BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 26

      Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?

      Kèk Temwen Jewova nan peyi Estoni k ap netwaye Sal Wayòm yo a.

      Estoni

      Kèk Temwen Jewova nan peyi Zimbabwe k ap netwaye Sal Wayòm yo a.

      Zimbabwe

      Yon Temwen Jewova nan peyi Mongoli k ap fè reparasyon nan yon Sal Wayòm.

      Mongoli

      Yon Temwen Jewova nan peyi Pòtoriko k ap pentire yon Sal Wayòm.

      Pòtoriko

      Tout Sal Wayòm Temwen Jewova yo pote non Bondye ki sen. Se sa k fè, se yon privilèj nou genyen pou nou fè tout sa nou kapab pou Sal la rete pwòp, pou l prezantab e pou l rete an bon eta. Se yon travay ki enpòtan nan sèvis sakre n ap bay Jewova a e nou tout ka patisipe ladan l.

      Nou pote n volontè pou n netwaye Sal la apre reyinyon. Apre chak reyinyon, frè ak sè yo kontan fè yon ti netwayaj pou Sal la ka rete pwòp e pou l ka byen ranje. Yon fwa pa semèn, nou fè yon pi gwo netwayaj nan Sal la. Yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl ap kowòdone travay la. An jeneral, li suiv sa yo di nan yon lis ki gen tout travay yo dwe fè lè y ap netwaye Sal Wayòm nan. Selon bezwen an, nan kèk peyi, volontè yo ka pase aspiratè oubyen yo ka bale, yo ka pase mòp, siye, ranje chèz, netwaye twalèt epi dezenfekte yo. Yo ka lave fenèt, siye glas, jete fatra, oubyen netwaye mi Sal la ni anndan ni deyò. Yo ka netwaye lakou a tou. Omwen yon fwa chak ane, yo chwazi yon jou pou yo fè yon gwo netwayaj afon nan tout sal la nèt. Lè nou fè pitit nou patisipe nan kèk travay y ap fè nan Sal la, nou aprann yo respekte kote nou adore Jewova a. — Eklezyas 5:1.

      Nou bay kout men lè y ap repare Sal la. Chak ane, yo fè yon enspeksyon jeneral nan Sal Wayòm nan anndan kou deyò. Selon rezilta enspeksyon an, yo fè antretyen regilyèman nan Sal la pou l ka rete an bon eta. Sa fè yo evite fè depans ki pa nesesè (2 Kwonik 24:13; 34:10). Yon Sal Wayòm ki pwòp e ki an bon eta se yon kote ki diy pou n adore Bondye nou an. Lè n patisipe nan travay sa a, nou montre n renmen Jewova e n bay kote n adore l la anpil valè (Sòm 122:1). Epi, sa gen bon efè sou moun nan tèritwa a. — 2 Korentyen 6:3.

      • Poukisa nou pa dwe neglije kote nou adore Jewova a?

      • Ki dispozisyon yo pran pou Sal la ka toujou pwòp?

  • Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 27

      Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?

      Yon frè k ap itilize bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan.

      Izrayèl

      Yon Temwen Jewova k ap montre yon jèn kòman pou l fè rechèch.

      Repiblik tchèk

      Yon tifi k ap ekri non l sou liv kantik li a.

      Benen

      Yon mesye k ap sèvi ak Watchtower Library a pou l fè rechèch.

      Zile Kayiman

      Èske w ta renmen fè kèk rechèch k ap ede w gen plis konesans sou Bib la? Èske w ta renmen gen plis enfòmasyon sou yon vèsè nan Bib la, sou yon moun Bib la pale de li, sou yon kote Bib la site oswa yon bagay Bib la pale de li? Oubyen èske w konn mande tèt ou si Bib la ka ede w jwenn solisyon pou yon pwoblèm ou genyen? Si w reponn wi pou kesyon sa yo, nou envite w vizite bibliyotèk Sal Wayòm nan.

      Li gen bon zouti k ap ede nou fè rechèch. Tout piblikasyon Temwen Jewova yo baze sou Bib la. Petèt, ou pa gen tout piblikasyon ki disponib nan lang ou. Men, pifò nouvo piblikasyon nou yo nan bibliyotèk Sal Wayòm nan. Petèt, w ap jwenn divès tradiksyon Labib ladan l, yon bon diksyonè ak lòt liv ou ka itilize pou w fè rechèch. Ou ka itilize bibliyotèk la san pwoblèm ni anvan reyinyon yo ni apre. Si gen yon òdinatè nan bibliyotèk la, petèt yo enstale Watchtower Library a sou li, ki se yon pwogram enfòmatik ki gen anpil nan piblikasyon nou yo ladan l. Li fasil pou moun itilize l lè y ap fè rechèch sou yon mo, sou yon sijè oswa sou yon vèsè.

      Li itil elèv ki nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè. Ou ka itilize bibliyotèk ki nan Sal la pou w byen prepare patisipasyon w yo. Se siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ki responsab bibliyotèk la. Li veye pou bibliyotèk la gen piblikasyon ki fèk parèt yo ladan l e pou piblikasyon yo byen ranje. Siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a oubyen moun k ap etidye avè w la ka montre w ki jan pou w jwenn enfòmasyon w ap chèche yo. Sepandan, pèsonn pa dwe al lakay yo ak okenn liv nan bibliyotèk la. Epi, nòmalman, li bon pou n manyen liv yo ak anpil prekosyon, nou pa dwe ekri ladan yo ni fè okenn mak ladan yo.

      Pou n ka “vin aprann konn Bondye”, Bib la montre n dwe dispoze chèche l “tankou trezò ki kache”. (Pwovèb 2:1-5.) Bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan kapab ede w kòmanse chèche trezò sa a.

      • Ki zouti pou n fè rechèch ki nan bibliyotèk Sal la?

      • Ki moun ki ka ede w pi byen itilize bibliyotèk ki nan Sal la?

      CHÈCHE KONN PLIS

      Si w ta vle kòmanse fè bibliyotèk pa w, gade ki piblikasyon ki disponib nan stann piblikasyon an. Moun k ap fè etid ou a ka ede w wè ki piblikasyon w ap bezwen genyen anvan.

  • Ki sa n ap jwenn sou sit Entènèt nou an?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 28

      Ki sa n ap jwenn sou sit Entènèt nou an?

      Yon dam k ap fè rechèch sou laptòp li.

      Lafrans

      Yon fanmi k ap itilize yon òdinatè.

      Polòy

      Yon dam k ap gade yon videyo lang siy sou Entènèt.

      Larisi

      Jezi Kris te di disip li yo: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” ​(Matye 5:16). Pou n ka fè limyè n briye, nou byen sèvi ak teknoloji jodi a, san wete Entènèt. Sit jw.org la se sit ofisyèl Temwen Jewova yo e se moun ka al sou li pou yo jwenn enfòmasyon sou kwayans nou ak aktivite nou. Ki sa k gen sou sit sa a?

      Repons Bib la bay pou kèk nan kesyon moun plis poze yo. N ap jwenn repons pou kèk nan kesyon ki pi enpòtan moun konn poze. Feyè Eske soufrans ap janm fini? an ak feyè Èske moun mouri ka leve vre? a, ki disponib nan plis pase 600 lang sou sit la, ka ede nou. Epi, n ap jwenn Tradiksyon monn nouvo a nan plis pase 130 lang ak yon pakèt piblikasyon nou konn itilize pou n etidye Labib ak moun yo, tankou liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ak atik Toudegad ak Réveillez-vous! pou mwa a. Nou ka li enfòmasyon sa yo sou sit la oubyen koute yo. Nou ka telechaje yo sou fòma popilè tankou MP3, PDF oubyen EPUB. Nou ka menm enprime kèk paj enfòmasyon pou moun ki enterese a nan lang li pale a. N ap jwenn videyo pou kèk piblikasyon nan divès lang siy, e n ka telechaje lekti Labib ki sou fòm dram, telechaje dram biblik yo ak bèl mizik pou n koute nan tan lib nou.

      N ap jwenn enfòmasyon ki egzak sou Temwen Jewova yo. Sit la gen dènye enfòmasyon ak kèk ti videyo ki pale sou travay predikasyon n ap fè sou tout tè a, enfòmasyon ki pi resan sou kèk evènman ki afekte Temwen Jewova yo ak kèk detay sou travay sekou nou òganize yo. N ap jwenn dat pwochen kongrè yo, kote y ap fèt ak enfòmasyon k ap ede n kontakte biwo filyal nou yo.

      Zouti sa yo ede n fè limyè verite a briye nan pati ki pi lwen sou tè a. Moun nan tout kontinan, san wete kontinan Antatik la, rive pwofite sit nou an tou. N ap priye pou “pawòl Jewova a ka kontinye gaye byen vit” sou tout tè a, pou glwa Bondye. — 2 Tesalonisyen 3:1.

      • Ki jan sit jw.org la ede plis moun aprann verite ki nan Bib la?

      • Ki sa w ta renmen gade sou sit Entènèt nou an?

      ATANSYON:

      Gen kèk sit Entènèt se moun ki opoze ak nou ki fè yo pou yo ka bay manti sou òganizasyon nou an. Yo fè sa pou anpeche moun vin sèvi Jewova. Nou dwe evite sit sa yo. — Sòm 1:1; 26:4; Women 16:17.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje