Kantik 6
Priyè yon sèvitè Bondye fè
Édition imprimée
1. O bon Papa k’ap viv nan syèl la,
Se pou lèzòm louwe non’w isiba.
Ou gen pitye pou nou, ou fidèl,
Bonte’w touchan e li etènèl.
Li touchan, li etènèl.
Ou gen pitye, ou fidèl.
2. Ede’n mache nan laverite.
Ban’n fòs pou’n fè volonte’w, o Bondye.
Kòmandman’w yo nou vle obeyi,
N’ap ede mouton’w yo jwenn lavi.
N’ap ede yo jwenn lavi,
Kòmandman’w n’ap obeyi.
3. Ban nou sajès, tanpri, Papa nou.
Ede nou gen konpasyon ak lanmou
Pou’n demontre lanmou ak pitye,
Pou’n ede moun konnen’w, o Bondye.
Pou’n ede yo, o Bondye,
Fò’n gen lanmou ak pitye.
(Gade tou Sòm 143:10; Jan 21:15-17; Jak 1:5.)