distenge tèt li parapò ak tout fo dye yo. Nou fyè pou n pote non Bondye, yon non ki sen.

      Non sa a montre ki misyon nou genyen. Gen anpil moun ki t ap viv nan tan lontan ki te bay temwayaj sou lafwa yo genyen nan Jewova. Premye moun ki te fè sa se Abèl, yon moun ki te jis. Pandan syèk ki te vin apre yo, Noye, Abraram, Sara, Moyiz, David ak lòt moun ankò te vin fè pati “gwo nyaj temwen” sa a (Ebre 11:4–12:1). Menm jan yon moun ka bay temwayaj nan tribinal an favè yon moun ki inosan, nou pran detèminasyon pou n fè konn laverite sou Bondye nou an.

      N ap imite Jezi. Bib la rele Jezi “temwen fidèl la, temwen ki toujou di laverite a”. (Revelasyon 3:14.) Jezi te di li ‘fè moun konn non Bondye’ e l te kontinye “bay temwayaj sou laverite” konsènan Bondye (Jan 17:26; 18:37). Kidonk, vrè disip Kris yo dwe pote non Jewova e yo dwe fè moun konnen non sa a. Se travay sa a Temwen Jewova yo detèmine pou yo fè ak tout fòs yo.

      • Poukisa Etidyan Labib yo te chwazi pote non Temwen Jewova?

      • Depi ki lè Jewova gen temwen sou tè a?

      • Kiyès ki pi gwo Temwen Jewova?

      CHÈCHE KONN PLIS

      Lè w rankontre Temwen Jewova ki nan kongregasyon nan zòn lakay ou, chèche pi byen konnen yo. Mande yo: “Ki sa k fè w vin Temwen Jewova?”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje