LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Nou gen privilèj pou n bati lokal pou n pratike vrè adorasyon an e pou n fè antretyen ladan yo
Pou yo te konstwi tanp Izrayèl la, sa te mande anpil travay ak anpil depans. Sepandan, Izrayelit yo te soutni pwojè a avèk zèl (1Kw 29:2-9; 2Kw 6:7, 8). Apre Izrayelit yo te fin konstwi tanp lan, fason yo t ap pran swen l t ap montre si wi ou non yo se moun ki espirityèl (2Wa 22:3-6; 2Kw 28:24; 29:3). Jodi a, kretyen yo bay tan yo ak fòs yo pou yo konstwi Sal Wayòm ak Sal asanble e pou yo fè netwayaj ak antretyen ladan yo. Sepandan, lè nou travay ak Jewova nan fason sa a, se yon gwo privilèj nou genyen e sa fè pati sèvis sakre n ap ba li a. — Sm 127:1; Re 7:15.
NOU KA BAY KOUT MEN PA NOU...
Lè nou netwaye Sal la apre chak reyinyon. Si sitiyasyon nou fè nou gen limit nan sa nou ka fè, avèk jantiyès, kite zòn nou chita a pwòp.
Lè nou patisipe regilyèman nan netwayaj ak antretyen Sal Wayòm nan. Men anpil chay pa lou. — lv 92-93 § 18.
Lè nou bay èd nou nan domèn finansye. Menm yon kontribisyon “de ti pyès monnen” nou bay ak tout kè nou fè Jewova plezi. — Mk 12:41-44.
Lè nou ofri tèt nou kòm volontè pou n ede yo konstwi lokal pou n pratike vrè adorasyon an e pou n ede yo renove yo, si sitiyasyon nou pèmèt nou fè sa. Nou pa bezwen gen eksperyans nan konstriksyon pou n patisipe nan travay sa yo.