BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 18 p. 143-p. 144 par. 4
  • Sèvi ak Bib la pou w reponn

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi ak Bib la pou w reponn
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Byen aplike vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sèvi ak Pawòl Bondye a pou w ede tèt ou ak lòt moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Pawòl Bondye a [...] pisan”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Bay bonjan prèv
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 18 p. 143-p. 144 par. 4

LESON 18

Sèvi ak Bib la pou w reponn

Ki sa pou w fè?

Byen sèvi ak Bib la pou w reponn kesyon moun poze w, olye w bay opinyon pa w.

Poukisa sa enpòtan?

Nou gen misyon pou nou “preche pawòl la”. Jezi kite yon egzanp pou nou nan sans sa a. Li te di: “Bagay mwen di nou yo, mwen pa di yo selon mwen menm.” — 2 Tim. 4:2; Jan 14:10.

LÈ YO poze nou kesyon sou kwayans nou, sou konduit nou, sou pwennvi nou anrapò ak evènman k ap pase yo, sou esperans nou pou lavni, nou fè efò pou nou sèvi ak Bib la pou nou reponn. Poukisa? Paske li se Pawòl Bondye. Se nan Bib la kwayans nou yo soti. Se Bib la ki di nou ki konduit nou dwe genyen. Se li ki enfliyanse pwennvi nou sou evènman k ap pase nan monn nan. Esperans nou genyen pou lavni an chita byen fèm sou pwofesi Bondye te enspire ki nan Bib la. — 2 Tim. 3:16, 17.

Se Temwen Jewova nou ye. Nou byen konnen ki responsablite nou genyen lefètke nou pote non sa a (Iza. 43:12). Se sa k fè nou pa reponn kesyon moun yo poze nou selon filozofi lèzòm, men nou reponn yo selon sa Jewova di nan Pawòl li li enspire a. Se vre, nou chak gen opinyon nou sou yon seri kesyon, men nou kite Pawòl Bondye a enfliyanse pwennvi nou paske nou gen fèm konviksyon li se laverite. Natirèlman, Labib ban nou posiblite pou nou gen preferans pa nou nan anpil domèn. Olye nou fòse lòt moun pou yo aksepte preferans nou, nou vle anseye yo prensip ki gen nan Bib la pito. Konsa, nou ba yo posiblite pou yo byen pwofite libète yo genyen pou yo chwazi a, menm jan avèk nou. Menm jan ak apot Pòl, nou kite pou se ‘lafwa moun yo demontre’ ki pouse yo obeyi. — Wom. 16:26.

Nan Revelasyon 3:14, yo pale de Jezi Kris kòm “temwen fidèl la, temwen veridik la”. Ki jan li te reponn kesyon moun te konn poze l e ki jan l te jere yon seri sitiyasyon? Pafwa, li te konn sèvi ak egzanp ki te fè moun yo reflechi. Pafwa tou, li te konn mande moun ki poze kesyon an ki jan l konprann yon pasaj nan Ekriti yo. Souvan, li te konn site kèk pasaj nan Ekriti yo, li te konn di sa yo di avèk mo pa l, oswa li te konn fè referans ak yo yon fason endirèk (Mat. 4:3-10; 12:1-8; Lik 10:25-28; 17:32). Nan premye syèk la, an jeneral, se nan sinagòg yo yo te konn kenbe woulo Ekriti yo. Pa gen okenn prèv ki montre Jezi te gen woulo pa l, men li te konnen Ekriti yo byen e li te fè referans souvan avè yo lè l t ap anseye lòt moun (Lik 24:27, 44-47). Li te gen rezon lè l te di sa l ap anseye yo se pa selon li menm li anseye yo. Li te konn di sa li te tande nan bouch Papa l. — Jan 8:26.

Dezi pa nou se suiv egzanp Jezi. Nou pa tande Bondye k ap pale, tankou Jezi te tande l la. Men, Labib se Pawòl Bondye. Lè se avè l nou sèvi pou nou reponn kesyon, nou pa atire atansyon sou nou menm. Olye pou n ap repete sa lòt moun enpafè panse, nou pran fèm detèminasyon pou nou kite se Bondye ki di nou sa ki verite. — Jan 7:18; Wom. 3:4.

Anfèt, dezi nou se pa sèlman sèvi ak Bib la, men se sèvi avè l yon fason k ap fè yon moun k ap koute nou jwenn plis byenfè. Nou vle l koute nou ak yon bon etadespri. Selon atitid moun nan, ou ka entwodui panse ou pral prezante l ki nan Bib la konsa: “Èske w pa dakò sa Bondye di se sa ki pi enpòtan?” Oswa ou ka di l: “Èske w konnen Labib pale sou kesyon sa a?” Si w ap pale avèk yon moun ki pa gen respè pou Bib la, ou ka bezwen sèvi ak yon entwodiksyon ki yon ti jan diferan. Ou ka di l: “Kite m montre w sa yon pwofesi yo te bay nan tan lontan di.” Oswa ou ka di l: “Men sa liv yo plis distribye nan listwa a di sou kesyon sa a...”

Nan kèk ka, ou ka tou senpleman chwazi di sa yon vèsè di avèk mo pa w. Men, lè sa posib, li pi bon pou w ouvri Bib la e pou w li sa l di. Montre moun nan sa vèsè a di nan pwòp bib pa l, si sa posib. Souvan, fason dirèk sa a nou sèvi ak Bib la gen yon gwo efè sou moun yo. — Ebre 4:12.

Ansyen yo nan kongregasyon an gen yon responsablite espesyal pou yo sèvi ak Bib la lè y ap reponn kesyon. Youn nan kapasite pou yon frè genyen pou l sèvi kòm ansyen se “rete kole sou pawòl ki fidèl la nan fason l ap anseye”. (Tit 1:9.) Yon manm kongregasyon an ka pran yon desizyon serye nan lavi l apre yon ansyen fin ba l yon konsèy. Donk, sa vrèman enpòtan pou konsèy sa a te byen chita sou Bib la! Lè ansyen yo bay bon egzanp nan kesyon sèvi ak Bib la lè y ap anseye, sa ka gen yon enfliyans sou fason anpil lòt moun nan kongregasyon an anseye.

FASON POU W VIN PI MATON

  • Li Labib chak jou. Suiv yon bon pwogram etid pèsonèl.

  • Pran abitid mete yon vèsè nan kòmantè w ap fè nan reyinyon kongregasyon an.

  • Lè yo poze w yon kesyon oswa lè w ap fè fas ak yon sitiyasyon, anvan w reponn oswa anvan w pran yon desizyon, toujou mande tèt ou: ‘Ki sa Labib di sou sa?’

  • Si w pa konnen sa Bib la di sou yon kesyon yon moun poze w, pa fè devinèt, ni pa bay opinyon pa w. Di moun nan ou pral fè rechèch sou sa.

EGZÈSIS: Ekri youn oswa de kesyon yo te poze w: 1) nan predikasyon, 2) sou yon enfòmasyon yo fèk bay nan nouvèl e 3) sou kesyon patisipe nan yon aktivite popilè. Pou chak kesyon, chwazi omwen yon vèsè apwopriye ou ka itilize pou w reponn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje