BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Kòman siveyan sikonskripsyon yo ede nou?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 17

      Ki jan siveyan sikonskripsyon yo ede nou?

      Yon siveyan sikonskripsyon ak madanm li.

      Malawi

      Yon siveyan sikonskripsyon k ap fè yon reyinyon predikasyon.

      Yo fè soti predikasyon.

      Yon siveyan sikonskripsyon k ap preche.

      Yo preche avè n.

      Yon siveyan sikonskripsyon ki reyini ak ansyen yo nan kongregasyon an.

      Yo fè reyinyon ak ansyen yo.

      Ekriti grèk yo pale souvan de Banabas ak apot Pòl. Mesye sa yo te yon seri siveyan ki te konn vizite kongregasyon nan premye syèk la. Poukisa yo te konn al vizite kongregasyon yo? Yo te gen bonjan sousi pou byennèt frè ak sè nan kongregasyon yo. Pòl te di li vle “tounen al vizite frè yo” pou l te ka wè ki jan yo ye. Li te dispoze vwayaje sou plizyè santèn kilomèt pou l te ka fòtifye yo (Travay 15:36). Se menm dezi sa a siveyan k ap vizite kongregasyon yo genyen jodi a.

      Yo vizite nou pou yo ankouraje nou. Chak siveyan sikonskripsyon vizite anviwon 20 kongregasyon e li pase yon semèn nan chak kongregasyon sa yo de fwa chak ane. Eksperyans frè sa yo fè ka itil nou anpil, e si yo marye, eksperyans madanm yo fè ka itil nou tou. Yo fè tout sa yo kapab pou yo konnen ni jèn ni granmoun e yo byen kontan preche ansanm ak nou epi akonpaye nou nan etid biblik nou genyen. Siveyan sa yo al fè vizit pastoral ak ansyen yo e yo bay diskou ki ankourajan ni nan reyinyon yo ni nan asanble yo pou yo ka fòtifye nou. — Travay 15:35.

      Yo enterese nan tout moun. Siveyan sikonskripsyon yo enterese anpil nan kondisyon espirityèl kongregasyon yo. Yo reyini ak ansyen yo ak asistan ministeryèl yo pou yo egzamine pwogrè kongregasyon an fè e pou yo ba yo konsèy pratik k ap ede yo byen ranpli responsablite yo. Yo ede pyonye yo vin pi efikas nan travay predikasyon an e yo kontan rankontre nouvo yo pou yo tande pwogrè espirityèl yo fè. Frè sa yo dispoze “travay ansanm avè [n] nan enterè nou”. (2 Korentyen 8:23). Nou dwe imite lafwa yo ak atachman yo gen pou Bondye. — Ebre 13:7.

      • Pou ki rezon siveyan sikonskripsyon yo vizite kongregasyon yo?

      • Ki sa w ka fè pou w byen pwofite vizit siveyan yo?

      CHÈCHE KONN PLIS

      Make dat pwochen vizit siveyan sikonskripsyon an nan kalandriye w, pou w ka la lè l ap bay diskou nan Sal Wayòm nan. Si w ta vle siveyan an oswa madanm li asiste etid ou nan semèn vizit la pou w ka pi byen konnen yo, di moun k ap fè etid ou a sa.

  • Ki sa n fè pou n ede frè nou yo lè gen katastwòf?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 18

      Ki sa n fè pou n ede frè nou yo lè gen katastwòf?

      Temwen Jewova yo k ap bay èd nan travay sekou nan Repiblik dominikèn.

      Repiblik dominikèn

      Moun k ap bay èd pou rekonstwi yon Sal Wayòm nan peyi Japon.

      Japon

      Yon Temwen Jewova k ap ankouraje yon moun apre yon katastwòf ann Ayiti.

      Ayiti

      Lè gen katastwòf, Temwen Jewova yo òganize yo byen vit pou yo pote frè ak sè ki nan pwoblèm yo sekou. Efò sa yo montre jan n gen lanmou toutbon youn pou lòt (Jan 13:34, 35; 1 Jan 3:17, 18). Ki sa n fè pou n ede yo?

      Nou bay lajan kòm ofrann. Nan premye syèk la, lè te gen yon gwo grangou nan Jide, kretyen ki t ap viv nan vil Antyòch yo te voye lajan pou frè ak sè yo (Travay 11:27-30). Menm jan an tou, lè n tande frè ak sè n yo nan lòt peyi gen gwo pwoblèm, nou bay ofrann nan kongregasyon nou e yo voye ofrann sa yo ale pou ede frè sa yo ki nan gwo bezwen. — 2 Korentyen 8:13-15.

      Nou ba yo èd nou yon fason ki pratik. Ansyen ki nan zòn ki gen katastwòf la chèche pran kontak ak chak moun ki nan kongregasyon yo pou yo asire yo tout moun la e yo an sekirite. Yo konn fòme yon komite sekou pou kowòdone travay k ap fèt yo, tankou distribye manje, bay moun dlo pou yo bwè, bay moun rad, bay moun kote pou yo rete. Epi yo ede moun jwenn swen medikal. Gen anpil Temwen ki pratike yon metye yo gen bezwen nan moman an ki pote yo volontè pou patisipe nan travay sekou a oswa ki ede nan travay reparasyon kay ak Sal Wayòm ki andomaje. Pou volontè sa yo deplase, se kòb yo yo itilize pou yo peye vwayaj yo. Lefètke nou gen inite nan òganizasyon an e nou gen anpil eksperyans paske nou abitye travay ansanm, sa fè n òganize nou byen vit lè gen katastwòf. Se vre, nou ede “moun ki fanmi nou nan lafwa”, men lè sa posib, nou ede lòt moun tou kèlkeswa relijyon yo. — Galat 6:10.

      Nou ba yo èd espirityèl ak konsolasyon. Se moun ki viktim anba katastwòf yo sitou ki bezwen konsolasyon. Nan moman sa yo, nou chèche jwenn fòs nan men Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”. (2 Korentyen 1:3, 4.) Nou kontan fè moun ki sanzespwa yo konnen pwomès ki nan Bib la, e n ede yo gen konfyans nan Wayòm Bondye a piske talè konsa li pral retire tout pwoblèm ki fè yo nan lapenn e ki lakòz y ap soufri. — Revelasyon 21:4.

      • Sa k fè Temwen Jewova yo ka aji byen vit lè gen katastwòf?

      • Ki vèsè nan Bib la nou ka itilize pou nou konsole moun yo?

  • Kiyès ki esklav fidèl ki prevwayan an?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 19

      Kiyès ki esklav fidèl ki prevwayan an?

      Jezi k ap pale ak disip li yo.
      Yon Temwen Jewova k ap etidye yon piblikasyon ki baze sou Bib la.

      Manje espirityèl nou an bon pou nou tout.

      De manm Kolèj Santral Temwen Jewova yo.

      Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te gen yon konvèsasyon ak kat nan disip li yo anpalan de Pyè, Jak, Jan ak Andre. Pandan Jezi t ap bay siy ki t ap fè konnen li prezan nan dènye jou yo, li te poze yon kesyon ki gen anpil enpòtans: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman?” ​(Matye 24:3, 45; Mak 13:3, 4). Jezi t ap bay disip li yo asirans, antanke “mèt” yo, li t ap gen pou l chwazi moun pou ba yo manje espirityèl nan tan lafen an. Ki moun ki t ap fè pati esklav sa a?

      Se yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl pami disip Jezi yo. Kolèj Santral Temwen Jewova yo sanble tèt koupe ak “esklav” sa a, paske l bay moun k ap sèvi Jewova menm jan avè l yo manje espirityèl nan bon moman. Nou depann de esklav fidèl la pou l kontinye ban nou “kantite pwovizyon [nou] bezwen nan moman apwopriye a”. — Lik 12:42.

      Li responsab kay Bondye a. (1 Timote 3:15). Jezi bay esklav la gwo responsablite pou l dirije travay k ap fèt nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a, pou l pran swen byen materyèl òganizasyon an. Li dirije travay predikasyon an e li anseye nou pa mwayen kongregasyon yo. Kidonk, pou “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou sa n bezwen nan bon moman an, li sèvi ak piblikasyon nou itilize nan travay predikasyon an ak ansèyman nou jwenn nan reyinyon yo ak nan asanble yo.

      Esklav la fidèl, sa vle di li atache ak verite ki nan Bib la e l preche bon nouvèl la fidèlman. Li prevwayan nan fason li pran swen byen Kris yo sou tè a e li fè sa avèk sajès (Travay 10:42). Jewova beni travay esklav la lè l fè plis moun vin nan kongregasyon an e l ede l bay pi plis manje espirityèl. — Ezayi 60:22; 65:13.

      • Kiyès Jezi te chwazi pou bay disip li yo manje espirityèl?

      • Nan ki sans esklav la fidèl e li prevwayan?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje