Fason pou nou ede moun ki poko pare pou etidye liv Sa Labib anseye a
1. Èske tout moun ap enterese nan liv Sa Labib anseye a premye fwa yo wè l? Esplike.
1 Pou yon moun ka vin yon sèvitè Jewova, li bezwen aprann konnen sa Labib anseye. Sepandan, gen kèk moun ki fè pati yon relijyon ki pa kretyen, e yo pa konsidere Bib la kòm Pawòl Bondye. Gen lòt menm ki pa kwè nan Bondye ditou, e yo pa gen okenn respè pou Bib la. Ki piblikasyon nou genyen ki kapab ede moun sa yo ki pa t enterese nan liv Sa Labib anseye a premye fwa yo te wè l? Sijesyon ki pi ba yo baze sou kòmantè kèk pwoklamatè ki soti nan anviwon 20 peyi.
2. Si yon moun di li pa kwè nan Bondye, ki sa nou dwe chèche konnen, e poukisa?
2 Moun ki pa kwè nan Bondye: Si yon moun di li pa kwè nan Bondye, l ap bon pou nou chèche konnen rezon ki fè sa. Èske se paske li kwè nan teyori evolisyon an? Èske l pèdi lafwa nan Bondye akoz li wè tout enjistis k ap fèt nan monn nan oswa akoz li wè ipokrizi ki gen nan relijyon yo? Èske se paske li soti nan yon peyi kote yo pa ankouraje moun kwè nan Bondye? Petèt moun nan pa di kareman Bondye pa egziste, men, li pa janm met nan tèt li li bezwen kwè nan Bondye. Gen anpil pwoklamatè ki wè, lè yo mande yon moun konsa ‘èske l te toujou panse konsa?’, sa fè moun nan esplike rezon ki fè l panse jan l panse a. Nou dwe koute moun nan san nou pa koupe pawòl nan bouch li. Lè nou rive konprann rezon ki fè moun nan pa kwè nan Bondye, se lè sa a n ap konnen fason pou nou reponn li e ki piblikasyon pou nou ofri l. — Pwo. 18:13.
3. Kòman nou ka montre nou gen respè pou moun n ap pale avè l e nou respekte sa li kwè a?
3 Lè n ap pale ak moun nan, nou dwe fè atansyon pou n pa fè moun nan santi li oblije defann sa l kwè a. Men yon sijesyon ki soti nan peyi Etazini: “Li enpòtan anpil pou nou respekte dwa chak moun genyen pou yo deside kwè nan sa yo vle. Olye pou n ap chèche gen rezon sou moun nan, l ap pi bon pou nou poze moun nan kesyon pou fè l reflechi epi pou l rive ak pwòp konklizyon pa l.” Apre yon siveyan itineran fin koute moun l ap pale avè l, byen souvan, li poze moun nan kesyon sa a: “Èske w te janm panse ak sa?” Epi li kontinye konvèsasyon an.
4. Kòman nou ka ede moun ki Boudis yo?
4 Anpil moun ki Boudis pa konnen Bondye. Gen kèk pwoklamatè nan peyi Grann Bretay ki renmen sèvi ak bwochi La paix et le bonheur durables: comment les trouver a lè y ap preche moun sa yo. Apre yo fin egzamine entwodiksyon bwochi a, yo fè yon ti pale sou pati ki gen tit: “Existe-t-il vraiment un Créateur Très-Haut?” Annapre, yo egzamine pati ki gen tit: “Un guide bénéfique pour tous les humains.” Apre sa, yo ka prezante moun nan liv Sa Labib anseye a epi yo di l: “Menmsi w pa kwè nan Bondye, li enpòtan pou w etidye Bib la paske l gen anpil konsèy k ap itil ou.” Men ki sa yon pyonye nan peyi Etazini, k ap sèvi nan tèritwa kote yo pale lang chinwa, fè konnen: “Anpil moun nan tèritwa nou an renmen li. Donk, byen souvan yo gentan li tout piblikasyon nou kite pou yo anvan nou tounen vizite yo. Men, yo ka pa konprann ki sa yon etid Labib ye. Se sa k fè, mwen renmen ofri yo bwochi Bon nouvèl la depi nan premye fwa mwen rankontre yo, paske yo ekri bwochi sa a yon fason pou ankouraje moun yo pale sou yon sijè nan Bib la.” Gen yon siveyan sikonskripsyon k ap sèvi nan yon sikonskripsyon Ozetazini kote moun yo pale lang chinwa ki fè konnen li posib pou pwoklamatè yo prezante liv Sa Labib anseye a depi premye fwa yo rankontre moun yo. Sepandan, li pi bon pou yo kòmanse yon etid nan chapit 2 ki pale sou Bib la, olye yo kòmanse nan chapit 1 ki pale sou Bondye.
5. Poukisa li enpòtan anpil pou nou gen pasyans?
5 Sa mande tan pou yon moun vin gen lafwa nan Bondye. Kidonk, nou bezwen gen anpil pasyans. Premye pale nou pale ak yon moun gen dwa pa pouse moun nan kwè gen yon Kreyatè. Men, petèt pi devan li ka rekonèt li kapab posib pou gen yon Kreyatè, oswa li ka di li konprann rezon ki fè yon moun ta dakò gen yon Kreyatè.
6. Ki sa k ka lakòz kèk moun pa enterese nan Bib la?
6 Moun ki pa twò enterese nan Bib la oswa ki pa fè Bib la konfyans: Byen souvan, gen moun ki dakò gen yon Bondye men, yo pa enterese nan sa Bib la anseye paske yo pa kwè Bib la se Pawòl Bondye. Petèt yon moun konsa ka ap viv nan yon peyi kote moun yo pa kretyen, e nan lespri l Bib la ak lakretyente mache ansanm. Oswa yon moun konsa ka ap viv nan yon peyi ki swadizan di yo se kretyen, e li ka panse Bib la pa gen okenn enpòtans pou li. Ki jan nou ka ede moun konsa vin enterese nan Bib la e, pi devan, pou yo aksepte etidye liv Sa Labib anseye a?
7. Byen souvan, ki pi bon fason nou ka fè yon moun enterese nan Bib la?
7 Men sa biwo filyal nan peyi Lagrès te ekri: “Pi bon fason pou nou ede yon moun ki pa enterese nan Bib la se annik ouvè Bib la epi montre moun nan sa k ladan l. Gen anpil pwoklamatè ki remake efè mesaj ki nan Bib la gen sou kè yon moun pi fò lontan pase sa yo te ka janm di moun nan (Ebre 4:12). Lè moun yo wè non Bondye nan Bib la, sa ede anpil nan yo vin enterese pou yo li Bib la.” Men sa biwo filyal nan peyi End te ekri: “Laverite sou lavi ak lanmò vrèman enterese anpil moun ki Endou. Yo enterese tou nan pwomès Bib la bay konsènan lè tè a ap tounen yon kote moun pap jije moun selon pozisyon yo genyen nan lavi a.” Lè pwoklamatè yo fè yon ti pale sou sa k ap trakase lespri moun yo, sa ba yo posiblite pou yo montre moun yo sa Bib la di konsènan Wayòm Bondye a ki pral rezoud pwoblèm yo.
8. Ki sa nou ka di yon moun ki mal wè Bib la akoz sa l wè moun yo nan Lakretyente ap fè?
8 Si yon moun mal wè Bib la akoz sa l wè moun yo nan lakretyente ap fè, nou dwe fè l konnen lakretyente pa pratike sa Bib la di e yo pa anseye sa k nan Bib la. Men sa biwo filyal nan peyi End te ekri: “Pafwa, nou bezwen ede moun yo konnen se pa Legliz yo ki mèt Bib la.” Selon filyal la, moun ki Endou yo konn sezi lè yo li seksyon 4 nan bwochi Quel est le but de la vie? Comment le découvrir? a ki pale sou fason Legliz yo eseye sal Pawòl Bondye a epi yo eseye detwi l. Men sa yon pyonye nan peyi Brezil konn di moun yo: “Poukisa w pa chèche konn plis sou sa k nan Bib la? Gen anpil moun ki dakò chèche konnen sa Bib la di san yo pa oblije vin fè pati yon relijyon. Ou ka sezi wè sa w ka aprann.”
9. Poukisa nou pa dwe bay legen si yon moun pa enterese nan sa Bib la anseye premye fwa nou pale avè l?
9 Jewova wè sa k nan kè chak moun (1 Sam. 16:7; Pwo. 21:2). Li atire moun ki gen kè sensè yo pou yo vin nan vrè adorasyon an (Jan 6:44). Anpil nan moun sa yo pa t janm tande pale de Bondye oswa yo pa konnen anpil bagay sou Bib la. Travay predikasyon an bay moun sa yo posiblite pou yo ‘sove e pou yo gen yon konesans egzak sou laverite’. (1 Tim. 2:4.) Kidonk, si gen kèk moun ki pa enterese nan sa Bib la anseye premye fwa nou pale avè yo, nou pa dwe bay legen! Sèvi ak youn nan piblikasyon nou genyen yo ki disponib nan lang nou pale a pou nou fè moun yo vin enterese nan Bib la. Pi devan, n ap kapab kondui etid la nan liv prensipal nou genyen pou fè etid biblik ak moun yo ki se liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.
[Kare nan paj 4]
Si yon moun di li pa kwè nan Bondye, sèvi ak sijesyon sa yo:
• Pou w ka rive konnen sa k fè moun nan pa kwè a, mande l: “Èske w te toujou panse konsa?”
• Si li se yon Boudis, sèvi ak bwochi La paix et le bonheur durables: comment les trouver a, nan paj 9-12.
• Si li kwè nan teyori evolisyon an, men kèk referans k ap ede nou:
Ribrik “Hasard ou conception?” ki parèt nan Réveillez-vous!
DVD Les merveilles de la création révèlent la gloire de Dieu
Seksyon 4 ki nan bwochi Une vie pleinement satisfaisante: comment?; Bwochi La vie a-t-elle été créée? a ak bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a.
• Si li pèdi lafwa nan Bondye akoz tout enjistis ak soufrans ki gen nan monn nan, men kèk referans ki ka ede nou:
Chapit 10 nan liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous? a.
Pati 6 ki nan bwochi Dieu se soucie-t-il vraiment de nous? ak seksyon 6 ki nan bwochi Quel est le but de la vie? a.
• Yonfwa moun nan rive dakò kapab gen yon Bondye, sèvi ak liv Sa Labib anseye a. Li ka pi bon pou nou kòmanse nan chapit 2 a oswa ak yon lòt sijè ki enterese moun nan.
[Kare nan paj 5]
Si yon moun di li pa kwè nan Bib la, sèvi ak sijesyon sa yo:
• Egzamine chapit 17 ak chapit 18 nan liv La vie: comment est-elle apparue? Évolution ou création? an ak moun nan.
• Pou moun ki Endou yo, sèvi ak bwochi: Pourquoi adorer Dieu en amour et en vérité?
• Pou moun ki Juif yo, sèvi ak bwochi: Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre? la, nan paj 3-11.
• Pale ak moun sou byenfè yo ka jwenn lè yo suiv prensip ki nan Bib la. Men kèk piblikasyon nou ka itilize pou nou montre yon moun jan Bib la gen enpòtans pou yo:
Ribrik “De l’aide pour les familles” ki parèt nan Réveillez-vous!
Videyo La Bible, une force dans votre vie.
Leson 9 ak leson 11 ki nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!; bwochi Un livre pour tous la, nan paj 22-26; seksyon 2 ki nan bwochi Une vie pleinement satisfaisante: comment?
Pou moun ki Boudis yo, sèvi ak bwochi: La voie qui mène à la paix et au bonheur la, nan paj 3-7.
Pou moun ki Mizilman yo, sèvi ak seksyon 3 ki nan bwochi La vraie foi: le chemin qui mène au bonheur.
Si n ap preche nan yon zòn kote moun yo mal wè Bib la, li ka pi bon pou n tann pou n fè plizyè vizit anvan nou di moun yo ki kote pawòl n ap pataje avèk yo a soti.
• Esplike moun yo kòman pwofesi ki nan Bib la te reyalize. Men kèk piblikasyon nou ka itilize:
Videyo La Bible. Un récit historique exact, des prophéties dignes de foi.
Bwochi Un livre pour tous la, nan paj 27-29.
• Yonfwa moun nan mande nou ki sa Bib la anseye sou kèk lòt sijè, sèvi ak liv Sa Labib anseye a.
[Kare nan paj 6]
Si yon moun di w: “Mwen pa kwè nan Bondye”, men sa w ka di l:
• “Èske w ka pèmèt mwen esplike ki sa k te fè m kwè gen yon Kreyatè?” Apre sa, pataje kèk pwen ou jwenn nan paj 72-74, liv Comment raisonner a avè l, oswa ou ka di moun nan w ap pote pou li yon piblikasyon ou te renmen li.
• “Men, si gen yon Bondye, kòman ou ta renmen l ye?” Pifò moun di yo ta renmen pwoche bò kote yon Bondye ki gen lanmou, ki gen jistis lakay li e ki gen mizèrikòd, yon Bondye ki pa nan patipri. Sèvi ak Bib la pou montre moun yo kalite Bondye genyen yo. (Li ka menm posib pou nou kòmanse ak paragraf 6 ki nan chapit 1 liv Sa Labib anseye a.)
Si yon moun di w: “Mwen pa kwè nan Bib la”, men sa w ka di l:
• “Gen anpil moun ki panse menm jan avè w. Gen kèk nan yo ki panse Bib la pa ann amoni ak sa syantifik yo di oswa prensip ki nan Bib la pa itil nou. Men, èske w te janm pran tan pou w li sa k nan Bib la? [Kite moun nan reponn. Apre sa, montre l entwodiksyon ki nan paj 3 bwochi Un livre pour tous la.] Gen anpil moun ki pa bay Bib la enpòtans paske moun nan relijyon yo pa pratike sa Bib la anseye. Pwochèn fwa m tounen, mwen ta renmen fè yon ti pale avè w sou egzanp ki nan paj 4 ak paj 5 lan.”
• “Gen anpil moun ki reflechi konsa. Èske m ka montre w yon bagay mwen te aprann nan Bib la ki te gen gwo efè sou mwen? [Li Jòb 26:7 oswa Izayi 40:22, ki montre Bib la egzat nan domèn syantifik.] Anplis de sa, Bib la gen bonjan konsèy pou ede fanmi yo. Pwochèn fwa m tounen, mwen ta renmen montre w youn nan konsèy sa yo.”
• “Mèsi lefètke ou fè m konn sa. Si Bondye te fè ekri yon liv pou limanite, ki sa w panse liv sa a ta gen ladan l?” Apre sa, montre moun nan yon vèsè nan Bib la ki dakò ak repons li bay la.