BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 14

      Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?

      Sèvitè aplentan ki nan predikasyon.

      Etazini

      Etidyan k ap asiste lekòl Galaad.
      Etidyan k ap prepare pou y al sèvi kòm misyonè.

      Lekòl Galaad, nan Patèsonn, Nouyòk.

      Mari ak madanm ki misyonè k ap preche nan peyi Panama.

      Panama

      Depi lontan, yo rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki resevwa bonjan fòmasyon. Yo òganize yon seri lekòl espesyal kote moun k ap preche aplentan yo kapab jwenn fòmasyon pou yo ‘akonpli sèvis yo nèt’. — 2 Timote 4:5.

      Lekòl Pyonye. Lè yon frè oswa yon sè fin pase premye ane l kòm pyonye pèmanan, li ka asiste yon lekòl k ap dire sis jou ki ka fèt nan yon Sal Wayòm nan zòn li abite a. Objektif lekòl sa a se ede pyonye yo vin gen pi pwòch ak Jewova, pou yo vin pi efikas nan tout aspè travay predikasyon an, epi kontinye nan sèvis la.

      Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Se yon lekòl ki dire de mwa e objektif li se fòme pyonye ki gen eksperyans e ki dispoze kite kote yo ye a pou y al sèvi kote ki gen bezwen. Se kòmsi pyonye sa yo di: “Men mwen! Voye m”. Konsa, yo imite Jezi Kris, pi gwo Evanjelizatè ki te pase sou tè a (Ezayi 6:8; Jan 7:29). Pou yon moun viv lwen peyi l, sa ka mande pou l adapte l ak yon vi ki pi senp parapò ak vi l t ap mennen an. Kilti moun nan zòn nan, tanperati zòn nan ak manje nan zòn nan ka diferan nèt ak sa l te konnen. Li ka menm bezwen aprann yon lòt lang. Lekòl sa a ede frè ak sè ki selibatè ansanm ak koup marye, ki gen ant 23 ak 65 an, pou yo devlope bèl kalite espirityèl k ap ede yo nan asiyasyon yo ak yon seri kapasite k ap pèmèt yo itil Jewova ak òganizasyon l lan plis toujou.

      Lekòl Galaad. Mo ebre lè yo tradui l ki bay “Galaad” la vle di “gwo temwayaj”. Depi lè Lekòl Galaad te fonde an 1943, plis pase 8 000 moun pase ladan l. Yo te voye yo kòm misyonè pou bay temwayaj “jis nan dènye bout tè a” e yo jwenn bon rezilta (Travay 13:47). Premye fwa yo te voye moun ki fèk sot nan Lekòl sa a Pewou, pa t gen kongregasyon nan peyi a. Kounye a, gen plis pase 1 000 kongregasyon. Premye fwa yo te voye misyonè nan peyi Japon, yo pa t menm jwenn dis pwoklamatè nan peyi a. Kounye a, gen plis pase 200 000. Elèv k ap asiste Lekòl Galaad yo pase senk mwa ap etidye Pawòl Bondye a afon. Se pyonye espesyal, oswa misyonè, moun k ap travay nan biwo filyal, oswa moun ki nan sèvis sikonskripsyon yo envite nan lekòl sa a pou yo jwenn fòmasyon k ap pèmèt yo bay travay predikasyon an jarèt toupatou sou tè a.

      • Ki objektif lekòl pyonye a?

      • Pou kiyès yo fè Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan?

  • Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 15

      Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?

      Yon ansyen k ap pale ak yon moun nan kongregasyon an.

      Fenlann

      Yon ansyen k ap anseye nan kongregasyon an.

      Yo anseye.

      Ansyen yo k ap ankouraje moun nan kongregasyon an.

      Yo vizite moun.

      Yon ansyen ki nan predikasyon.

      Yo bay temwayaj.

      Nan òganizasyon nou an, pa gen yon klèje oswa chèf Legliz k ap touche lajan. Okontrè, jan yo te konn fè sa lè kongregasyon kretyen an te fèk kòmanse, gen ansyen kalifye yo nome pou “pran swen kongregasyon Bondye a”. (Travay 20:28.) Ansyen sa yo gen matirite nan domèn espirityèl e se yo ki pran latèt nan kongregasyon an pou yo pran swen twoupo Bondye a. Yo “pa fè sa nan fòse, men [yo] fè sa ak tout kè [yo] devan Bondye. [Yo pa] fè sa paske [y] ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, men [yo] fè sa avèk dilijans”. (1 Pyè 5:1-3.) Ki travay yo fè pou yo ede nou?

      Yo gen sousi pou nou e yo veye sou nou. Ansyen yo bay kongregasyon an direksyon e yo pwoteje l nan domèn espirityèl. Byenke ansyen yo konsyan Bondye ba yo yon wòl enpòtan nan kongregasyon an, yo pa domine sou pèp Bondye a pou sa. Okontrè, yo fè tout sa yo kapab pou n santi nou byen e pou n gen lajwa (2 Korentyen 1:24). Menm jan yon bèje fè anpil efò pou l pran swen chak mouton l genyen, ansyen yo fè efò pou yo konn chak moun nan kongregasyon an. — Pwovèb 27:23.

      Yo aprann nou fason pou n fè volonte Bondye. Chak semèn, ansyen yo dirije reyinyon yo nan kongregasyon an pou yo ka fòtifye lafwa nou (Travay 15:32). Anplis de sa, mesye fidèl sa yo pran latèt nan travay predikasyon an, yo travay avèk nou e yo ban nou fòmasyon nan tout fasèt nan ministè a.

      Yo bay nou chak ankourajman. Pou ansyen yo ede nou chak vin gen pi bon relasyon ak Bondye, yo vizite nou lakay nou oswa yo pale avè n nan Sal Wayòm nan pou yo ankouraje n. Yo sèvi ak Bib la pou yo fè sa. — Jak 5:14, 15.

      Apa travay ansyen yo gen pou yo fè nan kongregasyon an, pifò ladan yo gen travay pwofàn e yo responsab yon fanmi, sa ki mande tan ak atansyon. Frè sa yo k ap travay di merite respè nou. — 1 Tesalonisyen 5:12, 13.

      • Ki travay ansyen yo fè nan kongregasyon an?

      • Ki sa ansyen yo fè pou yo montre yo enterese nan nou chak?

      CHÈCHE KONN PLIS

      Ki moun ki kalifye pou sèvis sa a? Li kondisyon Bib la bay pou yon frè vin ansyen oswa sèvitè ministeryèl nan 1 Timote 3:1-10, 12 ak Tit 1:5-9.

  • Ki wòl sèvitè ministeryèl yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 16

      Ki wòl sèvitè ministeryèl yo?

      Yon sèvitè ministeryèl k ap travay nan sèvis piblikasyon.

      Myanma

      Yon sèvitè ministeryèl k ap bay yon diskou ki baze sou Bib la.

      Yo patisipe nan reyinyon yo.

      Yon sèvitè ministeryèl k ap kondui yon reyinyon.

      Yo fè soti predikasyon.

      Yon sèvitè ministeryèl k ap ede nan netwayaj Sal Wayòm nan.

      Yo netwaye Sal Wayòm nan.

      Bib la pale de de gwoup mesye ki gen responsablite nan kongregasyon an: “Siveyan yo ansanm ak sèvitè ministeryèl yo.” ​(Filipyen 1:1). An jeneral, nan chak kongregasyon gen plizyè ansyen ak sèvitè ministeryèl. Ki travay sèvitè ministeryèl yo fè pou ede n nan kongregasyon an?

      Yo ede gwoup ansyen an. Sèvitè ministeryèl yo se moun ki espirityèl yo ka fè konfyans ki travay di nan kongregasyon an. Gen ladan yo ki jèn e genyen ki aje. Travay yo fè nan kongregasyon an enpòtan, men byen souvan, se konn travay yo fè regilyèman e gen kèk travay fizik yo fè ki nesesè. Sa pèmèt ansyen yo ret konsantre sou travay yo ki se pran swen twoupo Bondye a epi anseye l.

      Yo fè travay ki itil kongregasyon an. Gen kèk sèvitè ministeryèl ki responsab pou yo akeyi moun ki vin nan reyinyon yo. Genyen ki travay nan sonorizasyon, nan piblikasyon, nan sèvis kont, e gen lòt ki responsab bay pwoklamatè yo tèritwa pou yo preche. Anplis de sa, yo patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan e yo fè antretyen ladan l. Ansyen yo ka mande yo pou yo ede moun aje ki nan kongregasyon an. Piske sèvitè ministeryèl yo dispoze fè nenpòt travay ansyen yo ba yo, sa fè tout moun respekte yo. — 1 Timote 3:13.

      Yo bay bon egzanp antanke kretyen. Se bèl kalite espirityèl yon frè genyen ki fè yo nome l sèvitè ministeryèl. Lè yo gen patisipasyon nan reyinyon yo, yo fòtifye lafwa nou. Piske yo pran devan nan travay predikasyon an, sa ede n vin pi zele. Lefètke yo byen kowopere ak ansyen yo, sa fè gen lajwa ak inite nan kongregasyon an (Efezyen 4:16). Rive yon lè, sèvitè ministeryèl yo ka vin kalifye pou yo sèvi kòm ansyen.

      • Ki moun sèvitè ministeryèl yo ye?

      • Ki travay sèvitè ministeryèl yo fè pou kongregasyon an byen mache?

      CHÈCHE KONN PLIS

      Chak fwa w al nan Sal la, chèche fè konesans ak yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl jis ou fin konn yo tout ak fanmi yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje