TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 74-78
Sonje aksyon Jewova fè yo
Li enpòtan anpil pou n medite sou bon bagay Jewova fè yo
Meditasyon ede nou byen konprann sa nou li nan Pawòl Bondye a e li ede n vin plis apresye manje espirityèl la ak tout kè nou
Lè n pran tan pou n reflechi sou Jewova, sa ede n sonje aksyon estrawòdinè li fè yo ak esperans li ban nou an
Pami aksyon Jewova fè yo, gen bagay sa yo:
Kreyasyon an
Plis nou aprann sou kreyasyon an, se plis nou gen lakrentif pou Jewova
Frè ki nome nan kongregasyon an
Nou ta dwe soumèt devan moun Jewova nome pou pran latèt yo
Aksyon l fè pou l bay delivrans yo
Lè n sonje aksyon Jewova fè pou l bay delivrans yo, sa fè n gen plis lafwa li vle pran swen sèvitè l yo e li kapab fè sa