-
Fason Jewova reponn yon priyè sensèToudegad — 2008 | 15 oktòb
-
-
17. Devan ki sitiyasyon kritik lèzòm ye jodi a, e ki pawòl nou pral sonje talè konsa ?
17 Byennantandi, nou konnen opozan yo ap kontinye pèsekite nou. Menmsi sa, nou kontinye preche bon nouvèl la. Nou menm preche moun ki opoze ak nou yo (Mat. 24:14, 21). Jodi a, yo gen okazyon pou yo repanti e pou yo sove, men, sa pap dire twò lontan ankò. Sangtifikasyon non Jewova pi enpòtan lontan pase delivrans lèzòm. (Li Ezekyèl 38:23.) Lè tout nasyon yo sou tè a gen pou yo met tèt yo ansanm pou yo eseye detwi pèp Bondye a, jan Labib predi sa, n ap sonje pawòl salmis la te di nan priyè l te fè a : “ Se pou yo wont se pou yo twouble pou toutan, e se pou yo santi yo imilye e se pou yo peri. ” — Sòm 83:17, NW.
18, 19. a) Ki sa k ap ret tann moun ki rete opoze ak souvrènte Jewova ? b) Ki jan w santi w lefètke Jewova pa lwen jistifye souvrènte l yon dènye fwa ?
18 Moun ki rete opoze ak souvrènte Jewova ap fini nan lawont. Dapre Pawòl Bondye a, “ moun ki p’ap mache dapre bon nouvèl la ” e k ap peri nan Amagedòn poutèt sa ‘ ap disparèt pou toutan ’. (2 Tes. 1:7-9.) Moun sa yo pral detwi, men, adoratè Jewova yo k ap adore l avèk laverite pral sove. Aksyon sa yo ap montre toutbonvre se Jewova ki sèl vrè Dye a. Nan monn nouvo a, moun pap bliye gwo viktwa sa a. Moun ki “ leve soti vivan nan lanmò ” yo pral tande pale de gwo aksyon sa a Jewova pral fè a (Tra. 24:15). Nan monn nouvo a, yo pral wè jan li saj pou yon moun aksepte soumèt li devan souvrènte Jewova. Pami moun ki resisite yo, sa ki enb yo ap konprann byen vit Jewova se sèl vrè Dye a.
-
-
“ Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an ”Toudegad — 2008 | 15 oktòb
-
-
“ Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an ”
Se Nicholas, moun vil Cusa, ki te di pawòl sa yo nan yon sèmon li te bay nan ane 1430a. Se yon mesye ki te enterese nan anpil bagay. Pa egzanp, li te etidye Grèk, Ebre, filozofi, teyoloji, matematik ak astwonomi. Lè l te gen 22 an, li te vin gen yon doktora nan lwa ki gen nan legliz katolik women an. Nan ane 1448, yo te nome l kadinal.
Gen anviwon 550 an depi Nicholas Cusa te fonde yon mezon retrèt pou granmoun nan vil Kues. Vil sa a rele Bernkastel-Kues kounye a. Li twouve l nan yon distans anviwon 130 km nan sid vil Bonn, ann Almay. Aktyèlman, se bibliyotèk Cusa a ki nan kay sa a. Li gen 310 maniskri ladan l. Youn nan maniskri sa yo rele Kodèks Cusanus 220. Se ladan l nou jwenn sèmon Nicholas Cusa te fè nan ane 1430 lan. Nan sèmon sa a ki rele In principio erat verbum (Okòmansman Pawòl la te la), Nicholas Cusa sèvi ak Iehoua ki se fòm laten non Jewova ab. Nan paj 56 la, nou jwenn fraz nou pral site la a ki gen rapò ak non Bondye : “ Se Bondye ki bay tèt li non an. Se Tetragram nan, sètadi kat lèt ki reprezante non Bondye a [...]. Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an. ” Non Bondye parèt nan tèks orijinal Ekriti ebrayik yo. Deklarasyon Nicholas Cusa te fè a tonbe daplon ak sa. — Egz. 6:3.
Kodèks sa a, ki la depi nan kòmansman 15yèm syèk la, se youn nan dokiman ki pi ansyen ki egziste kote yo mete “ Iehoua ” pou yo tradui Tetragram nan. Se yon prèv anplis ki montre pandan plizyè syèk, pifò moun ki t ap tradui non Bondye te itilize diferan fòm non an ki sanble ak mo “ Jewova ” a.
-